NAP PEYE KONSEKANS VYE DESIZYON KRAZE LAME, CHÈF SEKSYON AK POLITIK FLATE GANG.-
Nan yon peyi kote gen +60% moun nan chomaj, si w pagen travay pou akeyi yo rapid, si’w kite yo nan laria chak jou, w bezwen gwo fòs pou dekouraje bandi. Kategori sosyal Haiti ki bay jenn ki nan gang jodia te konn bay jenn pou milisyen VSN oubyen Lame d’Haiti. Si nan tan lontan Duvalier te bay yo zam ouvètman pou sekirite pouvwa’l, depi 1986 n’ap itilize menm moun sa yo anba chal ak ipokrizi demokrasi. Men se tradisyon peyi sa pou pitit mas pòv yo anbrigade nan gwoup vyolans. Aristide te al nan rasanbleman Lame wouj Site Solèy, chak kanpay politik, kandida ap bay bandi yo akolad, Boulos MTV rele yo ajan devlopman, kòmesan itilize yo pou jere biznis yo, kraze biznis lòt moun oubyen touye yo, elatriye. Men lè’w byen gade, se toujou menm bagay la. Sèl diferans lan, avan ipokrizi demokrasi-a, yo te mete yo nan gwoup ki kontwole pa Leta; yo te gen yon chèf sou tèt yo. Jodia yo lage yo nan lari, yap kritike yo nan radyo, pandan yap bay yo zam, yap itilize yo pou regle zafè yo. Swivan tradisyon peyi d'#Haiti, gwoup moun kap fè vyolans egziste depi avan lendepandans. Toussaint Louverture te oblije konbat band ak zam pou kreye inite epi chache lendepandans. Pou’l te fè sa, li te itilize Lame endijèn, yon enstitisyon li te kreye ak anpil disiplin pou retire nwa yo nan koze ti bann oubyen gang ame. Apre lendepandans, Haiti te gen Lame sa kite toujou jwe wòl mete dlo nan diven tout ti gwoup nèg ak zam kap vyole lalwa. Men, an 1994, ki sa yo fè apre meriken finn mennen Aristide retounen sou pouvwa : yo kraze Lame. Epi, tout swit apre yo ranplase yo pa yon bann gwoup gang. Paske enstitisyon kite fè yo poze-a kraze, ekilib la pa egziste ankò. Se konsa te vin gen "Lame Wouj", "Lame Ti Manchèt", "Lame Dòmi nan bwa", “Lame Kanibal”, elatriye. Men nan tout listwa peyi-a se politisyen ak boujazi salòp la ki toujou ap kreye gwoup sa yo paske yo bezwen sèvis yo. Maten an map reflechi sou pwoblèm sa epi mwen al gade nan liv “La guerre hors limites”, ke 2 ofisye chinwa ekri kote yo eksplike kòman si w bay tèt w yon objektif ki enposib, wap echwe. Si w fikse objektif san-limit ak mwayen limite wap echwe. Nan sans sa lè nou byen gade ke bagay gwoup ame sa yo se reyalite istorik ki enskri nan kilti ak mantalite sosyete sa menm, paske nou se yon pèp gèrye ki renmen jwe wòl Chèf, ki renmen zam, ki renmen lagè, nou sanlè paka atenn objektif sa. Paske menm nan relijyon majorite nasyonal la kise vodou, nan chan seremoni vodou yo, wap jwen yon bann reprezantasyon lame, jeneral, kòmandan lagè, nou toujou nan yon batay… lè yo mande nou kòman nou ye nou reponn “Nap lite”. Chaje sosyete sekrèt ki chita sou tradisyon lagè depi nan Guinen. Epi tou, mwen re-gade liv “The accidental Guerrilla” nan kad yon apwòch global. Mwen reyalize ke Kolonèl David Kilcullen ki ekri liv sa, eksplike klèman kòman nan yon sosyete, responsab yo dwe toujou ap evalye ki kantite moun ki jenn epi ki pap travay, ki pagen okenn lyen sosyal, ki pa fè pati de okenn enstitisyon responsab pou ankadre yo, ede yo kontinye gen ideyal, gwo rèv ak lespwa. Tout gwoup jenn sa yo se potansyèl solda pou lamafia, pou gwoup kriminèl, pwostitisyon, krim oganize, oubyen vyolans politik tankou geriya. Kidonk, etandone w gen yon peyi kote pati politik pa jwe wòl ankadreman jenn yo, lè eleksyon fini, menm si pati jenn yo tap sipòte a t'a rive pran pouvwa, yo abandone yo. Leta manke mete presyon sou paran, sitou papa yo pou okipe epi ankadre timoun yo fè. Lontan Leta te gen izin pou anplwaye moun, Préval INITE/LESPWA privatize tout. Gen lòt ki paka reziste fas a konpetisyon entènasyonal. Anyen pa fèt pou pwoteje mache aysyen, dirijan yo aksepte Dominiken vin vann tout bagay an Haiti, pandan yo anpeche antrepriz ki an Haiti vann lakay yo. Jodia menm lè gouvènman ak bank fè pwogram pou finanse pwojè envestisman pou jenn ki pi entelijan yo, e jenn ki pa entelijan yo, ki pa fè gwo etid yo? Nou panse ak rezo sosyo ki tout kote, jenn sa yo pa wè jan moun ap viv nan lòt peyi? Reyalite-a, yo konprann tout sa yo te dwe genyen eke yo pa genyen; yo wè tout sa yo bezwen, kidonk anvi ak anbisyon yo vin gwo anpil. Alos, Ki moun kap ankadre jenn sa yo? Ki altènativ nou panse pou yo? An 2017, lè prezidan Jovenel te fenk monte mwen te fè yon kanpay anfavè kreyasyon yon “Ministè Travay” pou jere koze chomaj nan peyi-a. Men, yo pa’t koute’m. Se menm jan mwen te di yo "Atansyon pa abandone bidonvil yo”. Jeneralman se lè pouvwa an difikilte yo fè yon ti tande’m. Apre sa yo toujou kite yon bann moun kenbe yo nan micro-gestion jiskaske yo pedi apwoch global ki pou ta ede yo pran desizyon stratejik. Men, lè w gen yon peyi ak tout jenn sa yo ki chita pap fè anyen, se yon gwo malè pandye. Yon menas menm. Se pou rezon sa mwen te ekri mande devlopman aktivite transpò bato pou komès, touris oubyen ravitayman. Tout peyi nan zòn nan gen “marine” pou lapèch, “marine” pou komès, “marine” touris ki pèmet yo anplwaye anpil jenn. Men ki sa nou fè : Anplis ke nan kad ipokrizi-demokrasi nou paka aksepte gwoup milisyen, malgre nou pagen travay pou akeyi tout jenn sa yo, nou kraze Lame a kite yon gwoup ki akeyi yon pati nan jenn yo. Nou selman gade aspè politik pwoblèm l’an. Nou pa gade aspè pwomosyon sosyal la, paske Lame te ede yon bann peyizan ak mas pòv nan Bidonvil yo evolye nan sosyete-a. Sa ki enpòtan an Lame te sèvi kòm fòs pou kalme jenn ki nan gang yo. Ak tout nou fè PNH, politik lakòz ke li pa janm ka atenn nivo li. Epi tou, sou pwen sa, Lame jwe wòl "anbrigade jenn yo” pi byen pase lapolis. Paske Lame se yon kò ki gen yon chenn kòmandman strik, ak yerachi sèvè…li gen tou yon sistèm kazèn kote yo regwoupe yo epi tou li gen yon kapasite pou deplwaye an mas ak anpil moun epi fè tout bandi pè reyaji. Lapolis paka fè sa. Se yon enstitisyon ki fonksyone ak yon seri ti inite Mobil. Li paka fè “effet de masse”. Anplis de sa, w gen yon bann kriz ekonomik entènasyonal kap kreye mizè nan mond lan ak anpil enpak sou tout peyi. Se nan konteks sa tout jenn sa yo rete la, chita nan lari-a ap gade moun kap byen mennen, oubyen gade sou facebook diaspora kap byen mennen, atis rap ameriken ki gen bel machin, bel fanm, bèl vila, elatriye. Menm lè yon bann nan yo ale Chili, Brezil, Saint-Domingue, yo pa fouti jwenn dokiman Leta aysyen tankou "Casier judiciaire" pou benefisye avantaj yap bay. Aloske nan eta peyi-a ye la, se yon sèvis yo rann nou lè yo ale lòt kote epi voye kòb transfè lakay. Si nou pa gen yon politik pou jere sa ki rete yo, nou panse nap janm ka retabli lape ak sekirite nan peyi sa? Delenkans jenn se baz ensekirite ak devlopman gang nap gade an Haiti. Sa map eksplike la pa vle di gouvènman ki la pagen responsabilite nan fason li mal jere sitiyasyon sa ke politisyen, boujwa ak lòt moun ap itilize. Nou vle di sèlman ke dwe gen yon politik global pou jere pwoblèm sa. Mwen menm, Cyrus Sibert pa janm dakò ak moun kap itilize pwoblèm ekonomik oubyen sosyal nan lavi pou jistifye krim gang ap fè nan okenn peyi. Paske gen anpil lòt jenn ki an majorite prefere soufri tan pou yo fè vye bagay. Li klè ke dwe gen “operasyon mache pran” pou bandi sispann fè lalwa nan peyi sa. Otorite paka nan griyen dan ak gang. Men nou dwe konsidere aspè global pwoblèm sa tou. Lontan, kafou te gen “Corps Lamantin, FADH”, Delmas 2/Sans-fil te gen “ Corps du Génie militaire”, te gen “Corps des Léopards ak Engins Lours” nan akademi, nou pa menm bezwen pale de “Casernes Dessalines” ak tout inite taktik ak konpayi sekirite enteryè yo. Alòs, nou panse bandi tap ka fè tout vyolans sa yo si Corps militè sa yo te toujou la? Nou pa wè ki kantite solda MINUSTAH te deplwoye an Haiti? Nou wè Dominiken kraze Lame lakay yo? Sa pa anpeche yo gen lapolis, milisyen ak atache. Ni yo pa kite oganizasyon dwa zimen anmède ni destabilize Lame ak Lapolis lakay yo. Jan Haiti ye, jeografi li, istwa li ak kilti li mande anpil fòs Lame, “police rurale” Chef seksyon, atache, elatriye. Se reyalite istorik, sosyal ak geopolitik nou. Se sa ki fè lè meriken tap vini Haiti yo te voye anpil solda ak ekipman, lè MINUSTAH ap ranplase’l, ONU voye anpil solda ak anpil ekipman tou. Nou kite yon bann ti zuzu nan Port-au-Prince kraze enstitisyon yo, banou yon konstitisyon pèpè, yo pase tout tan yo nan radyo ap kritike Lame ak Lapolis paske yon bann nan yo gen foli kominis oubyen sosyalis…aloske lè w gade nan mond sa pagen okenn peyi kominis ni sosyalis ki pagen anpil fòs sekirite ak lame : Cuba, Chine, Koree du Nord, peyi Scandinave yo, Canada, tout gen gwo dispozitif sekirite. Nan chita ranse ak peyi d’Haiti, yo lage nou nan tchouboum. Yo kraze bagay yo san yo pa gade wòl yo jwe. Jodia nap peye konsekans vye desizyon sa yo. Paske reyalite a, nan yon peyi kote gen plis pase 60% moun nan chomaj; yon peyi ki gen anpil mòn tankou Haiti kote gen tradisyon batay nan mantalite ak nan kilti pèp la, si w pagen travay pou akeyi pil jenn kap kite lekol chak ane yo rapid, w bezwen gwo fòs pou dekouraje bandi fè vyolans. Epi tou sekirite se premye kondisyon pou gen envestisman ak devlopman ekonomik. Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haïti reseaucitadelle@yahoo.fr @reseaucitadelle WhatsApp : +509 3686 9669 6 jen 2021 https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1401726082206900236?s=21
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire