mercredi 30 novembre 2022

Ann bay Dominiken yo vag !!! CARICOM, MEXIQUE... chaje lòt kote pou’n fè komès oubyen ale nan univèsite !!! (Text Cyrus Sibert)

Sitwayen Wanament fèmen Pon ak mache sou fwontyè 

Aysyen paka kontinye ap sibi move trètman rasis nan men dominiken. Nou paka nan vyolans menmjan prezidan Abinader ap fè’l sou pèp nou. Solisyon an se chache lòt peyi pou nou fè komès ak voye pitit nou nan inivèsite si yo paka rete Ayiti epi an atandan nou devlope peyi nou. Nou paka voye fanmi nou, pitit nou nan yo peyi kote radyo, televizyon, dirijan politik, palmantè e menm prezidan ap denigre yo jiska ankouraje manifestasyon ak vyolans kont yo menmjan sa te konn fèt kont pèp jwif la an ewòp. Nou pa dwe bliye koman bagay sa te mennen jis nan masak plizyè milyon jwif pa Hitler. 

E konparezon sa pa egzajere : Paske lè w byen gade, rasis dominiken yo kreye fo konplo pou fè pèp yo kwè ke aysyen ki vini nan peyi yo gen yon Pwojè pou anvayi peyi yo. Se menm bagay la yo te fè jwif yo. Akize yo di yo gen pwojè pou pran kontwol peyi kote yo te refijye. Nan yon liv pwopagann yo rele « Protocoles des Sages de Sion » rasis xenophob anti-jwif yo te pale de yon KOMPLO JWIF, menm jan dominiken ap pale de KONPLO AYSYEN pou pran peyi yo. Yon bagay ki pa egziste. 

Tout moun konnen ke aysyen pagen okenn anvi ni okenn kapasite pou anvayi Repiblik Dominiken. Se plis yo kote nou refijye. E se konsa sa te ye depi nan tan lesklav kote mòn Bahoruco ( Baoruco) te toujou sèvi refij pou esklav endyan ak esklav nwa ki nan mawon. Dayè menm pandan 22 lane okipasyon Broyer a, aysyen kite pi plis sou zile a pa’t janm renmen al rete Sendomeng, sinon yo t’a peple tout teritwa sa e dominiken patap janm ka rive gen yon peyi jodia. Kote aysyen ki pa menm ka chita ansanm pou dirije peyi yo, kapab konstri yon pwojè pou anvayi Repiblik Dominiken?

Menas rasis dominiken, pwopagann manti yap fè kont aysyen dwe fè nou devlope relasyon ak lòt peyi.
Pa egzanp, Ayiti se manb CARICOM. Tan nap depanse pil lajan Sendomeng, ann voye piti nou nan Univesite West Indies kote yap aprann lan anglè. Peyi Karayib yo se majorite moun nwa ki fyè de orijin yo. Se pa menm anbyans rasis ki genyen Sendomeng kote rasis enpoze tout yon pèp pou’l pa rekonèt orijin afriken li.

Aloske 
1- se Sendomeng premye esklav nwa yo debake an amerik an 1502. E depi lè sa nwa yo melanje ak indien, epi ak solda espanyòl ki te fè pitit ak tout moun, indien tankou fanm nwa. Paske kontrèman a kolon blan anglè kite debake sou tè ki jodia rele Etazini, espanyòl yo pat konn mache ak madanm ni ak pitit. Se tout kote yo pase yo kouche ak fanm yo jwenn. Se bagay sa ki lakòz blan rasis Texas te pran distans yo ak Mexiken ke yo te repwoche yo melanje twòp ak moun nwa oubyen ak endyen.
2- se Sendomeng premye seremoni vodou oganize. An 1503 Nicolas Ovando ekri Lespay pou mande yo sispann voyen nwa afriken nan koloni an paske yo rebel, yap mawon, yo refize rete nan plantasyon epi tou yap aprann endyen yo yon pakèt tradisyon, krayans, abitid ak pratik ki ka lakòz soulèvman.
3- se Sendomeng premye revolt esklav nwa fèt nan amerik la kote yo boule kay Pitit ak frè Christophe Colomb, masakre espanyòl epi al sere nan mòn Baoruco ak endyen yo.
4- se Sendomeng premye esè kreye yon Leta nwa pran nesans nan amerik la. An 1546, 200 a 300 nwa kite pran zam te kontinye ap goumen nan mòn Bahoruco, 10 lane apre Cacique Henri (Enriquillo) te fin mouri. Rebel nwa sa yo ki tap goumen ant zile nou an Kiskeya (Hispanola) ak Cuba, te gen baz yo nan yon zòn yo rele San Juan de la Maguana e Azua. Nan lane 1548, gwoup sa te kreye yon monachi ki vle di yon wayom kote yo nome yon nwa ki rele Bayano, Rwa. Se apre sa, an 1552, yon esklav nwa yo rele Miguel, revolte kite min lò San Felipe o Venezuela epi deklare tèt li Rwa.

Tout bèl listwa pèp nwa nan Sendomeng, rasis dominken yo refize yo pale de sa. Paske yo gen foli blan. Yo envante yon bann vye koze di yo se endyen/espanyòl. Aloske peyi tankou Guatemala kote moun yo sanble tèt koupe ak endyen, pa abandone orijin yo ak moun ki soti l’Afrik.

Dominiken yo gen sa yo rele yon kriz idantite. Ti minorite ki gen foli blan an, enpoze pèp la yon fo idantite ke yo fòje ki rele Dominikanite. Yon bagay ki pagen okenn sans. Lefè ke Etazini te refize aksepte yo kòm Eta ameriken an 1871 paske yo twò nwa, depi lèsa yo konplexe. Sepa 2 flate yo flate ameriken pou pran peyi yo, men Sena ameriken an te refize. Yo te di yo pa bezwen pil moun nwa sa yo nan inyon leta yo a ke yo rele Etazini. Fòk nou di, depi 1861 kidonk 18 lane apre yo te fin pran endepandans nan men Haiti, yo te envite peyi Espagne vin pran peyi yo. Nan dat 18 avryl 1861, prezidan Ayiti Fabre Nicolas Geffrard, te piblye yo kominike mande tout aysyen pou pran zam goumen kont l’Espay ki retounen Sendomeng. Li te mande aysyen pou defann endepandans Repiblik Dominiken. Pou dominiken sa pa anyen. Men se okipasyon Ayiti pou aboli lesklavaj ke yo toujou ap repete. 

Se paske klas dominant Sendomeng se rasis esklavajis. Yo pa padone nou deske depi Toussaint Louverture, nou toujou konbat leskavaj. Istwa Sendomeng ak Ayiti sanble tankou 2 gout dlo ak listwa peyi Mexique ak Etazini. Paske esklave toujou ap kouri al sere Mexik, Ameriken fache a yo goumen ak yo epi vole 1/3 teritwa yo. Paske Haiti defann moun nwa epi konbat lesklavaj sou zile a, klas dominant rasis dominiken rayi nou epi vle detri nou. Sèl diferans, nan ka Ayiti a, se nou menm kite gen plis fòs militè. Kidonk, esklavajis dominiken pat ka kouri sou nou. Yo te oblije al kache nan plizyè sosyete sekrèt pou travay anbachal, enflyanse politik rayisman kont aysyen. 

Si nan peyi Etazini, jefò entelektyèl ak lide libète nan kad relijyon pwotestan ak evolisyon ekonomik endistriyèl te pwovoke yon priz konsyans jiskaske blan eklere deklare lagè kont blan aryere esklavajis nan Sid Etazini, an Repiblik dominiken se Haiti kite aboli lesklavaj pou yo. Pan janm gen priz konsyans sa. Kidonk, elit peyi sa rasis epi yo regrete lesklavaj. Kòm egzanp, nou wè jan yo trete moun nan Batey. E sepa sèl aysyen ki nan batay.
Nou wè kòman yo trete touris ameriken nwa Sendomeng arete yo, kenbe yo nan prizon, yo menm depòte yo Ayiti. Se chak jou yap depote dominiken nwa di pyès idantite yo se fo papye.

Non sèlman yap kache si se nwa dominiken kite envite prezidan Boyer vin sove yo anba dominiken po klè ki gen foli blan espanyòl ki te vle remete yo nan esklavaj, yo wont di jenn yo si yo te envite ameriken pran peyi yo epi apre, yo envite peyi Espagne retounen sou zile a vin kolonize yo. Yo fè silans sou èd prezidan Ayiti Fabre Nicolas Geffrard te bay chef rebel nwa Dominiken ki rele Gregorio Luperón pou goumen kont espanyol yo, kote nou te finanse lagè pou mete espagne deyò. Se nan vil Wanamint rebel yo te regwoupe pou anvayi Sendomeng, drapo dominiken koud nan vil Wanamint e prezidan Aysyen an te bay yo zam, manje, kob ak solda. 

Dominiken po klè ki gen foli blan yo pa janm padone nou menm aysyen pagay sa. Paske yo te gen foli pase pou blan espanyòl apre yo te fin egzekite plan depòte pifò nwa dominiken nan chan kann Cuba, Porto Rico epi retabli lesklavaj Sendomeng. Pandan tout 20e syèk la, foli blan sa fè yo voye chache yon pakèt fanm blanch an ewòp pou blanchi popilasyon yo; ki vle di fè timoun po klè. Jodia se pwodi yap pase pou fè po yo klè, pran pòz yo pagen san nwa nan venn yo ni kilti afriken. Yo kache si yo gen yon vodou dominken lakay yo, kote gen badji, manbo, bòkò, elatriye.  



Kriz idantite sa te lakòz 
1- prezidan Trouillot masakre aysyen an 1937. 
2- Ballaguer fè konplo pou Peña Gomez, yon gwo lide pwogresis dominiken pa prezidan, paske lite gen po nwa. Yo di manman’l te aysyen. Men yo pap di’w si Trouillot te grandi nan vil Okap, nan yon Katye yo rele Ti-Ginen. Paske Trouillot gen po klè, li te ka prezidan dominiken. 
3- Prezidan Leonel Fernadez fè yon magouy “konstitisyonel” pou retire nasyonalite 250 mil dominiken ki desandan aysyen. Jodia rasis yo vin gen plis fòs jiskaske yap dikte prezidan Luis Abinader kisa pou’l fè kont pèp aysyen.

Ti bouton tounen maleng! Se sa pwovèb la di. Menm lè otorite peyi d’Ayiti fè silans, menm lè tout lidè ki toujou ap babye nan radyo pagen kouraj di anyen, w menm pèp vanyan kap li text sa, w gen responsabilite’w pou’w pran. Yon reskonsabilite san vyolans pou nou chanje abitid nou fas a peyi Sendomeng.

Nou menm Aysyen dwe devlope komès ak peyi tankou Mexique, Jamaique, Guyane....ki vle di peyi Caricom ak peyi amerik santral, menmjan lontan nou te konn fè komès ak peyi Panama. Komès pa bato toujou gen plis avantaj pase kòmes sou wout. Bato ka pote anpil machandiz, sa redwi pri transpò yo. Se sa ki fè komès ant Lachin ak peyi lwen tankou afrik, amerik, karayib yo, rantab. Transpò pa bato, gen gwo avantaj. Epi tou saaa ap ede nou devlope konpayi ak metye transpò bato lakay nou epi kreye travay ak debouche pou jen aysyen ki vle travay nan sektè sa. Se yon sektè ki ofri anpil travay nan lemond. Mekanik, kwizinye, maren, elektrisyen, travayè, elatriye. Apresa, tout izin ki Sendomeng ki bezwen vann an #Haiti ap oblije vin envesti nan peyi nou, pou pwodi lakay nou kote yo ka vann. Sa ap kreye travay pou pèp nou. Tout izin dominiken ap oblije divize an 2 : yon pou Sendomeng ak yonn an Ayiti paske nou pap kite machandiz travèse.

Fòk nou pa bliye ke Ayiti gen gwo dyaspora Etazini ak Kanada. Mexique se peyi ki nan akò lib enchanj ant Etazini, Canada. Se yon gwo mache, kote gen anpil pwodiksyon. Yonn nan pi gwo zòn echanj nan mond lan. Dayè anpil peyi soti byen lwen al envesti nan gwo izin ke yo enstale nan fwontyè Mexique kote yap fabrike machandiz pou travèse fwontyè voye vann Etazini.

Fason peyi Mexique ap ede nou remanbre Lame d’Ayiti #FADH jodia, se yon bagay ki montre respè ak bon zanmitay peyi sa ki vle ranfòse nou olye pou lap pwofite de pwoblèm nou pou imilye nou tankou jan rasis dominiken yo ap fè sa. Gen anpil lòt peyi nan rejyon an ki sensè ak nou menm aysyen.

Menm lè nou toujou di se yon ti minorite rasis dominiken kap maltrete aysyen, nou dwe realize ke ti minorite sa rive kontwole pouvwa dominiken, li rive lave sèvo anpli dominiken ki fè silans devan zak vyolasyon dwa moun, teroris Leta gouvènman Abinader ap fè sou pèp nou. 

Ti minorite sa rive kòwonp lidè politik Haiti, li kòwonp sektè prive, oligachi milat Ayisyen ki gen foli blan tou, li kòwonp dirijan peyi nou; anabsadè Ayiti nan Santo Domingo, Konsèy minis Ayiti, pati politik, radyo televizyon Ayiti, tout moun fè silans. Kriz sa pèmet nou wè pozisyon tout movo lawon trèt sa yo!

Diaspora Ayiti paka kontinye ap voye pił lajan Sendomeng pou finanse rasis esklavajis kap preche vyolans kont aysyen. Menm jan sa te konn fèt nan tan lontan, Ayiti dwe reprann kòmes li sou lanmè. Se anbago Aristide la an 1993 ki kreye abitid achte tout bagay nan men dominiken yon peyi ki pa respekte nou. Nou dwe reprann lòt abitid komès nou te genyen avan 1990. Menm lè nou paka fè sa yon sèl kou, an nou diminye aktivite nou ti kal pa ti kal, jiskaske nou kanpe tout aktivite nou ak Repiblik Dominiken. Ann kreye Kontwa komèsyal nan peyi Mexique, Jamaique, Guyane, elatriye. Diplomasi Ayti dwe ka ede etidyan ki vle, oubyen ki kapab, ranpli fòmalite pou ale etidye nan Universite West Indies, Mexique ak lòt kote. Avan Sendomeng, nou te konn achte Panama, pat konn gen tout pwoblèm sa yo.

Si peyi Chili bay aysyen rezidan, peyi Brezil bay aysyen rezidan, peyi Mexique bay aysyen rezidans, nan peyi Sendomeng, aysyen pagen okenn dwa, se nan kache yap viv, menm kont labank yo paka louvri paske yo pagen pyès idantite peyi-a. Anplis de sa, Prezidan dominiken kite rasis ak esklavajis dominiken yo fè’l itilize fòs leta pou maltrete aysyen parèy nou. Bagay sa bay yon seri kriminèl pouvwa pou maltrete epi touye anpil aysyen kap travay nan jaden, nan raje kote pagen kamera. Yo touye konpatriyòt frè ak sè nou, yo lage yo nan raje. Sa se rezilta politik prezidan Abinader lakòz an 2022, nan mitan 21e syèk sa. 

Men nou pa dwe pran nan pwovokasyon vyolans. Nou dwe louvri zye nou. Epi planifye rezoud pwoblèm sa san vyolans. Nou dwe vijilan epi konprann politik kominote entènasyonal la k’ap dezame Ayiti nan refize kore Lame #FADH nou an, mete anbago zam sou #Haiti, pandan chak jou yap vann Repiblik Dominiken yon peyi kontrole pa esklavajis rasis kap preche rayisman ak vyolans kont Aysyen; yon peyi ki masakre aysyen deja an 1937 e ki ap devlope yon seri diskou anti-aysyen pou lave sèvo jenerasyon dominiken kap vini epi komèt lòt zak vyolans, masak, ak vyolasyon dwa moun. 

Sepa konnyea rasis ak esklavajis ap domine Repiblik Dominiken. Toussaint Louverture, Dessalines, Christophe, tout zansèt nou yo te toujou gen pwoblèm ak rasis sa yo kite refize aboli lesklavaj Sendomeng. An 1822, nwa dominiken yo te rele anmwe sekou, mande prezidan Boyer okipe Sendomeng paske ti minorite rasis sa te vle remete yo nan esklavaj. Jis nan 21e syèk sa yo pwouve ke yo rete aryere, retade mantal ak yon foli blan ki pa posib. Moun sa yo malad deske tout kote yo pase yo refize rekonèt yo kòm blan. Alos se sou aysyen yo vle pase raj foli blan yo a. Yo pa fouti devlope yon idantite nasyonal ki pa chita sou rayisman kont aysyen. 

Nou pa dwe okipe moun kap preche vyolans kont dominiken. Nou pagen pou’n fè vyolans sou dominiken ni sou okenn moun. Dayè, sa tap fè rasis dominiken yo kontan anpil pou pwouve lemond ak pèp dominiken an koman nou mechan menmjan ak yo. Reyaksyon nou dwe yon bagay entelijan, yon bagay moun lespri... ki chanje aktivite ekonomik ak frekantasyon nou ak Sendomeng. Se dirijan nou yo pou’n kesyone paske se yo ki mare nan pye tab dominiken.

Dayè, poujan otorite dominiken refize achte bagay ki soti Ayti, sa montre nou ke yo pa zanmi nou. Se paske dirijan nou yo kòwonpi, yon bann moun san karaktè kap pran lajan nan men boujwa rasis dominiken, travèse fwontyè al danse nan Club, pran plezi nan kafe, al oganize bal, achte kay, elatriye... se bagay sa yo ki lakòz rasis dominiken yo panse yo ka mete pye sou nou.

Ann montre yo ke si elit ak dirijan aysyen yo sanwont, se paske “moun fè pitit, men li pa fè santiman’l!” Sepa kote nou yo pran nen frèt sa. Jodia li klè, nou wè ke dirijan aysyen yo se yon bann avadra san karaktè, boujwazi salòp Ayiti ak oligak kòwonpi panse paske yo gen ti po klè, paske yap pase pwodi anba chal pou yo klè, yo panse yo plis sanble, epi yo gen plis enterè nan milat rasis dominken ke nan pèp aysyen. 

Ebyen, sa pa fè’n sezi! Paske fyète Ayiti, peyi nou se sou kont pèp vanyan ke zanzèt yo ti kite’l. Toussaint Louverture te predi ke nou se RASIN LIBÈTE! Van tanpèt ka jete fèy, kase branch, men rasin nan ap ede #Haiti pliye, men jamè kase!



[ Wap jwen tout enfòmasyon listwa nou bay nan teks sa ak prèv achiv nan sa yo :
liv “Quand la révolution aux Amériques était nègre...” de Nicolas Rey, ed.Karthala // nan liv “ La Caraibe et son histoire, ses contacts avec le monde extérieur” Lucien Abénon et Nenad Fejic // liv “L’Etat faible, Haiti et Republique Dominicaine” André Corten // liv “Christophe Colomb, marin corse , grand initié” Jean-Jacques Bossa // liv “Histoire generale des Antilles et des Guyanes, des précolombiens à nos jours” Jacques Adelaide-Nerlande // liv “Un flibustier français dans la mer des Antilles’ Jean-Pierre Moreau // liv “Géopolitique des Etats-Unis, de l’Angleterre et du Canada, 1763-1867’ Ludovic Marin // liv “Lies My teacher told me” James W.Loewen // liv “South to freedom, runaway slaves to Mexico and the Road to the Civil war” Alice L. Baumgarther // liv “White trash, the 400-year untold history of class in America ” Nancy Isemberg. ]

https://reseaucitadelle.blogspot.com/2022/11/ann-bay-dominiken-yo-vag-caricom.html

Cyrus Sibert, Okap, Haiti
30 Novanm 2022
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr

Suivez nous :
https://twitter.com/reseaucitadelle
https://www.facebook.com/reseaucitadelle
https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/
https://reseaucitadelle.blogspot.com/ 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire