samedi 4 avril 2015

ALA PAY! Daly Valet ak Moise Jean-Charles se 2 tchyol Boulos kap chache bloke chanjman.-

Le Samedi 4 avril 2015 12h25, Jean Berlin ( jeanberlin101@gmail.com) a écrit :



Alyans Daly Valet ak Pitit Desalin lan montre a klè ke mouvman " Dessalines al kay Petyon" an se te travay ARAB kont MILAT desandan esklav nwa ak blan fransè. 

Gwoup Boudon ki pa vle ouvèti ekonomik ap fè tout manèv pou bare mouvman chanjman TET KALE a. Tout moun konnen Daly Valet se tchyoul Boulos. Daly Valet se yon mesènè ki paguen konsyans men kap travay pou boujwa tradisyonèl ki peye inivèsite pou li, voye'l ale Canada ak Etazini. Depi Daly Valet retounen nan peyi a lap destabilize pouvwa TET KALE a pou Boulos, li te nan konplo pou jete Lamothe, kom rekonpans Boulos bay li yo radyo nan Petion-vil. 

Jodia se nomal pou Daly Valet reyini ak Pitit Dessalines paske Moyiz Jan-Chal se tchyol boujwa tradisyonèl sa ki toujou finanse eleksyon li ak tout mouvman kraze brize pou dekouraje diaspora ak biznisman etranje epi anpeche peyi a vanse. Moise Jan-Chal toujou ap defann boujwa retrograd yo, monopol yo, epi konbat tout chanjman. Moyiz te konfime sou Scoop FM/Gary Pierre Paul Charles, ke Gwoup Boudon te bay kob nan kanpay pou l te vi n senatè.

Se Moyiz kite lanse atak nan Radyo kont madan Pierre-Louis, akizel di li vole lajan petro karibe pakse madanm lan tap chache louvri ekonomi peyi a. Se Daly Valet ki te premye di fok yo stope Martelly atakel nan Radyo prezantel tankou yon moun fou "El loco". Ansanm nèg sa yo tap atake Lamothe prezantel tankou yon moun ki volè lajan PetroCaribe. Se menm strateji boujwazi tradisyonel la kap chache bloke chanjman ekononik. 

Jodia li klè ke boujwazi sa paka devlope peyi a. Li paka kreye travay, ni richès pou amelyore kondisyon pèp la. Se sèl monopol ki interese yo. Si ekonomi an pa louvri pou guen invèstisman ak konpetisyon yon fason pou pri ka bese, pou guen travay epi pou leta fè tout moun peye tax, pèp la pap ka jwenn. Moun sa yo rayi Lamothe paske yo pa vle tande koze peye tax, peye dwann, respekte lajistis, mete tout bandi anba kod kelkeswa fanmi li soti ladan'l Brandt tankou Sonson Lafamilia, yo pa vle yon moun kap ede pèt la jwenn nan mete sou pye program sosyal tankou Ede Pèp ak kantin popilè. Yo di si w Ede Pèp la se gaspiyaj. Se pou lajan PetroCaribe ya te rete nan kès leta epi yo ta detounen'l ak fo konpayi konstriksyon tankou Vorbes et Fils, fèstival kiltirèl e latrye.

Pèp la nan batay. Depi 1990 se li ki di ki moun ki pral nan Palè Nasyonal. Ti konplo paka anpeche li enpoze volote'l. 

VIV YON OPERASYON 2e VAG POU CHANJMAN TET KALE.-

Aucun commentaire: