jeudi 14 mai 2015

Prepare nou pou'n goumen kont fòs fè nwa!!! ---


Gouvènman EVANS PAUL/BOULOS la pa respekte pwomès li te fè peyi a pou’l oganize ELEKSYON san PATI PRI. Primati tounen BIWO KID, Ministè Interyè tounen BIWO INITE, Afè soyal se BIWO FUZION.

Se pa 2 kandida pou PREZIDAN ki guen andedan PRIMATI. Madanm EVANS PAUL kandida, Yon pakèt manm kabinè Premye Minis la kandida. 

Nan KEP, Nan KOU DE KONT, mo dod la se : BARE MILAT, BARE MAKOUT,  BARE GNB, BARE TET KALE, BARE KAPITALIS. Yon pakèt militan fristre ap chache retounen ak divizyon 1990 yo. Paguen lespri demokratik, ni respè pou libète moun.

Sa se rezilta 3 mwa KONSILTASYON Prezidan Martelly tap fè yo nan objektif pou guen eleksyon lib nan peyi-a. Move konsèy mete POUVWA TET KALE A nan Lari.

Rene Preval, ki se tchyoul boujwazi tradisyonèl GWOUP BOUDON guen kontwòl KEP ak KOU DE KONT ak objektif pou’l tounen sou pouvwa kòm PREMYE MINIS voye Jaky Lumak ke li panse ki pral fèb epi depann de li.

Sanble se Jera Latòti ( Gerard Latortue) ki pou ta retounen kòm Premye Minis pou eleksyon yo lib, onèt ak demokratik.

Gouvènman ak pil Politisyen tradisyonèl sa paka fè eleksyon kredib.
____________________
RESEAU CITADELLE : LE COURAGE DE DIRE LAVERITE!!!
"You can fool some people sometimes, 
 
But you can't fool all the people all the time."
 
 (
 
Vous pouvez tromper quelques personnes, parfois, 
 
Mais vous ne pouvez pas tromper tout le monde tout le temps.
 
) dixit Abraham Lincoln.

Aucun commentaire: