jeudi 8 septembre 2016

Mezanmi! Sepa 2 plenyen pou yon verite mwen ekri sou atik Ekriven Antoine Lyonel Trouillot.-

Gen moun ki di :
1- MWEN ENTOLERAN :
Mwen pa janm di mesye Trouillot pa gen dwa sipòte kandida li vle. Si li te ekri “mwen deside sipòte Moise Jean-Charles” mwen patap gen anyen pou di nan sa, paske se tap yon chwa pèsonel. Lè map sipòte yon moun, mwen jis di sa. Mwen pa pase akote, chache ti nom gate tankou Jounalis opinyon, jounalis angaje, jounalis militan oubyen analis politik. Antan ke sitwayen mwen toujou onèt ak moun kap swiv mwen pou’m di yo me pozisyon’m, me pouki rezon mwen pran’l, konvenk mwen ke mwen nan erè.
2- MWEN ATAKE YON ENTELEKTYÈL :
Depi yon entelektyèl desann nan nivo pou ap defòme reyalite w pèdi wòl w. E tout moun konnen depi w pedi wòl w nenpòt timoun piti kapab reprimande’w.
3- MWEN ENTOLERAN POU JOVENEL MOISE :
Map mande eske moun sa yo li sa ki ekri yo. Paske mwen pa janm pale de kandida Jovenel ni de chwa pa’m. Epi tou, se pa dwa mwen pou’m chache enpoze moun yon kandida. Mwen jis fè pwomosyon lide’m menm jan ak tout moun.
4- MWEN ATAKE DUVALIERISTE :
Se estrateji pa’m pou’m itilize kontradiksyon ki gen anfas mwen ak valè plis sa li konn di pou’m demontre koman li se yon demagòg kap di yon bagay pandan lap fè sa ki kontrè. Lionel Trouillot fè pati de entelektyèl Aysyen ki pozisyone yo kòm demokrat, anti-Duvalieris, nou paka kite li ap repwodi sa li konn ap denonse yo : Paternalisme, Dictature, autocratie. Li pa nòmal pou yon gwo entelektyèl konsa ap sipòte moun ki vyole dwa moun.
Cyrus Sibert pa nan gade figi moun avan li di sa li panse. Mwen pa nan ti Club Port-au-Prince kote yon’n ap sipòte lòt nan medyokrite, yon espas kote pagen kritik. Tradisyon entelektyèl pa kritike entelektyèl parèy yo pa ede peyi-a. Sa anpeche moun fè efò.
An pasan mwen pa kwè mwen pwodi ase lide pou’m rele tèt mwen entelèktyèl. Mwen jis ap eseye konprann epi di sa’m panse de reyalite peyi d’Ayiti.
Jiskaprezan mwen paka konprann kòman Lyonel Trouillot fè di a)- Moise Jean-Charles pagen klan dèye’l, b)- li gen yon ideyoloji sosyalis klè, c)- paske lap pran woulib sou Dessalines li konprann ideal desalinyen.
Mwen pat ka kite sa pase konsa!
Cyrus Sibert, Okap, Ayti (8 septanm 2016)
reseaucitadelle@yahoo.fr // @reseaucitadelle

Aucun commentaire: