dimanche 30 octobre 2016

#Haiti — Sa w dwe konnen sou kanpay difamsyon kap fèt sou Konsila Orlando:

1- Yon sitwayen fè demach jwen jòb konsil. Li fè yon bann piblisite ak sa mache pwomèt moun bagay ki pa egziste epi pran radyo san otorizasyon.
Administrasyon rete administrasyon. Se pa tout bagay w ka fè andedan yon administrasyon.
2- Lè li rive nan pòs la li konstate bagay yo pa jan li te panse a, li tonbe akize tout kòlèg travay li yon fason pou moun li tap fè fo pwomès yo wè sepa li men se lòt moun ki reskonsab.
3- Nan mache pale, li al di bagay ki pa verite sou radyo atake yon seri anplwaye nan konsila san rezon jiskaske li rive sou mandan Senatè Beauplan. Yon moun ki nan diplomasi a lontan ki pa menm reskonsab koze administrasyon lajan. Misye menm rive akize madanm moun kite ede’l jwen djòb la.
4- Kontrèman ak sa yo toujou ap di, sepa fasil pou vole lajan ki nan konsila yo.
Tout kòb depoze labank chak jou. Fich depo yo dwe ale nan rapò. Leta santral ap swiv kont lan online.
Se sèl Pòtoprens ki gen dwa voye yon memorandom pou bay lòd dekèsman.
Yo mèt ap koupe kouran si Ministè a pa voye memorandom sa, w paka fè anyen.
Si leta santral gen difikilte, memorandum sa ka tann 3 oubyen 4 mwa avan li vini.
Anpil anplwaye konsila yo pase plizyè mwa san touche. Se pa yon djòb w ka fè si w pagen fanmi pou ede’w tann 3, 4, 5 mwa san touche.
5- Yon seri de moun ki gen anbisyon ap profite bagay sa pou chache pran kontròl Konsila-a. Yo ap manipile sitwayen sa nan alimante tout dezòd lap fè, di vye koze sou moun, atake fanm sou sex yo, fè sikile trak ak yon bann manti sou rezo sosyo yo. Tout fanm se bouzen, tout moun se vòlè, palmantè pagen dwa mete moun…
6- Men anpli nan moun sa yo kap sipòte atoufè sa gen ti dosye pèsonèl, bagay kite rive yo, ki pa kalifye yo pou reprezante peyi Dayiti. Epi tou yo pa konpetan. Atake moun jodia pou yo atake’w demen. Si jodia yap bay manti sou moun, gen dosye solid ki enplike yo nan de bagay grav ke yo ka itilize kont yo demen.
7- Gen anpil mesaj sou rezo sosyo yo kap akize di moun pa konpetan. Konpetans depann de ki sa wap fè. Pou evalye konpetans yon moun fòk w prezante ki travay li gen pou fè. Nou estime ke moun ki nan konsila yo pi konpetan ke travay yo bayo fè a. Diplomasi Aysyèn nan dwe devlope pou bay anplwaye konsila yo plis travay.
Volè, enkonpetans, bouzen, tout sa yo se pawòl pou kreye dezòd, destabilize konsila epi chache pran kontwòl li. Se tris deske se konsa yon seri de moun wè fonksyònman leta ak diplomasi peyi-a.

Aucun commentaire: