mardi 1 mai 2018

AAN dwe pozisyone’l fas a deklarasyon Youri Latortue ki di ayewopò Okap la pa bon.-

Apre tout vye piblisite @LatortueYouri fè pou “Aeroport Cap-Haitien” #Haiti jiska anonse fèmti li, sou preteks lap defann #PetroCaribe, AAN kap jere tout aewopò nan peyi-a dwe bay presizyon ak enfòmasyon pou rasire pasaje yo.

Foli pouvwa sa lakòz Youri a detri moun e menm rive nan atake kredibilite grenn ayewopò pwovens ki resevwa gwo avyon ak konpayi ki gen anpil prestij tankou American Airline ak Spirit Airline.

Sèl sa nou konnen : FAA ki se ajans ameriken pou trafik avyon ak konpayi asirans ki kouvri gwo avion sa yo patap janm setifye ayewopò Okap la, si li pate bon.

Manèv pou atake ayewopò Okap la pa inosan ditou. Sa rantre nan politik lanbisyon ak destriksyon vil Okap.

Nap raple ke depi apre Prezidan Magloire te konstri avyasyon Okap la, moun Okap tann 50 lane avan yo jwen ayewopò sa. Nan lane 1990, gwo zouzoun kapital ki pa renmen vil Okap te fè prezidan Aristide kanpe konstriksyon ayewopò a ke Prezidan Avril te kòmanse. Nou pase plis pase 25 lane san konstriksyon an pa fè. Nèg Pòtoprens pran pòz se ayewopò Madras nan Trou-du-Nord yo pral fè yon fason pou moun Okap tann epi sispann mande ayewopò Okap.

Lè ayewopò sa t’ap konstri, Youri Latortue te senatè, li pat janm di anyen. Nou twouve sa sispek pou se lè plizyè konpayi meriken ap deside voye avyon nan ayewopò Okap la, kote JetBlue ap prepare pou vini nan fen ane 2018 la, pou Youri Latortue lanse pwopagann ak move piblisite sa kote li menm anonse fèmti ayewopò Okap la.

Nou pap janm sispann dejwe konplo politisyen tradisyonèl kont pèp aysyen an. #LeReCit

Otorite nan Nò dwe pran tout dispozisyon pou pwoteje ayewopò Okap la, epi veye kalite ak fonksyònman tout enfrastrikti estratejik Nò. Paske ak anons @LatortueYouri fè kote li di ayewopò a pral fèmen, li ka fè nenpòt bagay pou sa rive yon fason pou ranfòse kanpay kont #Petrocaribe

Nap pwofite di ke nou pat wè Delege Nò a madi pase lè ayewopò a te kanpe akoz de pwoblèm sou pis la. Nou pa di li pat fè anyen men laprès pat tande’l. Veye gwo enfrastrikti estratejik tankou pò, sit touristik, ayewopò, elektrisite, wout nasyonal, lopital, se djòb Delege. Li dwe an kontak ak direktè yo epi mande rapò. #LeReCit

Aucun commentaire: