jeudi 16 mai 2019

Pwoblematik abitrè Jij enstriksyon nan demokrasi #Haiti.-

Jij enstriksyon peyi d’#Haiti plis motive pa arete moun, mete yo nan prizon olye de konsantre sou prèv. Mwen poko janm tande yon pèkizisyon fèt, nan okenn dosye an #Haiti.

Tandiske lè w gade an Frans 🇫🇷, menm moun ki kondane konn toujou rete an libète, avan yo mete yo nan prizon.

Menm nan ka krim kote moun mouri, si akize a pagen kazye kriminèl, lajitis bay li chans rete an libète jiskaske pwosè fini, paske libète sakre.

An Haiti, nou plis motive pa mete moun nan prizon. Gad sa ki rive Godson Aurelus.

Lejitimite lajistis depann de justès anprizonman yo.

Mwen panse ke nou abize twòp de «emprisonnement préventif». Lè li fèt konsa, li parèt tankou achanman kont yon moun.

Map gade nan dosye pedofil yo. Yonn nan pi gwo pwoblèm ki gen Haiti, jij yo refize fè pèkizisyon, sezi òdinatè ak dosye akize a pou chache prèv an pwofondè.

Tandiske nan tout peyi, depi w gen alegasyon pedofil, reyaksyon lajistis se pèkizisyon, pou anpeche yo efase prèv, pou ede konsève foto ak tout dokiman ki pwouve abi seksyèl yo.

Yon GWO jij enstriksyon nan Pòtoprens te menm di yon blan meriken yo akize : « Sèlman, w di se pa vre! Si mwen ale lakay w, epi mwen wè lekontrè, wap gen anpil problèm avè’m wi.»

Gen moun ki kontan deske sa rive Delege Antonio ki se advèsè politik yo, gen lòt se paske misye te fè arete Zephirin. Men, reflechi yon moman! Ki garanti w gen si yon jij ka mete yon sitwayen nan prizon fasil konsa?

Si yon jij ka anprizone reprezantan Prezidan ki gen adrès, ki nan biwo chak jou ki vle di li konnen kote pou’l jwenn li, ki pa kouri kite peyi a ak li mete entèdiksyon depa, kont li, e w menm senp sitwayen? Ki garanti w gen devan pouvwa jij enstriksyon sa yo?

Nan liv “A Higher loyalty” ke James Comey Jr., yon ansyen Direktè FBI ekri. Misye di : «menm lè w gen prèv ke enfraksyon an komèt, w dwe ka pwouve ke moun nan te konnen li tap vyole lalwa lè li tap komèt li.»

Yon fason pou montre’n nivo reskonsabilite yon ankèt lajistis.

Pagay la paka tikrik tikrak se entèdiksyon depa, prizon prevantif. Epi okenn kondanasyon, paske dosye yo vid. Chak fwa, w tande pakè kase, oubyen dife..

Lajitis nan peyi sa bezwen yon “Direction de l’Administration de la preuve”.. yon jij pou verifye prèv jij enstriksyon yo gen.

#LeReCit

https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1128063700445876228?s=2

Aucun commentaire: