#Haiti — Tout tan leta pa deside retounen ak wòl lidè li tap jwe nan sektè stratejik ekonomi an pou kreye travay ak espwa, se tan nap pedi. Sektè prive sa pa ka asire lidechip ekonomik…se dezespwa.- #LeReCit
[ Denye eksperyans ak Santral Varreux yo demontre sa. Pagen okenn devlopman. Sogener ki se gwoup prive pa modernize pwodiksyon elektrisite a, li pa konstri lòt santral ekolojik ki mache ak dlo oubyen van, oubyen idwojèn likid, yo jis chita ap mete gaz nan delco, epi pwofite rantre nan yon sektè ki pèmet yo jwenn gaz nan men leta, prete lajan leta, touche pil milyon leta chak mwa, finanse deblozay politik pou gen plis enflyans, elatriye. Yo menm fè yon magazin kap vann delco. ]
By Cyrus Sibert
Jaden bannann Jovenel Moise la te senbolize Lidèchip leta Haiti nan kreye gwo envestisman nan yon seri sektè kle ki kapab bay travay epi jwe wòl lidè pou devlope sektè agrikilti.
Absans politik lidèchip leta sa kreye dezespwa lakay jenn yo. Paske pouvwa prezidan Préval la te plis chita sou afebli antrepriz Leta, privatize yo, vann yo pou ti monnen bay zanmi li boujwa salòp, yon seri sektè kle nan ekonomi an pedi boustè ki te egziste nan kòmansman lane 80 yo.
Eksperyans peyia fè ak rekomandasyon privatizasyon FMI depi 1986 lakòz dezespwa. Anpil jenn chita ap joure Prezidan, Palmantè ak moun kap sipòte yo. Men vrè pwoblèm yo se paske yo pa wè okenn espwa. Nou konprann yo!
Lè leta aysyen lage tout antrepriz li bay yon sektè prive ki gen yon banm boujwa salòp san vizyon, moun sa yo pa devlope antrepriz sa yo vre ni sektè yo ladan yo. Depi komansman ane 80 yo, nou konstate se fèmen boujwa sa yo fèmen izin leta vann yo pou yo ka fè enpòtasyon achte revann.
Denye eksperyans ak Santral Varreux yo demontre sa. Pagen okenn devlopman. Sogener ki se gwoup prive pa modernize pwodiksyon elektrisite a, li pa konstri lòt santral ekolojik ki mache ak dlo oubyen van, oubyen idwojèn likid, yo jis pwofite rantre nan yon sektè ki pèmet yo jwenn gaz nan men leta, prete lajan leta, touche pil milyon leta chak mwa, finanse deblozay politik pou gen plis enflyans, elatriye.
Peyia sot viv menm eksperyans sa nan privatize Pò yo. Olye yo sèvi a devlope ekonomi, se kontrebann dwòg ak zam chak senmen, APN pèdi lajan paske li abandone dwa pou pran kob epi bay moun nan prive sa yo yon bann lajan..elatriye.
Menm nan konpayi sekirite prive nou wè se pwoblèm pirèd... yon bann nèg ak zam fristre. Paske lontan, yon anplwaye sekirite nan yon bwat leta tegen yon djòb stab, pansyon, li marye ladan, elve pitit li ladan. Jodia w gen yon bann konpayi ke leta ap bay kontra san li pa verifye kondisyon travay yo. Se ede moun san konsyans eksplwate jenn gason.
An konklizyon, nou ka di boujwa salòp yo pagen lide ni vizyon pou leta aysyen chita ap remèt yo antrepriz leta. Yo pap devlope yo pou kreye opòtinite pou jenn yo. Se plis pwofite de yo pou ranfòse enflyans yo epi konpòte tankou kolon, imilye moun fè kòwipsyon.
Leta aysyen dwe swiv model Koree du Sud, ki itilize yon sistem mix kote leta, lame peyia ak sektè prive mete tèt ansanm pou devlope sektè ki stratejik nan ekonomi a. Chinwa yo fè menm bagay la. Leta mete tout fòs li louvri yon sektè kle pou devlopman, apre sa li kapab kite prive jere’l a yon seri pousantaj. Men antrepriz la ap gen yon misyon nasyonal kote lap okipe yon plas stratejik nan devlopman peyia.
Se konsa mwen te wè AGRITRANS pandan kanpay la. Mwen te panse plizyè gwo antepriz konsa kap kreye travay epi jwe yon wòl stratejik, kreye espwa. Reyalite jere pouvwa ak tout difikilte ekonomi plis politik, chanje bagay yo.
Gen yon jenn ki piblye yon video kote li gen yon tòj avoka sou li epi lap joure prezidan Jovenel paske li pa wè sa pou’l fè pou’l fè. Li klè ke Prezidan Jovenel paka reskonsab tout pwoblèm nan peyia. Dayè lap goumen ap boujwa salòp yo pou’l korije yon seri dezòd. Men nou pa dwe sous-estime jan de ti reyaksyon sa yo. Se gwo dezespwa!
Se yon ti reyaksyon konsa nan peyi Tunizi kite lakòz anpil gouvènman tonbe nan peyi arab yo.
Lè moun nan yon peyi ap dezespere, dirijan yo dwe pran sa o serye. Nou paka inyore evènman sa yo epi sèlman di “Se travay nap travay!”. Paske moun sa yo pa entegre nan aktivite peyia e yo pagen okenn espwa.
Nan san sa, pandan leta pa respekte prinsip antrepriz prive nan ekonomi peyia, dwe gen yon strateji pou devlope sektè ki ka kreye travay.
Mwen renmen pale de batiman nan lanmè, se yon sektè ki kreye anpil opòtinite pou jenn. Lòt egzanp : Laposte. Yon reflexyon kapab gade koman Laposte Haiti te ka devlope sèvis tankou Amazon.
Fè delivre bagay moun achte. Sa kapab kreye kek djòb nan peyia.
Gen yon zanmi ki di’m Prezidan Jovenel panse li ka rezoud tout bagay nan achte materyèl. Mwen dakò ke prezidan an bezwen achte materyel, men mwen zanmi an gen rezon. Dwe gen yon vizyon global deyè desizyon sa yo.
Sou pwen sa nou envite prezidan Jovenel gade egzanp Koree du Sud oubyen Chine. Paske pou soti nan mizè, povrete ak labou, Leta peyi sa yo te devlope yon seri sektè.
Fè konpetisyon, bay yon gwoup jenn ki genn bon pwojè finansman se byen. Men leta dwe asire entegrasyon majorite moun ki paka fè bel pwojè yo, moun ki mwen entèlijan epi ki bezwen viv, ki bezwen espwa.
Moun sa yo, lontan te gen WELCH pou ede yo entegre nan ekonomi an, te gen HASCO, te gen APN, nou pa di se menm antrepriz sa yo ki pou tounen, men an fonksyon de pwoblèm aktyèl yo, leta dwe jwe wòl lidè. Boujwa salòp yo pap fè sa pou pèp la. Se lajan fasil yap chache pou al mete nan bank aletranje.
Pou’m fini, map pran egazanp sou fanmi mwen. Papa’m se pastè Advantiste. Pastè Advantiste pa touche gwo lajan. Kòlèt legliz la pa pou yo se pou « La mission » ki peye yo. Kidonk, nou pat abitye ak gwo lajan. Men, akadreman lamisyon bay nan san solidarite, edikasyon, yon espas kiltirel ki pèmet w gen aksè ak liv, konesans, ti sèvis asirans ak lopital si w malad, prestij nan komin kote w afekte yo, pèmet w evolye.
Se egzakteman bagay sa yo jenès la bezwen. Yon seri de enstitisyon, antrepriz ki kap kontribye a devlopman peyia, men ki bay yo espas pou planifye lavi yo. Yo ka prete, yo ka marye, yo ka konstri yon fanmi, yo ka planifye vakans, elatriye, fè pwojè pou pitit yo.
Lè, akoz de koudeta plis debakman solda meriken an 1994 bagay yo te difisil pou mwen man pòtoprens, mwen te pran desizyon retounen kay papa’m ki pastè Okap. Paske, mwen konnen, menm si pagen lajan, enstitisyon “La Mission” kote lap travay la kreye yon kad ki pèmet mwen reziste jiskaske mwen ka dekole. Pagen milyon nan legliz la, men li bay w yon culture ki pèmet w viv ak yon ideyal elve. Li ede w rete nan yon nivo entelektyèl klas mwayèn san w pa tonbe pi ba.
Ti egzanp pèsonel sa se pou fè mesaj la pase pi fasil. Depi laj 6 an papa’m ap banm liv pou’m li, apre sa pou’m vin eksplike’l sa mwen li a. Lè mwen sot legliz li fè’m fè rezime sa yo preche. Konsa li verifye tou si mwen te sou sa, si mwen tap dormi, oubyen si mwen te al flannen.
Samedi aprè-midi li fè’m li Bib ak ekòl sabbat. Mwen aprann li nan 2 liv sa yo.
Premye livre “Géopolitique” mwen li rele “Qui dominera le monde” de Pierre Lanarès. Lè sa mwen te gen 9 an, papa’m te pastè Moles Saint Nicolas 1981. Mwen pa kwè li tap touche 2000 goud pa mwa, men “La mission” te permèt li achte yon bann liv ke li peye jan li kapab.
Kidonk, menm san lajan nou te gen yon ti bibliotèk lakay nou. Sa rete yon abitid pou mwen ki bann avantaj sou yon bann nèg kap fè politik san arguman e san lekti. Lè konsa yo oblije joure. E depi mwen piti, papa’m aprann mwen pa okipe moun kap joure. Konsatre’m sou agiman yo. Se sèl agiman kontrè ki yon menas pou sa wap di a. “Mo sal pa patisite nan okenn deba serye.”
Mwen gen 49 lane. Mwen pa janm sispann li. Imajine’w kantite liv mwen li nan lavi’m. Sa se yon gwo kapital “immaterial” ke mwen akimile gras a enstitisyon ke fanmi mwen evolye ladan.
Tout bagay sa yo posib paske papa’m te gen chans fè pati yon bon institution. Se egzakteman sa jenès la bezwen. Sepa pil kòb pou depanse pasi pale. Se yon seri enstitisyon syantifik, pwodiksyon, sèvis ki kapab kreye yon plan karyè pou yo epi pèmet yo evolye.
Nou bezwen enstitisyon nan “domaine scientifique”. Devlope tout domaine scientifik, pwodiksyon ak sèvis yon fason pou kreye espas pou jenn yo.
Sispann bay tèt nou manti ! Boujwa salòp yo se selman achte revann. Yo pap devlope anyen ki gen riske epi ki ka kreye travay. Leta dwe jwe wòl lidè pou lanse sektè sa yo. Se li sèl kap ka fè sa. Klas dominant peyi d’#Haiti gen yon “culture crackers” ki gen orijin nan tan koloni. Se yon “sous-culture” celtique ke yo twouve kay anpil ti blan kite vini nan koloni yo.
Kilti sa fè yo djòlè, pale anpil, frape lestomak, pandan yo pa vo anyen vre, yo pa konn anyen, e yo parese. Se plis chita ranse betize pran plezi, jwi. Lè w byen gade “sous-culture crackers” sa nan klas mwayèn nan tou. Sa se yon lòt sijè ke map fè rechèch sou li.
Nou paka lage espwa pèp la sou kont moun sa yo.
Si nou fè sa, kantite moun ki dezespere yo pral ogmante chak jou jiskaske yon revolte jeneral eklate. Lè sa okenn enstitisyon ak zam pap ka retabli lòd.
Sa se yon konsèy!!!
Cyrus Sibert,
#LeReCit @reseaucitadelle
WhatsApp: +509 3686 9669
reseaucitadelle@yahoo.fr
30 juillet 2020