jeudi 11 janvier 2018

Réaction de @LaurentLamothe face aux déclarations de Donald Trump contre Haiti.-

Retweeted Laurent Lamothe (@LaurentLamothe):

SHAME ON TRUMP! The world is witnessing a new low today with this #ShitholeNations remark! totally unacceptable! uncalled for moreover it shows a lack a respect and IGNORANCE never seen before in the recent history of the US by any President! Enough is enough!!

dimanche 7 janvier 2018

“ALYANS ELEKTORAL” pa oblije ”ALYANS POU GOUVÈNE”

Si w te nan yon Alyans pou ale nan eleksyon, lè eleksyon fini w dwe defini yon Alyans pou gouvène.

Lè n’ap gade politik la, nou paka di gen yon Alyans pou dirije ant tout Pati kite nan eleksyon ak PHTK. Tout moun ap regle zafè yo, tout palmantè ap fonksyone an grenn 5.

Epi nèg ki pi magouyè yo ap pran woulib sou mo alyans pou yo regle zafè yo e menm mete po fig anba pye Prezidan Jovenel.

Se reyalite a sa!

Youri Latortue kanpe nan laprès pou di PM Jack Guy Lafontant ralanti aksyon prezidan an. Li gentan ap pran distans li ak Premye minis ke prezidan an te chwazi nan konsansis ak AAA e sitou ak Senatè Cantave, kouzen li.

Se konsa Youri te fè alyans ak madanm Manigat pou eleksyon, kan eleksyon fini li fè alyans ak TET-KALE pou pwofite pouvwa. Alyans li fè pou eleksyon pa janm vle di se Alyans sa lap konsidere pou dirije.

Egare #PHTK yo menm yo chita ak yon gwo majorite nan menm yo ap kite moun pale yo de alyans elektoral menm aprè eleksyon.

Tandiske li klè jodia ke si Youri/AAA te fè yon alyans elektoral, apre eleksyon se ak Lavalas li fè Alyans pou dirije.

Li pa’p pa chanje kan lè li rive sou pouvwa. L’ap lage kèk zo bay 2 ou 3 senatè pou divize majorite a, envite yo nan kèk magouy epi pran kontwòl sitiyasyon an pandan lap defini yon lòt Alyans pou dirije. Fwa sa se ak Lavalas li fè’l.

Fo pwoblèm sou koze manda senatè yo se yon prèv ke misye itilize mo alyans lan pou patisipe nan tout reyinion, chache enfòmasyon pou’l regle zafè’l odetriman #PHTK. Li patisipe nan reyinyon ak tout palmantè #PHTK ansanm ak Prezidan Jovenel ki jwenn yon antant sou manda senatè yo, epi apre li kouri al di senatè ki pat nan reyinion an ke yo pap renouvle manda yo. Divize pou reye!

Misye itilize mo alyans lan pou’l regle zafè AAA/Lavalas. Se pou rezon sa nou di AAA tounen Aristid An Aksyon.


@ReseauCitadelle /// WhatsApp : 509-3686-9669

#Haiti : Eske se pa palmantè PHTK yo ki lakòz militan PHTK yo ap soufri ?

#LeReCit

1- Eske se pa palmantè PHTK yo ki lakòz militan PHTK yo ap soufri ?

2 - Ki sa #PHTK fè ak majorite sa ki nan men’l nan Palman an ?

3 - Gwoup minoritè yo kontwole tout komisyon enpòtan yo. Finans, Afè etranjè, Kowoperasyon ekstèn (Planifikasyon), Jistis ak sekirite piblik, Lit kont kòripsyon, Afè sosyal, elatriye

4- Youri Latortue itilize komisyon anti-kòripsyon, pou bay presyon, mache chache lajan tout kote, mwayen ak djòb pou jere baz li yo, ranfòse pati AAA ak pwojè politik li. Li nan ONA, Plan, li te gen kontwòl Edikasyon, APN…

5- Nenel Cassy ak Beauplan pran kontròl finans ak afè etranjè, kontwole BMPAD epi mache chache djòb ak mwayen pou Lavalas ak baz yo nan Nippes ak Nòdwes.

6- Don Kato fè menm bagay la nan afè sosyal ak lòt kote.

Lè w byen gade se palmantè minoritè yo ki konn koman pou pran kontwòl komisyon enpòtan, jere baz yo ak avni politik yo.

Nèg #PHTK yo chita tankou yon ban #Egare ap bay prezidan Jovenel presyon pou’l entegre baz yo.

Li lè li tan pou palmantè #PHTK yo kite sòt.

Pandan Prezidan Jovenel ap goumen pou respekte pwomès li yo, kisa palmantè sa yo fè pou jere baz yo? Eske yo pa gen yon pati pou jere? Eske yo pa gen yon pwojè ak yon plan politik pou demen?

@ReseauCitadelle WhatsApp : 509-3686-9669


Mwen envite nou li yon refleksyon mwen te fè sou reyalite sa nan dat 4 oktob 2017.

————

Senatè Rony Célestin fè deklarasyon nan radyo pou mande prezidan Jovenel bay PHTK pouvwa sinon yo pral pran pouvwa nan men’l.

Pandan mwen dakò ak lide pou prezidan Jovenel fè yon bon jesyon politik, ki vle di entegre tout moun kite ede'l rive sou pouvwa, m'ap mande ki sa PHTK fè ak pouvwa lejislatif kote li gen majorite nan palman an?

Eske se kapab palmantè PHTK yo pa kapab ki fè se ti minorite anti-TET-KALE ki kontrole tout komisyon enpòtan nan palman an?

Se "Minorite anti-TET-KALE" a ki reskonsab "Komisyon Afè sosyal", "Komisyon Afè Etranjè" , "Komisyon finans", "Komisyon Etik ak Kòripsyon",....kòman pou moun sa yo fè pa kreye konfizyon, pa bay manti nan radyo, pou destabilize pouvwa TET-KALE a?

Se nòmal pou AAA ap chache pran teren politik la, pandan Youri Latortue ap kritike tout moun rive nan Prezidan Jovenel. Misye pa pè pou'l di nan radyo ke projè kouran 24 sou 24 la se lide AAA, ke prezidan an pagen kouraj pou'l fè refòm nan kontra koura elektrik.

Si PHTK paka jere pouvwa lejislatif ak gwo majorite sa, ki garanti lap ka bay ke lap ka jere lòt pouvwa?

Dayè, yon majorite nan palman vle di w gen kontròl gouvènman.

Eske se pa demagoji lè Senatè Rony Célestin ap mande pouvwa nan radyo apre li fin vote gouvènman san okenn manb PHTK?

Verite a : Palmantè PHTK yo trayi! Yon chak ap chache ti enterè pèsonèl yo, sepa koze PHTK y'ap regle. Yo abandone militan yo pou ti enterè pèsonèl yo. Yo paka vini nan radyo pou akize Prezidan Jovenel ki toujou byen jere yo.

Sa w mande se sa w jwenn!

@CyrusSibert /// @ReseauCitadelle /// WhatsApp : 509-3686-9669

https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10156249085249478.1073741831.170678274477/10156808301169478/?type=3

samedi 6 janvier 2018

Kelke lide sou devlopman lame d’#Haiti, #FADH ak ranfòsman #PNH.-

Kelke lide sou devlopman lame d’#Haiti, #FADH ak ranfòsman #PNH.- #LeReCit (Teks Cyrus Sibert)

1- Pou ranfòse #FADH, epi tou, pou jwenn èd ak “cooperation” pou devlope’l, li enpòtan pou rekonstitiye “la Marine haitienne” epi pran kontwòl lanmè nou ak kot peyi-a tankou Mole Saint-Nicolas, Latortue, Ile a Vache, Baie de Mancenille nan Fort-Liberté, Ile de la Gonaves, Pedernale nan Sidès, kot Grande-Anse tankou Pestel, elatriye.

Yon zòn tankou Labady nan Okap merite siveyans ”Maritime”. Pandan touris yo ap pran plezi, pandan PNH ap sekirize plaj la, lanmè a merite kontwòl. Se menm bagay pou Cote des arcadins (Decameroun)

Solda k’ap fòme yo kapab rantre nan kad ranfòsman “la marine” “fusiliers marins” ou “infanterie marine”, pou baz ki sou kot yo ak “Corps du Genie”.

2- Nou kapab devlope yon “cellule intelligence” ak yon inite mobile “renseignement militaire” pou kolekte plis information sou sa kap pase sou fwontyè-a. Paske sepa nan radyo pou Chef Leta Aysyen ap aprann ke dominiken ogmante solda sou fwontyè-a. Konbyen yo ye egzakteman?, Ki pozisyon yo? Ki ekipman yo genyen? Ki sa y’ap fè? Eske “physionomie” tout moun k’ap travèse frontyè-a se sivil oubyen militè (martiale)? Gwoup k’ap opere yo eske se kriminèl ki konsène lapolis oubyen ofisye entèlijans dominiken k’ap kreye twoub sou fwontyè a? Sa yo se enfòmasyon estratejik defans nasyonal ke dirijan Aysyen dwe toujou genyen.

Lè yon lame pa gen anpil moun, lè li piti an efektif, fason w ranfòse kapasite’l ak efikasite li se nan “renseignement militaire”, “Communication” ak “Technologie”.

Yon lame pa bezwen tann li gen anpil moun pou li chache enfòmasyon sou sa k’ap pase sou fwontyè peyi’l, sou lanmè ak anlè (Rada).

Pandan #PNH ap fè sekirite interyè oubyen sekirite piblik, bon jan enfòmasyon ke #FADH pataje avèk li atravè prezidans oubyen CSPN, kapab ede li pi efikas nan konbat dwòg, gang ak zak kriminèl.


Fòk prezidan an konprann sa : Kontrebandye, nèg kap fè avyon desann ak kagezon dwòg nan peyi-a, politisyen kap resevwa lajan nan men boujwa dominiken ki rayi Ayiti pap jan’m dakò lide sa yo; menm jan machan dwòg te fè tout sa yo konnen pou sabote travay devlopman ak kontwòl premye minis Lamothe t’ap fè sou zile “Ile a vache”. Prezans leta ak touris deranje kriminel sa yo nan biznis dwòg ak zam yo.

Nan @ReseauCitadelle nou renmen voye je gade listwa pou nou konprann sa kap pase jodi :

1- Nan lagè endepandans Etazini, nan batay Savannah, Atlanta, se pa aysyen yo kite pi plis. Lame amerikèn te gen plis moun. Men se gras a nou menm aysyen ki fè Anglè yo pedi batay la.
W kapab piti nan kantite moun w genyen, men kontribisyon taktik w nan yon batay vo anpil.

2- Nan dezyèm gè mondyal, moun ki te konstri bonm atomik yo pat anpil. Men kontribisyon teknik yo fè Etazini genyen lagè a sou Japon.

3- Nan batay “La ravine à couleuves”, lame fransè te pi plis, li te menm ansèkle Desalin ak solda endijèn yo nan fò a, men detèminasyon zansèt nou yo te ede yo soti.

Nou dwe montre nou entèlijan. Blan yo pa bliye nou. Dayè nou ka wè sa pran plis pase 200 lane avan yon prezidan fransè mete pye an Ayiti. Jiska prezan Vertières pa egziste nan diksyonè fransè. Silans entènasyonal la devan diskriminasyon dominiken kont aysyen dwe ede nou konprann ipokrizi blan yo ak reskonsabilite nou.

- Defans peyi-a dwe konsène tout moun, sitou moun leta fòme nan metye zam. Polisye tankou militè.

- Se pou rezon sa, dwe gen yon pwogram rezèvis nan lame ak nan lapolis. Tout polisye ki pa kite #PNH pou move kòz dwe toujou rete an kontak ak enstitisyon polis la. Dwe gen yon sèvis pou sa, pou si yo bezwen yo. Gen de privilèj yo merite tou. Yo ka itil nan kolekte enfòmasyon pou ede lapolis. Nou pa dwe kite moun sa yo izole jis pou se bandi ak kriminèl ki pran kontròl yo.

- Dwe gen yon pwogram pou ede yon seri bon polisye kite demisyone pou rezon rezidans, ekonomik, rezon familyal, etid e pafwa sekirite, retounen san problèm. Paske gen de lè, gang oubyen politisyen ki nan move zak konn oblije yon polisye chape poul li al sere nan lòt peyi.

- Peyi a dwe gen espas nan chak depatman pou polisye yo al resikle tèt yo nan antrene epi tire. Bandi paka ap tire chak jou, epi polisye pa janm tire sou yon sib depi li kite akademi. Gen de polisye se anlè yo oblije tire.

- Dwe gen yon program fòmasyon kontini nan tèt kole ak inivèsite leta oubyen INFP (profesyonèl) pou polisye tankou militè kapab kontinye etid yo, aprann lòt metye. Konsa yo pa’p fristre ni oblije kite enstitisyon yo pou ale lekòl.

Yon peyi kote polisye pè mete inifòm sou li pou li ale nan travay, se yon peyi ki gen anpil pwoblèm sekirite piblik. Bagay yo rele LePolis la kap touye polisye yo, dwe eradike. Paske sekirite enpòtan, menm jan ak enfrastrikti. Se sèl sekirite ak lajistis ki ka fè envestisman rantre nan peyi d’#Haiti epi kreye travay ak kwasans ekonomik. 


Karavan chanjman an dwe gen yon chapit sekirite.

CyrusSibert, Okap,
6 janvye 2018
@ReseauCitadelle  
WhatsApp : 509-3686-9669

mercredi 3 janvier 2018

REFLEKSYON @RESEAUCITADELLE SOU DISKOU PREZIDAN JOVENEL NAN OKAZYON 214 LANE ENDEPANDANS PEYI D’HAITI.-

REFLEKSYON @RESEAUCITADELLE SOU DISKOU PREZIDAN JOVENEL NAN OKAZYON 214 LANE ENDEPANDANS PEYI D’HAITI.-

Nou pa konnen kiyès kap ekri diskou pou Prezidan yo, paske se pa premye fwa nou remake sa, men nou pa renmen jan de diskou ki ap blame nasyon an nan okazyon fèt nasyonal yo. Yon pèp ki pase 365 jou ap tande koman li pòv, koman li lèd, kòman li sal, kòman li mizerab nan laprès nasyonal ak entènasyonal, merite pafwa yon diskou pou ankouraje’l. Nou ka wè reyaksyon kontantman moun yo lè Prezidan Jovenel te di : “ vil Gonaïves pwòp”.

Pandan Etazini (USA), CARICOM, Venezuela ak anpil lòt peyi ap salye kouraj pèp aysyen ak sa li akonpli, nou bezwen yon diskou epope ki pou motive pèp-la kontinye leve defi. Prezidan Jovenel te kòmanse konsa, li te dwe rete nan liy sa.


Pawòl “lenmi peyi-a se andedan peyi-a” pa konfòm ak eleman langaj anpil zanmi Haiti k’ap reklame jistis pou peyi nou ki sibi anbago pou lendepandans li te pran ak obligasyon pou peye ranson lendepandans bay Lafrans.

Nou panse jan de diskou sa yo dwe fèt devan Asanble Nasyonal kote nap reflechi sou politik piblik ak aksyon pou devlope tèt nou.

Men, jou fèt lendepandans lan se vante pou nou vante tèt nou. Mete tout sa ki pozitif an valè. Mwen pa kwè ke blame pèp la pwal motive li. Epi tou, sepa konsa etranje yo pral respekte nou.

Tout Pèp gen pwoblèm yo. Etazini gen 146 milyon pòv oubyen moun ki pagen ase moyen pou yo viv. Se sistèm eksplwatasyon moun ak enjistis ki domine mond lan ki kreye tout soufrans sa yo.

Anpil pèp komèt krim kont limanite pou yo rive kote yo ye a. Yo patisipe nan esklavaj, yo touye endyen, yo detri lòt peyi ak lòt pèp, van zam, lage bonm pasi pale, vann moun kòm esklav.

Nou menm aysyen, nou pa janm fè sa. Kidonk, nou pa volè lajan ni lò onkenn peyi pou finanse tèt nou. Nou pat reklame pou dominiken peye nou dèt lendepandans. Okontrè, nou te ede lòt pèp ak lajan, zam, manje e menm sòlda pou yo libere tèt yo. Nou fè listwa a ti sa nou genyen ak tout difikilte sosyal, konplo, okipasyon, manipilasyon etranje pou afebli nou.

Dat Premye janvye, 18 me, tankou 18 novanm, dwe jou pou nou vante tèt nou.

1- Pagen lame etranje nan peyi-a ankò;

2- Nou gen 12 mil polisye, nou rekonstitye lame nou, ki vle di nou reprann dwa pou bay tèt nou sekirite ak defann peyi nou. Nou gen anpil jenn gason ak jenn fanm ki konn manyen zam ki vle di n'ap ka defann tèt nou si nou oblije;

3- Nou gen yon Palman k’ap vote lwa libe libè, yon gouvènman k'ap panse a reyalizasyon ekonomik e sosyal. Nou pa nan tim-tim bwa chèch ankò, nou pa nan diktati;

4- Nou gen lang rezistans nou kreyòl ki apre 214 lane devlope, vini dominan nan peyi-a, jiskaske y’ap itilize’l sou rezo soyo yo, tankou “Google";

5- Nou gen yon kilti ki rete djanm. Nou gen anpil jenn diaspora k’ap briye nan mond lan fè rekonèt valè desandan #Haiti;

6- Nou gen yon pèp ki rekanpe malgre tranbleman latè kraze 80% ekonomi peyi-a, touye 250 mil moun, kraze tout biwo leta, touye 20 mil kad administrasyon piblik;

7- Ak tout entènasyonal la pa respekte promès èd li yo pou rekonstri Ayiti, malgre se ONGs gwo peyi yo bay depanse, 13 milya dola èd, san transparans, gras ak sipò Venezuela nan kad #Petrocaribe, nou retire Haiti anba dekonb.

Nou pa dwe kite okenn propagann oksidantal k’ap pale de kòwipsyon, san yo pa janm di anyen sou 13 milya dola gwo ONG yo gaspiye, fè nou bliye solidarite peyi Venezuela;

Jiska prezan lajistis etazini poko janm twouve moun ki dilapide 13 milya dola sa.

Epi menm ONG sa yo ak gwo peyi sa yo di’w se Ayiti ki gen kòwipsyon.

8- Nou gen yon pèp ki gen anpil kouraj pou kenbe peyi-a vivan. Nou pa dwe konplekse si gen jenn aysyen ki ap kite peyi-a. Meriken, Fransè, Ewopeyen an jeneral yo tout kite peyi yo sou fòm ONGs, expatrye pou al chache travay nan lòt peyi afriken, amerik latin, azi, elatriye. Jounen jodi, chinwa yo anvayi peyi afriken yo nan chache travay, lavi oubyen richès. Se akonpaye pou nou akonpaye jenn sa yo nan peyi kote yo ale yo, pandan nap kontinye travay pou lakay chanje.

Pèp aysyen gen pwoblèm tankou tout lòt pèp, men 214 lane aprè lendepandans, Haiti toujou rete yon peyi endepandan menm si nou rekonèt ke devlòpman fè tout peyi vini entèdepandan ki vle di peyi-yo depann yonn de lòt.

Ayisyen pa janm mande Lafrans fè peyi li tounen yon depatman fransè, nou pa janm mande Etazini fè nou tounen yon Eta meriken, menm jan dominiken yo te fè’l kelke 13 lane apre yo te pran endepandans yo.

Menm jan anpil moun toujou ap vante rezistans peyi “Cuba” ki reziste 50 lane anbago san li pa pliye ni fè bak sou revolisyon li, nou menm Aysyen reziste 214 lane anbago, konplo ak ipokrizi entènasyonal san nou pa renonse a endepandans nou. Pi gwo prèv ipokrizi blan yo, se silans lemond sitou Etazini devan gwo zak vyolasyon dwa moun Dominiken fè kont desandan Aysyen yo.

Kidonk, Ayiti kanpe la nan boul figi yo. 


Ayiti ap toujou egziste, se volonte Bon Dieu. Touye kochon kreyòl, ankouraje koudeta, kraze lame pou rasis dominiken gen monopòl militè sou zile a, fè okipasyon, enpòte kolera, finanse opozisyon kraze brize, ankouraje divizyon ak enstabilite, menm fenomèn natirèl tankou tranbleman latè “Goudou-goudou” ak siklòn ki kraze peyi nou pandan 214 lane ki pase yo, pap fè nou pliye ni fè bak.

Nou pap janm regrèt nou te pran endepandans nou!

Nou dwe evite manipilasyon ki alamòd kote blan k’ap fè kòwipsyon nan peyi nou depi 214 lane, fè aysyen san memwa sitou sa ki gen foli pouvwa yo ap repete ke se nou menm ki kòwonpi ki lakòz peyi-a pa devlope, se nou menm ki lenmi peyi-a ki lakòz nou gen pwoblèm. Paske Cumberland pa yon aysyen. Listwa rapòte ke mo Cumberland se non yon ofisye lame meriken ki te telman kòwonpi, pèp aysyen kenbe non li kòm senbòl tout rakèt ak magouy an Ayiti.

Si nou dwe rekonèt reskonsabilite nou nan move difikilte ak move lavi peyi nou, nou paka kite etranje yo ap blame viktim yo, epi fè nou tounen bouk-emisè, yon fason pou di sepa yo ki lakòz sa ki rive Haiti a, men se aysyen yo. Dayè gen otorite aysyen k’ap repete sa.

VIV AYITI !!!


Cyrus Sibert, Okap, Ayiti

3 janvye 2018
#LeReCit : @ReseauCitadelle
WhatsApp : 509-3686-9669

@ReseauCitadelle