vendredi 13 novembre 2015

#‎HaitiElections‬/Caricature : Manoeuvres Terroristes de partis perdants.-

Zak sasinay sou polisye nan lari se yon zak teroris ki merite kwape.-

Tout moun ki konnen anakopopilis yo, kapab konprann ke asasina polisye nan peyi a se yon zak teroris politik ki vize destabilize PNH, entimide polisye yo, fè yo pè egzekite lòd chèf yo. 

Se konsa anakopopilis Lavalas yo opere depi 25 lane. Yo pa gen respè pou lavi, yo pa janm pè kraze polisye pandan yap chache bay gang chimè fòs. Sonje sa yo te fè polisye Marie Christine Jeune.

Lòt senmenm wa tande yo mande kraze PNH. Sonje kòman yo te lanse operasyon Bagdad. Yo te asasinen 3 polisye anba limyè nazon.

Pouki sa se ane sa ki gen eleksyon tout polisye sa yo ap tonbe konsa? Yo fè espre touye polisye ki saj, ke anpil moun apresye nan katye yo, yon fason pou yo ka fè gwo enpak sou moral rès polisye yo ak tout sosyete a.

Pandan yap touye polisye yo itilize koze bandi ki fè pitit kouche manman pou jistifye moun pran lari ak manchèt epi boule yon moun nan Petion-ville.

Pandan kou deta kont Aristid ak ambago a, nou te wè film sa deja. Yo te konn fè bandi rantre andedan kay vyole manman ak pitit pou fè pèp la pèdi konfyans nan lame Dayiti. Yo te konn al pran kadav nan mòg lopital pou jete nan lari.

PHTK dwe kapab mobilize pèp kite vote a pou'l kore lapolis epi jere bandi yo.

Teknik anakopopilis yo se zak teroris. Fòk gen moun ki gen kouraj pou denonse pratik sa epi mande sanksyon entènasyonal kont yo. Entimide yon popilasyon ki pa vote pou opozisyon se zak teroris.

Pandan Martelly ap fè ti apwòch enstitisyonèl, nèg yo ap chache simen latwoublay, kreye yon katchouboumbe jan Moise Jean-Charles te renmen di'l la pou yo rive pran pouvwa nan tranzisyon.

Aucun commentaire: