mardi 3 novembre 2015

Ayiti-Eleksyon2015 : Kanè a pare. Sote ponpe se vòt pèp la kap pase!

Gen elèv ki telman konnen yo pat byen konpoze, ki komanse kriye avan yo resevwa kanè a. Yo mande pou sansè a verifye fèy epi verifye kalkil mwayèn yo. PHTK ki konnen li te byen konpoze rete Tèt frèt. Lap tann. 

Kòm yo di gen kote bagay yo pat byen pase, KEP a mete yon komisyon pou ankete sou pil plenyen zòt ap fè nan radyo. Komisyon an ap tann bonjan enfònasyon ak prèv. Pagen voye monte. Union Europeen rankontre tout kandida ki tap plenyen yo pou bay garanti ke yap verifye tout akizasyon ke yo fè. Gen mwayen pou verifye sa. Apre sa yap konsidere yo tankou delenkan politik, tankou òganizasyon kap fè vyolans menm jan ak òganizasyon teroris yo.

Gen kandida ki pat ale nan rankont lan paske yo pa gen anyen nan men yo. Yo sèlman ap bay presyon pou yo remèt yo pouvwa. Sou pwen sa yo echwe. Paske peyizan ki te al vote yo pa timoun ki rete ak odasye lavil. Moun vil pwovens yo gen dwa tou. 

Apre pèp la te vote nan lane 2010 mete TET KALE sou pouvwa, politisyen tradisyonèl yo itilize lumpen lavil pou kreye vyolans enstabilite epi mete yon gouvènman konsansis. Yo bloke tout pwogram ki tap ede malere yo epi pran dispozisyon pou rezoud pwoblèm pèsonèl yo. 

Pèp sa tap tann eleksyon poul di mo pal. KEP Opont an bay garanti ke lap respekte vòt tout pitit peyi a. Apre verifikasyon, trètman plent yo ak koreksyon si posib, rezilta ap piblye. Tout moun pral blije rete rèd pou tande rezilta vòt la, pap gen pretèx pou fè dezòd. Lapolis ak MINUSTAH ap gen rezon mete akasan nan siwo tout demagòg ki bezwen pouvwa san eleksyon.

Kòm pwosevèbal yo di klèman ki moun ki guenyen, etan done ke moun ki genyen an bay lòt yo gwo distans, zòt pral reziye yo pèdi. Sote ponpe se vòt pèp kap pase. Viktwa pou pèp la!


Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
@reseaucitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr

Aucun commentaire: