mardi 20 février 2018

KONKOU NASYONAL POTE PLENT POLITIK devan lajistis peyi d’#Haiti.-

#LeReCit konseye tout sitwayen ki pwoch PHTK ak alye pou yo patisipe nan KONKOU NASYONAL POTE PLENT POLITIK devan lajistis peyi d’#Haiti ke opozisyon ak senatè poutchis yo lanse a. 

Kòm Youri/Beauplan ak opozisyon Lavalas la fè pote plent tounen yon jwèt, n’ap ankouraje sitwayen yo pote plent :
1- kont @LatortueYouri pou 70 milyon lajan ONA li pran ak trafik enflyans,

2- plent kont RNDDH pou lajan sibvansyon lanjan #PetroCaribe,

3- plent kont tout moun kite nan pouvwa Jocelerme Privert,

4- plent kont Group Blackout,

5- kont Patrick Norame,

6- kont tout moun kite sou pouvwa Preval, Lavalas ak Privert,

7- plent kont AAA pou pwojè li tap jere nan Latibonit.

8- plent kont Jacceus Joseph kite nan KEP ke yo akize de kwipsyon.

Sa ka fè yon 2 a 3000 plent pou inonde lajistis epi fè CSPJ konprann li paka kite politisyen ap politize lajistis.

Si neg yo pa vle respekte règ jwèt demokrasi ak Eta de dwa, si yo vle fè dezòd ak anachi, ebyen tout moun ka fè dezòd tou…

…plent pou lajan Kooperativ, plent ak rapò Paul Denis, plent sou plent, pou ridikilize vye strateji depoze plent jwèt devan lajistis ak konplisite yon seri de moun ki responsab CSPJ.


Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : 509-3686-9669


Aucun commentaire: