lundi 23 janvier 2023

Haiti dwe devlope yon “Geopolitik” lang kreyòl !!! (teks Cyrus Sibert)

Gen 2 fason w kapab gade video Miss Haiti fè ak Miss Sainte-Lucie, Miss Seychelles, Miss Martinique, kote yap pale kreyòl : Swa 1- Ak yon lespri tè a tè san pwofondè intelektyèl; oubyen 2- Ak yo lespri “Geopolitik”.

Menm jan La France devlope frankofoni pou konstri enflyans li, kisa ki anpeche Haiti devlope yon politik pwomosyon kreyòl kòm siman ant pèp nan karayib la? Yo rele sa #SoftPower

Anpil peyi nan karayib la pale kreyòl. Menm kote yo pale anglè tankou Dominik, Trinidad, kreyòl la egziste. Nan travay ak lòt jounalis nan Karayb la, mwen konstate sa. Nan emisyon mwen konn gen sou facebook chak senmenn ak sosyete sivil karayb la, moun yo pale kreyòl. Yo pran plezi fè sa pou demontre nou se yon sèl pèp ak menm listwa leskavaj. 

Konsitisyon Haiti mande pou gen yon akademi kreyòl, bagay sa te ka jwe yon wòl nan pwomosyon kreyòl, kreye Club kiltirèl ak kreyòl nan tout karyib la, kote gen anpil aktivite ki teka devlope pou kreye solidarite ant pèp nan rejyon an. 

An Haiti pagen lidè kap panse ak bagay konsa. Se chita vole, ranse, betize, babye nan radyo. Laprès pa pale de sa. Aloske pèp sa yo toujou ap tann Haiti jwe wòl li kòm premye repiblik nwa kap defann idantite, listwa, ak kilti tout pitit lafrik nan amerik la.

Bagay sa yo enèvan! Dirijan nou yo pagen okenn ideyal epope nasyonal oubyen istorik kap gide yo. Se pou rezon sa, politik tounen yon kesyon lajan, manje, pran plezi, san yo pap swiv anyen kòm bousòl.

Depi kèk jou map fè rechech istorik, paske mwen panse fòk Haiti konstri yon strateji “geopolitik” ki chita sou listwa li ak idantite li.

Nou gen desandan Aysyen Honduras, Guatemala, Belize, Mexik, Cuba, Sendomeng, Seminole florida. Moun sa yo se pitit aysyen kit'ap swiv Jean-Francois ak Biassous kise 2 chef rebèl ke Espay te bay grad jeneral avan Toussaint Louverture. 

Yo te rete fidèl ak espanyòl yo lè Toussaint vire do al jwenn Lafrans. Viktwa Toussaint sou Lespay oblije yo kite Haiti epi mache goumen tout kote ak lame espayol la. Yo te gwo stratèj ak bon solda ki ede Lespay goumen kont anglè yo tout kote. 

Senmen sa mwen sezi wè nan yon liv ki rele “South to freedom” kòman sanzèt nou sa yo te patisipe nan defann Nò Mexik apre Seminole yo te fin pedi batay Florida. Moun sa yo te kontribye nan goumen kont kolon esklavajis ameriken kite vle anvayi Nò Mexik. Nan paj 75 liv la, yo eksplike kòman nwa ki gen metye epi tou ki konn goumen te soti Etazini ak Haiti pou vin gonfle nan yo seri vil nan fwontyè Mexik ak Etazini. Misyon yo sete ede lame Mexik defann teritwa li kont plantè esklavajis ameriken. Vil sa yo rele : Piedras Negras, Guerrero, Laredo, Muzpuis, Parras, Nacimiento.

Yo fè sa apre yo te fin patisipe nan rebelyon pou liberasyon esklav nan tout koloni espayòl kote yo pase. Desandan moun sa yo ki pa janm sispann di yo se Aysyen, toujou ap tann Haiti akeyi yo kòm pitit li. Yo pa janm kache lamou yo pou Ayiti. Yo konstri yon vil nan Guatemala yo rele Livingtown sou yon bout tè kote espayòl yo te lage yo ak yon gwoup endyen yo rele Garifuna.

Kisa ki anpeche Ayiti devlope yon operasyon pou etabli kontak ak moun sa yo, fè menm jan ak Israel kap rasanble tout jwif ki epapiye nan mond l'an. Moun sa yo ka ede nou ranfòse relasyon ak peyi amerik latin yo pi byen epi soti nan izolman Sendomeng ap chache mete nou. Nou paka chita ap mennen yon politik san vizyon. Kote ministè aysyen kap viv aletranje? Kisa Afè etranjè ap fè nan sa? Nou pa wè Polonè yo ap devlope aktivite nan Kazal zòn Kabarè pou aysyen desandan yo kite rete nan zòn sa apre lendepandans? Poukisa nou pa fè tankou polonè yo? 

Dirije yon peyi mande yon gran konsepsyon de epope nasyonal. Li dwe fèt sou tan kout ki vle di jere pwoblèm chak jou, epi tout sou tan long ki vle di defann listwa ak lavini.

Sa kap pase an Ukrèn jodia remonte a konfli ant anglè saxon, Slave, Lituanien, Estonien, Lethonie, Polonè ak slav Rus, depi 9e syèk. Dominiken yo ap takle nou sou baz sa kite pase depi 1822. Dirijan Haiti paka rete bèbè tankou yon bann moun san kilti jeneral, san pwofondè… yon bann dirijan tèt a tè kap pale de konjonti sèlman ak yon bann medya ki chita sou zen.

Sa map di la konsène tout dirijan.

Si sa kontinye konsa, nap tounen yon pèp san idantite. Jodia moun ki kenbe Haiti se peyizan konsekan ki rete soude ak kilti peyi-a. Yo pa trayi, yo pa konn trayi, yo pap janm trayi. Se yo ki rezèv kiltirèl peyi-a. Travay nou se bay rezistans yo a yon dimansyon nasyonal ak entènasyonal. Se nan sans sa nap travay!


Cyrus Sibert, Okap, Haiti
24 Jan 2023
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr

Suivez nous :
https://twitter.com/reseaucitadelle
https://www.facebook.com/reseaucitadelle
https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/
https://reseaucitadelle.blogspot.com/

Aucun commentaire: