jeudi 19 janvier 2023

Nwa afrik yo te konnen Ejip, Jwif, Jezi ak Muzilman avan ewopeyen yo !!!

Éthiopie, Lalibela. Église monolithique de Saint
https://www.archeobiblion.fr/leglise-ethiopienne/

Moun kap joure Jezi pou montre yo gwo vodouyzan nasyonalis, nan erè. Bilolo Kongo nan erè. 

Paske nou menm afriken konnen relijyon jwif ak kretyen avan ewopeyen yo. Etyopi gen desandan jwif, Wa Salomon te gen fanm an Afrik. Gen afriken nwa ki pratike relijyon jwif nan Mozambik, Zimbabwe, Afrik du Sud. Gen legliz kretyen òtodok an Etyopi depi premye syèk. Lè sa ewopeyen ke yo te rele Celte, se lanati yo te konn adore. 

Nan liv ki rele “Le identités meurtrières”, Maalouf Amin explike kòman ewopeyen manipile nou nan pran poze se yo ki eritye Sivilizasyon Grèk, Romèn ak kreyèn, aloske fyèf sivilizasyon sa yo te plis nan zòn arab ak afrik. Espay, Itali se lòt pèp kite domine yo. Arab, "maure”. Lè sa ewopeyen te nan Nò kòm sovaj. Anperè Cezar pale de yo nan liv li. 

Sa ewopeyen yo fè, se mache ranmase bagay tout lòt pèp epi mete yo ansanm transfòme yo pou domine. Yo transfòme menm pawol Jezi pou zombifye nou. Men verite a, l’Afrik se yo melanj tout sivilizasyon : Ejip, jwif, kretyen, muzulman, vodou. Se sa ki fè nou rezistan tankou rozo. Yo paka konprann fòs nou. 

Nwa yo tanmen goumen ak ewopeyen yo depi lè nou rive an amerik an 1501. Nou te deja konn itilize metal fè, kwiv, nou te konnen anpil teknik. Sa ede’n adapte epi goumen kont leskalvaj. Gen sekrè nan tout sivilizsyon. Se move entèpretasyon yo, pou’n voye jete. #LeReCit 

Aucun commentaire: