#Haiti : Tout lidè politik kap pran woulib sou dosye 10 mil goud, se demagòg san karaktè ki panse se ak lajan blan pou peyi yo fonksyone.- (Teks Cyrus Sibert)
Si pagen dout ke sitwayen Aysyen an Ayiti tankou nan diaspora gen dwa mobilize pou mande bese taks leta ap pran sou yo, li klè ke nou paka anile dwa Peyi d’Ayiti gen pou reklame taks ak enpo sou tout sitwayen an Ayiti toukou lòt bò dlo. Se yon sòt de “membership”. Si w rete atache ak peyi d’Ayiti, w dwe peye taks ak enpo.
Aysyen refize prensip sa. Se pa sèl diaspora andedan peyi-a, moun yo refize peye enpo ak taks. Boujwa refize fè sa, klas mwayèn refize sa, leta oblije itilize estrateji endirèk tankou gaz, taks sou pwodi pou’l ka kolekte lajan.
Kòman nou santi nou lè nou tande se Anbasad Etazini k’ap bay politisye aysyen kòb pou manje?
Kòman nou santi nou lè nou tande se Blan kap finanse eleksyon lakay nou?
Kòman moun Okap santi yo lòske se vil Surennes nan peyi Lafrans kap finanse yon sit dechaj pou lameri jete fatra li ranmase?
Menm yon ti kanpay enfòmasyon pou di pèp la lave men li, lè li fin manje, se USAID ki pou finanse’l.
Se apati 1986 Ayiti tonbe nan nivo sa. Aysyen sanwont ! Se chita pale blan mal pandan yap tann blan pou fè yo viv.
Me regrèt si mwen oblije di sa, men lòt jou m’ap gade foto Manno Charlemagne ki sot opere nan lopital Miami. Nan kè’m mwen di Manno Charlemagne sot opere nan yon lopital enperyalis meriken, se yon seri dòktè si pase nan inivèsite kote “Plòt krache” li yo pat ka rive ki pran swen li.
Se pa sèl Manno Charlemange, ke mwen apresye anpil pou kouraj li, ki fè sa. Pi fò lidè lagoch 1986 ki t’ap pale enperyalis blan meriken mal, al pran swen nan lopital enperyalis meriken oubyen enperyalis dominiken apre yo fin transfòme inivèsite UEH an yon gwo òganizasyon popilè kap kreye espektak politik tout jounen.
Yo reyisi san pèp la!
@CyrusSibert ak @ReseauCitadelle pa gen objektif fòse okenn moun fè anyen, nou sèlman di li lè li tan pou nou fini ak demagoji sa yo. Nou pa ka ap di yon bagay epi pou n’ap fè kontrè li.
Mwen dakò ak yon seri zanmi ki di’m Prezidan Jovenel mande twòp yon sèl kou. Epi tou, gen lòt sitwayen ki pè pou estrateji mete tout resous ak materyèl nan yon sèl depatman oubyen rejyon pa deklanche revòlt lòt kote.
Prezidan Jovenel dwe konprann ke peyi-a ap soufri anpil, li p’ap ka ranje Gran Sid la yon sèl kou.
Men, Aysyen dwe konprann ke fòk yo peye pou yon bagay yo renmen. Nou paka ap di nou renmen klèb foutbòl Racing, ASC, FICA, TEMPETE epi pou nou refize peye match, achte mayo, kotize chak ane pou klèb la vanse. Sa pa fèt konsa.
Anpil moun nan diaspora a pale de lajan yo voye bay fanmi yo. Ebyen, konpòtman sa pa diferan de yon zwazo ki pote manje bay pitit li nan nich kote li kite yo. Se yon refleks natirèl ki pagen twòp konsyans kolektif dèyèl nan sans konsyan sosyal : se yon ensten parantal (instinct parantal) oubyen fanmilyal, yon senp refleks ki pap pote anyen anplis ke yon reyalite kenbe-la “survie”.
Pou transfòme listwa nou, kotizasyon diaspora dwe chita sou konsyans sosyal ak koletif, lè yo ka kotize pou reyalize bagay ki ka fè yo evolye, tankou mete lajan ansanm pou fè yon bank, konstri pwojè envestisman oubyen pwojè politik. Se sa kiben (Cubain) yo fè.
Bagay diaspora sa pa dwe tounen yon demagoji pou yon gwoup moun kache deyè’l pou bay presyon epi refize asire responsabilite yo.
Nou dwe konprann ke chanjman peyi d’Ayiti mache ak desizyon pou nou sispann kite peyi nou sou kont èd blan ap bay nan ONG, misyonè oubyen USAID.
Kòm tout moun konnen’l do’m laj pase laye. Map toujou gen kouraj pou di sa’m panse menm lè tout moun ap joure. Paske gende verite moun joure jodi epi demen yo di w te gen rezon.
Nan Labib, pèp Bondye toujou gen yon moun ki pou di’l laverite, menm lè yo joure’l, touye’l oubyen meprize’l. Pwofèt Ezayi (Esaïe) te di pèp la li gen pou’l depòte si li pa chanje konpòtman. Ebyen, san mwen pa yon pwofèt, map di Aysyen ke revolisyon milat ki Sendomeng la ap pran kontwòl tout zile si yo refize pran responsabilite yo. Paske, si mouvamn esklav yo te reyisi nan pati Wès zili a ki se Ayiti, nan pati Ès zile a ki se Sendomeng, se mouvman milat yo ki reyisi. Nou te oblije okipe Sendomeng pou anpeche moun sa yo retabli leskavaj. Yo gen sipò tout kote, yo angaje nan yon politik pou absòbe peyi d’Ayiti lè w oblije achte tout sa yo pwodi pandan yo refize achte anyen nan men’w.
Fòk nou louvri lespri pou nou konprann ke pandan 50 dènye ane yo tout kriz politik nou yo se an favè dominiken :
1- Ambago kraze ekonomi nou epi fè nou achte plis nan men yo,
2- Kriz nan inivèsite detri UEH epi fè jen nou yo ale etidye lakay yo;
3- Lame kraze, epi Aristide vann yo tout avyon ak ekipman lame d’Ayiti;
4- Gang operasyon Bagdad lakòz pi fò izin pak endistryèl travèse fwontyè;
5- Opozisyon ap kreye katchouboumbe pou bloke Martelly, sa lakòz tout envestisman kanpe pou ale kay vwazen;
Ann Konsidere Ayiti tankou manman nou. Pa kite se vwazinaj ki bay li moso manje. Se pa paske gen ti fanmi nan kay la ki ka itilize lajan w voye a mal pou’w refize voye kòb pou manman’w manje. W ka toujou bay presyon pou mete kontwòl pou evite kòb la mal itilize. Men, w paka di w pap voye lajan ditou pou manman’w, pandan wap kritike vwazinaj ki pa bay manman’w mose manje. Sa rele : demagoji!
Map tou di nou, li pa ekri okenn kote ni nan dwa fiskal ni nan dwa finans piblik, ni nan okenn prensip ke dwa leta pou kolekte taks ak enpo depann de jan li jere kòb la. Sa pa egziste. Sèl mwayen sitwayen yo gen pou mete kontwòl se ak enstitisyon leta yo oubyen ak òganizasyon vijilans sitwayen pou kontwole jan tout bagay ap mache.
Nou pa esklav ankò. Abitid ke nou gen pou se yon mèt blan kap jere tout bagay pou nou an, sanble remonte a epòk lesklavaj. Endepandans mache ak reskonsabilite. Oubyen nou endepandan, oubyen nou esklav blan!
Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
28 Dawout 2017
WhatsApp : 509-3686-9669
@ReseauCitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr
https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10153417078189478.1073741826.170678274477/10156679090674478/?type=3