dimanche 4 décembre 2022

Ankèt Asasina Prezidan Jovenel Moise: Jij Walther Wesser Voltaire trayi tèt li.-


Pa Anbasadè Stanley Lucas*


Jounalis Windy Phele anonse sou kont Twitter li ke nan entèwogasyon Leon Charles e entèwogasyon Dimitri Herard tèlman gen kontradiksyon Jij Walther Wesser Voltaire sètoblije oganize yon konfrontasyon ant 2 neg yo madi 29 novanm 2022. Jounalis la ajoute jij la gen poul tande kolonbyen yo nan fen mwa desanm osinon debi mwa Janvye. https://twitter.com/windyphele/status/1597680142092206081

Lòt enfòmasyon ki bay sou ki lòt moun yo pral odisyone montre klèman se Jij la kap bay enfòmasyon https://twitter.com/windyphele/status/1597712560735719424

Se sèl jij enstriksyon Walther Wesser Voltaire ki gen kalte enfomasyon sa yo. Kesyon kap poze, poukisa jij la pibliye enfomasyon sa yo? 

Sa jij la fè la nan sikilasyon enfomasyon sa yo vyole lalwa, patikilyèman kòd enstriksyon kriminel. 

Nan bay enfomasyon sa yo, jij Voltaire ap fè sa spesyalis rele pwopagand pré-operasyonèl. Distribisyon enfomasyon sa yo fè pati de yon strateji politik jij la ap aplike. Sikilasyon enfòmasyon sa yo gen pou objektif sakrifye kèk moun pou proteje gwo oligak, gwo politisyen ak blan ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè 2021. Pou li fè travay sal sa, jij la dwe kòmanse oryante opinyon piblik la nan yon direksyon nan bay enfomasyon enterese. Distribisyon enfomasyon enterese sa yo ap ede jij enstriksyon an fèmen dosye asasina a nan fè yon odonans definitif limité kote li pral sakrifye kèk bouk emisè e proteje gwo asasen yo. Nan kad strateji sa jij la déjà gen list moun li dwe sakrifye. Jij Voltaire nan ekzèzis sa trayi tèt li nan travay sa lap fè pou Ariel ak oligak yo. Jij sa dwe rekize tèt li. 

Kelkeswa moun li rele pou entèwogasyon an danje. Enfòmasyon temwen yo pral piblik e gen manipilasyon politik jij pral fè ak yo. dezòd sa kòmanse depi lè li te voye envitasyon pou jounalis Louko Desir. Nan analiz odio youn nan asasen Inite ki nan mawon e ki enplike nan touye prezidan montre ke kriminel sa an kontak ak jij la tou paske nan odio a li te mande konvoke Louko.

Selon lalwa lè yon jij enstriksyon ap mennen ankèt sou yon krim ki fèt, enstriksyon an dwe totalman sekrè. Lè enfòmasyon jij la ranmase nan ankèt la vinn piblik sa vyole atik 59, 119, 124, 125, 130, 138, 149, 167, 215, 223, 1035 kòd enstriksyon kriminel. Lè sa rive jij la dwe retire kò li nan dosye a. Jij la obligatwaman dwe dépôte tèt li. 

Depi nan kòmansman tout moun konnen se minis jistis Inite a Paul Denis ki te nonmen Walther Wesser Voltaire nan sistèm jidisyè a. Kidonk Bernard Saint Vil pat dwe janm nonmen li kòm jij enstriksyon sou dosye asasina Prezidan Moïse paske gen konfli enterè. Konfli enterè sa soti nan reyalite kote plizyè zotobre Inite enplike nan touye Prezidan Jovenel Moise. Plizyè ladan yo te nan kabinè Paul Denis lè li te minis jistis. Depi lè yo te nonmen Jij Voltaire tout moun te wè se te yon manèv Ariel, Dimitri ak Jean Marie Vorbe e Berto Dorce ki se avoka sogener ke oligak Vorbe yo mete minis jistis.

Yon lòt bagay ki trayi kou yap préparé a, wap remake tout jij enstriksyon ki te sou dosye asasina anvan jij Voltaire pat resevwa oken mwayen paske pouvwa a pat kontwole yo se pousa yo te refize bayo mwayen e yo te jwen menas. Depi jij Inite a Jij Voltaire monte yo bali tout mwayen posib. Jitis la malad ampil nan peyi dayiti. Se rezistans a vijilans pèp la kap veye ki fè malgré tout kou asasen yo ap bay, dosye jistis pou Prezidan Jovenel Moïse ap vanse. 

* Anbasadè Stanley Lucas te konseye spesyal Prezidan Jovenel Moïse

Aucun commentaire: