mercredi 28 décembre 2022

#Haiti bezwen yon fòs entènasyonal pou ede konbat gang epi kreye kondisyon pou ranfòse enstitisyon Leta, sitou #FADH.- (Teks Cyrus Sibert)


Depi asasina Driektè Akademi Police-la devan pòt akademi ki se prensipal baz #PNH, mwe reyalize ke lapolis nou gen la pap kapab rezoud pwoblèm ensekirite-a.


Tout evènman #Fantom509 (gang polisye) ak asasina prezidan Jovenel montre nou ke #PNH gen gwo pwoblèm. W paka konbat tout kantite gang sa yo ki an #Haiti san yon polis solid ak bonjan kòmandman, moun onèt ki ka kenbe sekrè. Dènye nouvèl sou blende lapolis #PNH kap fè taxi pou moun travèse zòm bandi kontwole, se prèv ke bagay yo grav. 

Experyans mwen nan konbat kidnapin ak #UNPOL #MINUSTAH demontre'm ke pou’w jwenn rezilta, pafwa w bezwen gen yon gwoup ki pa sou zòd lapolis pou kolekte enfòmasyon analize yo, san yo pa filtre. Nan yo peyi kote bandi kraze enstitisyon epi kontwole Leta, konbat kidnapin mande yon 3e ekip pou fè ransèyman, lokalize bandi, epi akonpaye #PNH pou netralize yo. 

Pou tout rezon są yo, mwen panse #Haiti bezwen yon fòs entrajè pou ranfòse #PNH ak #FADH. Ede fè #vetting pou netwaye lapolis la, epi ekipe ak fòme inite entèvansyon yo, bay yo asistan ransèyman ak gidaj sou teren operasyon yo. 

Sitiyasyon aysyen parèy mwen an #Haiti bay tristès. Nou paka chita nan gwo peyi ap byen viv, fete #Noel san nou pa pote asistans bay yo. Moun yo ap mouri, yo pagen swen sante, lopital paka fonksyone, lavi chè ki vle di yo paka manje, yo twomatize, tout aktivite bloke, yap mouri… Saaa se yonn nan koz frekansite dominken kap depote yo tankou bèt paske anpil nan yo oblije al sere kay vwazen ki ap pwofite pou imilye nou. Lè moun yo ap rakonte’w jan yap viv Haiti, w paka pa kriye. Tout pwofesyonèl klas mwayèn oblije ap vann byen yo pou yo achte manje.

Si aysyen frè ak sè’n yo genyen nou, se pou nou ede yo, pale pou yo, ede yo rezoned pwoblèm yo. Nou dwe reskonsab. 

Tout moun konnen mwen pa renmen solda etranje pou peyi’m. Depi 2002, map mande pou rekonstri Lame peyi nou #FADH. Gerard Latortue, Bernard Gousse tout asyen GNB nou wè ki nan akò MONTANA jodia te pase’m nan betiz. Mwen gen anpil lenmi pou diskou sa. Tout jounalis ak radyoman Port-au-Prince leve kont mwen paske se pa sa boujwa kap finanse yo te vle.

Dayè se rezon sa ki fè Nancy Roc avè’m gen pwoblèm aloske nou te konn kolabore trè byen (emails yo la). Li te lage 2 gidon kont lame nan emisyon li yo chak samdi kote li tap dyabolize militè. Epi kan operasyon Bagdad deklanche, li pran azil Canada kite tout moun kitap koute’l yo dèyè.

Mwen te pale yo! Mwen te di yo ann pwofite remobilize lame pou Leta okipe teren an avan gang chimè Aristide yo regwoupe epi remobilize. Tout politisyen, entelektyèl klas mwayèn ak oligak te panse sa fini, yo pral kapab reprann kontwòl chimè yo, sèvi ak yo pou yo pran pouvwa, kenbe pouvwa, regle zafè yo. Ebyen, se echek total kapital. Jodia nap viv konsekans lan. Gang yo jeneralize e tout moun ka viktim.

Ak tout mwen kontan paske gen jefò kap fèt pou remanbre lame ak lapolis, bagay la poko sa. Kantite tan sa mande pou yo gen kapasite pou jere sa kap pase an #Haiti a, si anyen pa fèt, tout moun ap fin mouri nan peyi sa. Tout bagay ap fin kraze. Tout pwofesyonèl w bezwen pou fè yon peyi fonksyone ap kite’l oubyen mouri.

Kidonk, menmjan dominen yo te pwofite de entèvansyon militè Etazin 1963 pou yo remanbre ekonomi yo, mete lòd nan ladwann, nou dwe di tèt nou se dènye fra epi pwofite remandre enstitisyon peyi nou. 

Fòk nou pa blye strateji revireman zansèt nou yo. An bon kreyòl nou ka rele sa strateji chanje kan, ke Toussaint Louverture, Dessalines, Pétion, Christophe te fè pou defann revandikasyon pèp nou an epi pwofite kreye lame endijèn, lanse lagè endepandans jiskaske yo rive kreye yon Leta.

Moun yo ap mouri an silans an #Haiti. Lavi enposib, lekol paka louvri, machann paka fonksyone, kamyon paka vwayaje. Kè sote tout kote! Nou paka inyore sa!

Mwen pa yon moun ki kwè pou yon moun gran se pou’l pa jan’m chanje pozisyon. Se manti. W kapab toujou chanje pozisyon si w konstate li pap mennen’w kote w vle ale a ki se defann peyi-w ak pèp w. 

Demokrasi pa ka fonksyon ak pozisyon radikal. Dwe gen konsansis diskisyon epi nou janm dwe blye ke objektif prensipal la se lavi pèp aysyen ak peyi nou. Bagay radikal sa, se gwo pwoblèm an Haiti. Tout lidè politik panse se "rete kanpe sou yon pozisyon" ki fè valè yo. Epi radyo, lekol, legliz, ap fè pwomosyon vle lide mache. W ka tande jounalis ki fache deske opozisyon rankontre ak pouvwa pou diskite. 

Ebyen, w kapab toujou chanje pozisyon epi fè konpwomi si objektif w rete amelyore lavi pèp w ak peyi w.

Prezidan Biden sot bay egzanp lan ak politik li fas a prezidan Venezuela Nicolas Maduro, kote li retire tout sanksyon epi otorize pwodisyon gaz pou evite peyi li Etazini ak pèp ameriken an soufri ak kriz gaz ki agrave ak lagè an Ukraine.  Li otorize pwodiksyon "gaz chis” kise yon gaz ke li te entèdi lè li fenk rive sou pouvwa.

Lidè politik Marc Bazin te konn repete : “ Nou pa dwe itilize peyi Haiti pou’n fè politik. Nou dwè itilize politik pou ede peyi Haiti vin miyò. “

Cyrus Sibert, Okap, Haiti
28 Desanm 2022
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr

Suivez nous :
https://twitter.com/reseaucitadelle
https://www.facebook.com/reseaucitadelle
https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/
https://reseaucitadelle.blogspot.com/ 

Aucun commentaire: