Mesaj sa yo wap gade la se denyè manèv oligachi ak boujwa salòp yo pou pwoteje sistèm nan : Stateji sa se BLAME VIKYIM YO, FÈ YO KWÈ SE YO KI LAKÒZ.- #LeReCit
[ Pou kantite fòs moun sa yo genyen pou koupe rache, retire dirijan mete dirijan, si yo te vle peyi mache, w panse gen dirijan ki tap ka di yo non? ] 1- tou dabò lefè ke yo oblije parèt tèt yo sa montre ke yo pedi batay kominikasyon an. Radyoman yap peye yo echwe. Moun kap fè divèsyon sou rezo pou yo echwe. Zye pèpla komanse louvri. 2- nou sonje video kote Reginald Boulos te nan reyinion ak baz Arnel Belizaire yo, epi li te pwomèt lap finanse batay yo? Kelke jou apre sa yo arete Arnel Belizaire ak yon bann zam nan vil Jacmel. Malgre, sa Boulos yo vle fè nou kwè se dirijan politik ki lakoz vyolans an Haiti. Jodia yo tout soti kò yo pou akize Claude Joseph. Epi yo panse ke nou menm kòm gwo egare nap pran sa nan men yo. André Corten kise yon gwo entelektyèl Kanada rele sa “Stratégie consistant à individualiser les causes de la violence, de la pauvreté et des problèmes sociaux”. Misye explike ke menm Bank Mondyal ak FMI itilize vye teknik divèsyon sa pou kenbe mas pèp yo nan fè nwa. Wap ka li sa nan liv ki rele “La violence dans l'imaginaire latino-americain." Bank Mondyal ak FMI pa janm pale de sistèm explwatasyon ak dominasyon sosyal ke klas dominant yo mete sou peyi yo epi pwoteje yo nan enterè yo. Pisans enperyalis yo pwofite de sistem dominasyon sa yo pou vole resous ak lajan peyi pòv yo ak konplisite oligachi lokal. Sa Bank Mondyal ak FMI fè, yo chita ap akize lòt bagay. Pwofesè Corten di’w : “ nan rapò yo, Bank Mondyal ak FMI renmen pale de chomaj oubyen travay kòm kòz mizè. Aloske se pa yon kesyon travay oubyen chomaj, se yon kesyon salè. Travayè yo pagen okenn enflyans sou kòb yap peye yo. Yap mal viv e sa lakòz vyolans ak tansyon sosyal. Se menm bagay pou peyizan kiltivatè. Yo pa gen kontwòl pri pwodi yo travay pou li. Tout eksplwatasyon an chita nan sa yap peye’w pou gwo travay wap fè.An Haiti oligachi kontwole pri gras a monopol pandan yap explwate malere ak salè yo enpoze yo oubyen pri ba danre ak machandiz yo achte nan men yo.
Pou’w konprann koz yon pwoblèm, w bezwen sèlman gade ki moun ki benefisye de li? Ki kote mas kòb la ale? Nou pap pale de 10% kob oliagchi depanse bay entelektyèl klas mwayèn avoka, jij, kontab, politisyen pou travay pou yo, nap pale de 90% lajan ke yo transfere nan bank aletranje.
Sou analiz sa, yon lòt pwofesè ameriken yo rele Micheal J. Sandel di nan liv ki rele “Tyrannie du mérite” : si tout travayè te gen kapasite pou enpoze kantite kòb yo dwe touche pou travay ak machandiz yap vann, patap gen mizè.
Paske nan tan lesklavaj tout noun tap travay. Men yo pat resevwa fri travay yo kidonk anyen. Jodia tou moun kap travay yo pa resevwa ase fri tavay yo. Patron bay yon ti grabday pou yo kontinye vin travay, men pa pou yo viv nan diyite ak fanmi yo.
Reginald Boulos te site non yon bann bandi Site soley ke li rele ajan devlopman. Lite konfime ke li finanse bandi sa yo. Se apre tout moun nan katye popilè yo ap ekri sou rezo sosyo fè konnen moun misye pale de yo kòm ajan devlopamn se bandi kap touye malere nan Site a.
Reginald Boulos te benefisye gwo kontra lè Jovenel fenk monte prezidan; ankèt montre kantite lajan ONA ki nan men fanmi li;
jodia w tande l'ap chache vann tè li gen ak OFATMA, kidonk Leta, pou plizyè milyon dola US.
Boulos pat janm kache l'ap finanse destabilizasyon prezidan Jovenel. Li di te sa ouvètman nan radyo ak televizyon.
Kidonk, moun sa yo fè sa yo vle nan yon sistèm, yo chanje gouvènman lè yo vle, fè pil lajan ak Leta, chanje premye minis Lamothe paske li pat dakò achte bus nan men'l pou konpayi Diyite ni manje pou pwogranm kit alimantè, aloske Leta te ka jwenn jwenn bagay sa yo pou pi bon mache lòt kote.
Boulos nan peye Lobby Washington. Boulos di’w ke tout fanmi li dakò avè’l. Dimitri Vorbe ki marye ak yon mann fanmi Boulos ap koupe rache nan pouvwa ak nan kès Leta…
Men yo di’w se ti nèg nwa ki minis ki nan administrasyon Leta ki pwoblèm peyia. Aloske nèg yo tèlman pisan menm yon kòmand asfalt prezidan Jovenel te fè, yo te arive bloke fè’l pa jan ka rantre. Pouvwa oligak sa yo chita sou sa yo rele "Deep State” ki vle di gwo rezo mafia andedan Leta, nan administrasyon piblik, finans, nan Polis, nan jistis, bank ak komès entènasyonal.
Pou kantite fòs noun sa yo genyen pou koupe rache, si yo te vle peyi mache, w panse gen dirijan ki tap ka di non?
Nan peyi Sendomeng, se boujwazi a ki enpoze stabilite politik wi. Lè peyia te bloke apre eleksyon Balaguer ak Pena Gomez an 1994, boujwazi dominiken an di yo “mesye nou gen biznis nan peyi sa fòk yo fonksyone. Nou pap ka aksepte nou bloke peyi sa pou koze eleksyon. Degaje nou twouve yon antann rapid rapid.” epi sa’w tande a tout pati politik yo oblije siyen yon akò yo rele "Pact Democratic"
Apre sa boujwazi a deside finanse pati politik ak oganizasyon reskonsab. Yo di “nap finanse nou, nap finanse kanpay nou, men dwe gen stabilite. Tout kontestatsyon elektoral dwe fèt pandan jounen vòt la yon fason pou rezilta bay nan aswè avan solèy leve demen maten.”
Boujwazi dominiken pa finanse vyolans politik, ni gang pou destabilize pouvwa. Yo finanse stabilite ak devlopman ekonomik nan Sendomeng. Depi lè sa peyi yo ap vanse.
Prezidan Jovenel te toujou di sa : “Pi gwo bagay peyi-a bezwen se stabilite politik” Men boujwazi sa chita ap finanse sibvèsyon, peyi lòk, kraze brize, ensekirite pou anpeche diaspora ak lòt moun vin envesti an Haiti.
Pagen wout pa bwa : Si nan peyi kominis, se pati kominis, nan peyi kapitalis se boujwazi ki mèt sistèm an.
Pa kite mèt sistèm fè'w kwè se pa li ki lakòz si Haiti kraze, se fòt w menm ti malere oubyen eleman klas mwayèn. Se manti!
Pa kite okenn boujwa salòp fè’w kwè se w menm oubyen se ti malere ak entelektyèl pòv ki majistra, depite, senatè, minis e menm prezidan se yo ki mete Haiti kote li ye l'a. Sa se manti! Se pawòl pou manipile moun ti lespri. Se ak manti sa yap pwoteje sistèm peze souse yo a depi plis pase 200 lane.
Depi Papa Desalin, yo toujou touye oubyen jete tout dirijan ak prezidan pwogresis ki vle chanje peyi-a. Yo jete prezidan pwogresis tankou Estime pou ranplase'l pa yon kk-kleren tankou Jeneral Magloire. Men chak jou yap di’w sepa yo menm ki anpeche chanjman, se pa yo ki mèt sistèm an.
Yo fè koudeta lè yo vle, apresa yo di’w se pa yo, se Lame d'Haiti.
Yo touye Jovenel apresa yo di’w sepa yo se USGPN, se PNH.
Epi, paske yo konnen mantalite jalouzi ak konpòtman krab nou menm ti nèg, yo kalkile ke nap prefere kritike moun ki soti menm kote ak nou tan pou nou mete presyon sou yo menm boujwazi salòp.
Yo konnen nou byen! Yo konnen ke nou pè milat, nou pè blan, kidonk nap toujou panse ke yo se Sen Legliz. Moun po klè paka fè anyen ki mal. Yo konnen sa nan lespri nou depi nan tan esklavaj.
Menm nan lekòl, yon pwofesè gen tandans pwoteje elèv ki gen po klè. Fè’l vin chita devan. Toujou prèt pou ede’l, akonpaye’l. Gen pasyans ak li. Pale avè’l ak respè, jantiyes. Pandan lap kouri ak bòt lòt elèv yo.
Se bagay sa yo oligak yo konnen ki fè yo lage 2 kidon sou rezo sosyo yo ap akize moun ki soti pami nou fè yo pase kòm kòz pwoblèm peyia.
Men, w pa dwe janm blye sa : Se pou'w gade ki moun ki benefisye sistem sa? Ki moun ki gen monopòl pou enpòte machandiz nan peyi sa? Ki kote 90% lajan peyi-a ale? Mwen pap pale de miyèt yo bay eleman klas mwayèn pou travay tankou reprezantan yo. Sa vo sèlman 10% tout kòb boujwa ap vole.
Pa ekzanp, oligachi a bay politisyen kòwonpi yon ti miyèt pou fè manifestasyon vyolans, lòk peyia pandan lap touche 12 milyon chak mwa nan Bank Santral. Jodia lap chache pran 450 miylon US nan kès Leta pandan malere ap mouri grangou epi domestik li yo ap vole ti monnen nan Leta.
Ki kote tout kòb peyi-a ale? Ki gwoup moun lajistis paka kenbe nan prizon? Ki gwoup moun ki gen pouvwa pou fè Tribinal fè seyans lè yo vle pandan malere ak pouri nan prizon san jije? Se repons a kesyon sa yo kap di nou ki moun ki mèt sistèm lan.
Moun sa yo panse nou tout se egare. Ebyen louvri zye nou! Sa paka kontinye konsa! Nou pa egare!
Yo pral fè’w di : men se pa yo ki sou pouvwa?
Ebyen reflechi : milyadè nan mond sa, moun ki kontwole tout gwo antrepriz ak gwo bank nan mond sa, moun sa yo pa oblije al nan biwo, yo pa oblije al nan eleksyon, ni chita nan Palè Nasyonal.
Yo jis chita lakay yo yap telegide malere klas mwayèn kap travay pou yo. Men se pou yo antrepriz yo ye ak tout benefis pwofi kap fèt. Si moun kap travay nan biwo yo pa fè sa yo mande yo, yap revoke yo. An Haiti oligak touye yo. Se pa nèg ak kravat w wè chak jou nan biwo yo ki mèt gwo antrepriz nap pale yo, se moun kap touche benefis yo. Se kote mas kòb yo ale-a ke mèt sistèm an ye.
An Haiti se pa desandan esklav kreyòl yo ki mèt sistèm lan, se desandan kolon yo; Sepa eleman klas mwayèn ki mèt sistèm lan, se oligachi salòp l'a. Lè gen eleman ki soti pami nou ki denonse oubyen kritike sistèm an oubyen vle fè chanjman, yo touye yo. Menm jan yo touye Guito Toussaint ki modènize bank leta BNC mete’l nan konkirans ak bank prive yo.
Yo te touye Desalin paske li reklame tè pou moun ki soti an afrik yo; yo touye prezidan Salnave ki t'ap pale de refòm ak pwomosyon sosyal, yo konbat Antenor Frimin, yo jete prezidan Estime, yo konbat tout entelektyèl zye kale tankou Leslie Manigat ki vle prezidan, yo touye Jovenel Moise kit'ap denonse yo.
Kidonk, yo se mèt sistèm sa ki kontwole peyi-a depi apre asasina Papa Desalin. Apre Lamò Christophe yo lage 2 kidon yo touye tout jeneral kite ak Desalin, yo asasinen ofisye nwa, yo konsolide sistèm neo-colonial sa sou prezidan Boyer. Yo fè nou peye yon ranson lendepans.
Haiti peyi nou pap janm ka chanje si nou pa idantifye sous pwoblèm li jan nap fè sa, epi deside atake vrè kòz yo san demagoji.
Pou komanse se pou nou egzije yon lwa kont monopòl. Paske baz sistèm sa, kolòn vètebral li, se monopòl ekonomik. Depi nou kraze monopòl yo, sistèm peze souse-a ap destabilize epi efondre.
Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
11 Septanm 2022
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr
Swiv nou sou :
https://twitter.com/reseaucitadelle
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire