mercredi 29 juillet 2009

Bilten Meteyo Mèkredi 29 Jiyè 09


Pou rive jouk 31 Jiyè 09


SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA


Rejyon Karayibeyèn nan anba enfliyans yon laj zòn bon tan, ki chita sou Atlantik la maten an. Sitiyasyon sa, toujou kenbe zòn bon tan an ak van sou peyi d’Ayiti jodia ak demen.

PREVIZYON POU AYITI

_ Gen bon tan maten an;
- Ap gen van ak kèk nyaj de tanzantan nan aprè midi;
- L’ap fè cho pandan jounen an ak lannwit lan;
- Gen fèb chans pou lapli tonbe aswè a sou depatman nou yo.

PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE’L YO

- Gen bon tan maten an;
- Ap gen kèk nyaj nan fen jounen an;
- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 36°C , pi ba l’ap desan’n se 24°C;
- P’ap gen lapli aswè a.

Leve ak kouche solèy la pou pòtoprens

Jodia 29 Jiyè leve : 05 è 26 mn kouche :06 è 25mn
Jedi 30 Jiyè leve : 05 è 26 mn kouche :06 è 25mn
Vandredi 31 Jiyè leve : 05 è 27 mn kouche :06 è 24mn




Previzyon pou Lanmè a
Mèkredi 29 Jiyè 09 pou rive 30 Jiyè 09



Zòn kotyè Nò
Mèkredi & Jedi

* Van an ap soufle nan sektè Ès - Sidès :15-25 ne;
* Vag yo ap monte 6 – 8 pye ;
* Lanmè a ap yon ti jan ajite
* N’ap mande vwalye yo, pou yo pran prekosyon nan lanmè a.


Gòlf Lagonav
Mèkredi & Jedi


* Van an ap soufle nan sektè Ès : 20-25 ne;
* Vag yo ap monte : 8 - 11 pye;
* Lanmè a ap ajite;
* N’ap mande vwalye yo, pou yo pa rantre nan mitan lanmè.


Zòn kotyè Sid
Mèkredi & Jedi


* Van an ap soufle nan sektè ( Nò- Ès ) Ès: 20 -30 ne;
* Vag yo ap monte: 9 – 14 pye sitou nan laj;
* Lanmè a ajite bò kot yo; men l’ap pi ajite pi lwen
* N’ap mande kapitèn ti bato yo, pou yo pa rantre nan mitan lanmè.

Aucun commentaire: