Imaj sa di tout bagay! Sèl Jerry Tardieu kontan, li sèl ap ri, tout jenn yo ap gade misye. Yo pa konprann sa li genyen. Li klè ke sa misye ap pale a sepa sa ki preyokipe yo. Men Jerry reyisi san yo. Lap ri san yo ——
Nan liv ki rele : “La democratie contre elle-même” filozòf fransè ki rele Marcel Gauchet explike kòman depi 1989 apre efondreman URSS elit politik ak entelektyèl yo evite pale de pwojè sosyete. Yo lage 2 kidon nan pale de lalwa, dwa moun, konstitisyon pou yo pa janm pwopoze anyen ki kapab kraze sistèm k’ap bay mizè, soufrans ak lanmò nan mitan pèp yo.
Se kòmsi gen yon antant pou yo pa pale de pwojè sosyal ak devlopman ki ka bay chanjman. Marcel Gauchet di : “epoutan, se lide ak pwojè transfòmasyon sosyal ak ekonomik ki ka bay chnajman”.
Si’w pa pote lide ak pwojè ki pou fè pèp la pran konfyans, mobilize pou goumen epi defann pwojè striktirèl ki kapab bay chanjman an pwofondè, w se gwo blofè.
Se paske mèt sistèm sa konnen yo gen kontwòl tout enstitisyon ki ka aplike lalwa ak dwa moun yo, kifè yo lage moun pou fè nou kwè bagay sa yo ka chanje kichòy.
Kidonk, yap manipile nou.
Nou pa wè se dwa minorite ki alamòd tout kote? Sa pèmèt yo pa pale de change rapò kapital /travayè pou pèmèt moun kap travay gen pouvwa pou negotie salè yo.
Pa blye... libète esklav Haiti yo te vin posib apre efondreman sistèm esklavaj la. Si w pa chanje sistèm nan tout sa wap pale se demagoji.
Gen yon pwofesè Havard ki rele Michael Sandel, misye ekri yon liv sou “Meritocracy” ki rele “The tyranny of merit!”. Misye explike kòman yon bann bagay nap fè timoun yo kwè pou yo reyisi se blòf. Yon moun reyisi lè gen yon sosyete ki pare pou akeyi talan li genyen. Kidonk, gen anpil jenn ki etidye, fè sakrifis, travay di, pase anpil lane sou ban lekòl epi kap pase mizè jodia paske yap viv nan yon sosyete ki pa konprann valè yo. Si “Roi football Pele” te fèt Etazini, li patap rive sa li ye-a. Si Michael Jordan te fèt Brezil, li patap rive kote li ye-a.
Pwofesè Sandel ale pi lwen pou di, tout pale anpil, tout swadizan diskou pwogresis yo se demagoji pou distrè lepèp. Li di, bagay la senp : SE GEN KONTWÒL PRI TRAVAY W ki se SALÈ w.
Klas dominante yo kontwole pri salè ak machandiz. Chak fwa gen yon mouvman serye ki atake monopòl pri ak salè, si yo santi li enpòtan, yo aksepte fè kèk ti konsesyon pou sove sistèm nan, epi apre yo chache reprann kontwòl.
Sa lakòz yo pa kite ase lajan ale nan men mas travayè yo oubyen mas pèpla. Kidonk, si w pa resevwa ase lajan pou travay w fè ak sa w pwodi, w pap gen mwayen pou viv nòmal. W’ap nan mizè.
Tout bèl diskou, tout bèl konferans, yo pap janm touche kontwòl salè ak pri boujwazi genyen. Se dekwa pou’w pa pran konsyans, mete presyon, epi ede malere jwenn ti avantaj. Se kote gen konkirans kote monopòl ilegal, se yon krim, se sèl nan peyi sa yo gen espwa.
Men an Haiti, oligachi-a gen monopòl. Kidonk, menm yon ti grabday lepèp paka jwenn.
Se moun ki egare ki pa konprann anyen ki pou al chita devan politisyen ak reprezantan oligachi boujwazi salòp kap radote san li pa pale de lesansyèl :
- An Haiti se ak monopòl ak prejije ke yon ti gwoup moun itilize pou kontwole tout bagay sitou pri ak salè. Gen yon kilti meprize moun ki enstitisyonalize. Pagen okenn deba, konferans kipou fèt san nou pa oblije yo abode pawòl sa yo. Pagen egare ankò!
Jerry Tardieu an misyon pou oligachi sa ki avili nan dosye Jovenel la. Oligachi sa kitap finanse tout vyolans ak enstabilite pou yo jwenn tranzisyon. Jodia tout moun wè anba yo. Yo panse yap ka manipile nou ak yon ti pedan ki pwomèt yo lap sove sistèm yo a.
Blòf la se mache pwomèt diaspora yap kite yo vote. Eske w panse se sa ki pi enpòtan pou diaspora? Vote chak 5 an pandan yo paka fè komès ak peyi yo. Paske yon ti minorite gen monopòl. Ozetazini diaspora tout peyi ap fè komès ak peyi yo : Dominiken, Brezilyen, Endyen, Mexiken, Chinwa. Sèl diaspora aysyen ki pagen dwa sa. Yo kondane pou fè 2 w 3 job pou voye selman lajan ki pou fè komès oligachi a vann. Kidonk, yo endirekteman tounen esklav oligachi a.
Diaspora kap fè komès ak peyi yo ap byen viv Etazini. Gen nan yo ki pa menm travay ak blan meriken yo sèlman viv ak benefis komès yo.
Diaspora aysyen oblije ap mal viv. Paske yo oblije retire nan sa yo genyen pou voye nan yon peyi kote boujwazi monopòl anpeche yo benefisye. Nan sans sa, boujwa salòp an Haiti ap explwate diaspora a. Diaspora ap travay pou yo tankou esklav yo.
Imajine’w kòman Haiti tap ye si chak fanmi aletranje teka fè biznis ak fanmi yo. Gen manm fanmi ki patap menm vle vwayaje al bourike USA. Konsa w menm ki nan diaspora w tap alèz.
Pa kite yo manipile’w ak pale mete la epi kite sistèm yo a san chanjman. Nou te viv sa an apre depa Duvalier. Yon bann bèl pawòl chanjman ki pa bay rezilta paske oligachi salòp la te antann li ak politisyen yo pou anyen pa chanje.
- Pandan yo fè pepla ap boule makout, yo menm yo vole tout antrepriz Leta kite konstri sou Duvalier;
- Yo di nou lame pa bon, yo fè Aristide kraze’l epi yo pran tout solda yo nan konpayi prive pou al bay yo sekirite;
- Yo fè politisyen mennen yon kanpay kont grandon kite yon eleman enpòtan nan pwodiksyon agrikòl. Grandon yo te reprezante yon boujwazi pwovens kite an konpetisyon ak oligachi nan kapital la. Yo pat bezwen boujwa salòp pou yo evolye.
Louvri zye nou!
Premye desizyon Aristide pran lè li fin monte an 1991 se voye Minis travo piblik Frantz Verrella al fèmen chantye konstriksyon ayewopò Okap. Paske oligachi pat dakò gen lòt ayewopò an Haiti. Lè sa yo te di se CIA kap konstri ayewopò a pou’l ka itilize pou voye zam an amerik latin. Mwen te konn tande sa. Gen gwo militan pwogresis kite konn ap repete sa. Yo te kite yo manipile yo.
Louvri zye nou!
Oligachi Pòtoprens itilize mouvman politik pou boule tout biznis Okap ak nan lòt vil pwovens pou ranfòse monopòl yo.
Se ak politisyen demagòg boujwazi salòp antinasyonal toujou sevi pou manipile nou. Li ta twò fasil pou’n ta kite yo rekòmanse san yo pa jwenn moun kipou denonse strateji sa.
Konstitisyon pa nwi sistèm an. Yo pa janm aplike sa pèp te vote an 1987 la; Yo vyole tout lwa lè yo vle, yo fè sa yo vle nan peyi-a. Alòs, pouki rezon yo ta va aplike yon nouvèl konstisyon? W gen dwa mete tout sa w vle nan yon konstitisyon. Kite mele yo!
Pa kite yo manipile nou. Ann pale de lesansyèl. Se de kraze monopòl, kraze sistèm mepriz sosyal, prejije kont moun andeyò, moun pwovens, moun nwa, moun nan katye popilè, kont moun ki pale kreyòl, se bay yo aksè a kredi, envèti nan pwodiksyon nasyonal pou kreye travay pou majorite aysyen rete nan peyi-o. Se de sa yo pou’n pale.
Paske se sa yo ki lakòz peyi kraze. Vye politik santralizasyon peyia, refize kite pwovens yo devlope pou pagen konkirans ant grannèg pwovens ak yo, se bagay sa yo ki mete nou kote nou ye la.
Tout moun konnen nèg yo fè sa yo vle nan peyia. Kan pou yo regle zafè yo presidan paka anpeche yo. Nou wè kòman oligak kòwonpi asasinen prezidan Jovenel andedan lakay li. Men kan yo bezwen justifie echèk yo, lè yo bezwen jistifye rezon ki fè yo pa bay rezilta, yo di’w se prezidan ki lakòz. Men tout afè yo ap mache. Tout bagay pèsonèl yo regle! #LeReCit
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire