vendredi 30 septembre 2011

Cyrus di: Vive Michel Martelly! Mwen kontan anpil fason dosye lame a ap vanse. Lekol la yon reyalite, menm si fok nou veye move je kap chache pran kontrol li. Kanta Lamè a, mwen kwè ke se kou tiye a ki pral mete fin nan briganday Gang Lavalas yo. Bravo!

Se kote'm Micky pran GNB (Gren Nan Bonda). Yap pale, nap travay. Mwen pa regrèt ditou. Jusqu'au bout!

Remete peyi a sou ray. Prezans fos ONU pou stabilize pa bon indice pou mete investisseur an konfyans. Fok leta Ayisyen guen prop kapasite'l pou garanti lod lè sanzave deside fè dezod pou rezon politik.

Infanterie Nationale la pral remobilize pou fose yo rete nan espas politik demokratikman! Zafè gang pou fè moun pè, fose bizznisman fè sousou devan dechoukè pou sove byen yo dwe fini. Se sa nèt!

Vive Michel Martelly! Mwen guen lontan map map mande sa, mwen guen lontan map tann sa.

Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
Envoyé par mon BlackBerry
---------------
"Ne doutez jamais qu'un petit nombre de citoyens volontaires et réfléchis peut changer le monde. En fait, cela se passe toujours ainsi" Margaret Mead (1901-1978)

Aucun commentaire: