mercredi 24 mai 2017

#Haiti : Edikasyon pou pwoteje timoun epi evite inosan nan dezagreman ak lajistis.-

#Haiti : Edikasyon pou pwoteje timoun epi evite inosan nan dezagreman ak lajistis.- (Teks Cyrus Sibert)

Mwen obsève anpil moun ap pòste video ak foto ki gen pònografi timoun tankou jenn ki poko gen 18 lane sou rezo sosyo yo. Anpil moun panse li nòmal pou poste video oubyen foto elèv lekòl ki poko majè kap fè bagay nan klas lekòl yo, ti bebe tou touni kap jwe ak sex yo, oubyen kap jwe ak sex lòt timoun parèy yo.

Kòm peyi nou Ayiti anreta anpil nan dosye sa yo ki konsène dwa timoun, nap fè nou konnen ke bagay sa yo ka lakòz w gen gwo pwoblèm nan lòt peyi.

Tout foto oubyen video ki gen rapò ak sex timoun ka mennen'w tou dwat nan prizon. Menm si se pitit w, si w ale devlope foto'l nan yon laboratwa, epi teknisyen an wè foto tou touni, li dwe rele lapolis pou vini poze'w kesyon epi gade si sepa yon paran pedofil ki fè foto sa pou'l jwi oubyen pou'l vann bay lòt pedofil.

Granmoun pa jwe ak sex timoun, ni foto timoun ki tou touni. Video 2 elèv lekòl ki minè kap fè bagay ka mete'w nan gwo pwoblèm. Menm lè se t'a va prèv wap chache, video sa yo pa dwe rete nan men'w jis pou wap pòste yo sou rezo sosyo. Se nan men lapolis oubyen otorite administratif yo dwe rete. Epi tou si se yon abi, fòk w veye pou'w pa koupab paske w pat pote sekou bay viktim lan avan yo abize'l.

Yo rapòte ke nan Pennsylvanie, lajistis chaje yon timoun 16 lane ki voye foto sex li bay yon lòt timoun 13 lane. Pagen rans!

Epi tou, ak koze batay kont teroris, yo fè ankèt sou page facebook moun, twitter, sit intènèt w renmen gade. Pagen anyen ki kache sou rezo sosyo yo. Yo ka retrase tout sa w gade, abitye gade, download, elatriye.

Kidonk, nap di tout moun pran prekosyon. Moun ki konfigire telefon yo pou download otomatikman foto ak video kap sikile sou whatsapp dwe toujou verifye sa yo gen nan memwa telefon yo epi efase yo.

Mwen panse li te enpòtan pou pataje enfòmasyon sa yo ak tout moun. Paske si pou yo rezon oubyen pou yon lòt, anketè meriken, kanadyen oubyen ewopeyen tcheke memwa telefon w oubyen òdinatè w epi yo dekouvri foto oubyen video sex timoun, w chofe. W pral oblije nan eksplike...

Bagay la riske konplike paske w pap an Ayiti kote pedofil gen enflyans sou la polis, lajistis, ak gouvènman.

Konnyè-a konsyans mwen trankil. Anpil moun pap ka di yo pat konnen.


Cyrus Sibert, Okap, Ayiti
23 me 2017
reseaucitadelle@yahoo.fr
@reseaucitadelle
WhatApps: 509-3686-9669

https://m.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10153417078189478.1073741826.170678274477/10156278122499478/?type=3&source=48

Aucun commentaire: