vendredi 15 décembre 2017

Poukisa Prezidan Jovenel Moise se chanpyon lit kont kòripsyon.-

Depi’m timoun mwen tande pale de chèk zonbi nan leta. Pagen okenn dirijan ki janm rezoud pwoblèm sa. Prezidan Jovenel Moise, annik rive sou pouvwa, li bloke 23 mil chèk zonbi. Ki moun ki plis konbat kòripsyon nan peyi-a? Pou dat Youri Latortue ak Beauplan sou pouvwa nan peyi d’Haiti, konbyen chèk zonbi yo bloke deja? Pou dat Nenel Cassy prezidan komisyon finans, nou janm tande li pale kont chèk zonbi? Se yon reyalite ke se Prezidan Jovenel ki chanpyon lit kont kòripsyon. Se li ki gen solisyon pou konbat kòripsyon. Se li ki pa nan demagoji. Lè li di lap fè yon bagay, li fè’l.


Aucun commentaire: