mercredi 7 novembre 2018

#Haiti - #Petrocaribe : Nèg yo ap pase pèp nan betiz!

@JeanHenryCeant se notè. Li konnen tout tè ak kay ki achte, tout konstriksyon ki fèt ak kòb #Petrocaribe 

@MoiseJovenel te reskonsab chanm komès. Li okouran tout konpayi ki gen lajan #Petrocaribe.

Olye yo sezi byen ak kont, yap lanse manda kont moun.

Revandikasyon #KotKobPetroCaribeA klè ! Repons lan se twouve kòb #Petrocaribe a.

Pandan lakoudèkont ap ankete sou reskonsab leta yo, @JeanHenryCeant ak @MoiseJovenel te dwe ap sezi byen ak kont sispèk.

Fè @ClameOcnam voye manda pasi pala se pase pèp nan betiz.

W gen enpresyon nèg yo plis enterese nan arete moun ki paka remèt kòb la, tan pou yo al chache #KotKobPetroCaribeA ye tout bon:

1- konpayi ki te resevwa kòb #Petrocaribe ak moun ki reprezante yo;

2- tout moun kite pwòch pouvwa epi ki gen yon pakèt byen ak lajan yo paka jistifye.


#LeReCit #Haiti

https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1060304213614518273?s=21

Aucun commentaire: