mercredi 12 février 2020

#Haiti : Yon ti konsèy patriotik pou Polisye Yanick Joseph.- (Teks ekri pa Cyrus Sibert, #LeReCit)

Foto anvlòp asosyasyon polis ak sipòtè lapolis nan peyi Etazini ki ekri pou mande’m kotize.
Mwen sot tande yon voice ke polisye Yanick Joseph fè sou detèminasyon li pou’l fè Sendika Lapolis mache “menm si polisye yo pa vle..., tèmet se li sèl” elatriye.
Li di tou, li etidye diplomasi ak dwa.

Tou dabò, mwen panse motivasyon Yanick Joseph yo jis, revandikasyon polisye yo plis ke jis. Mwen pataje revandikasyon sa yo, e mwen panse ke se paske sosyete a ak dirijan yo echwe nan reskonsabilite yo ki fè sa rive la.

Paske dosye sekirite ak bon fonksyonman lapolis se dosye pou sosyete sivil, palmantè te anbrase.

Nan peyi Etazini se chak jou wap resevwa apèl militan sosyete sivil pou mande kotizasyon lajan pou finanse òganizasyon kap defann polisye, kap plede pou yo ka jwenn bonjan fòmasyon, sèvis sante lè yo viktim, peye avoka si yo akize yo devan lajistis, ankadre fanmi yo si yo mouri oubyen si yo nan prizon.

Òganizasyon sa yo konn pagen okenn relasyon direk ak lapolis ni chache di yo ki sa pou yo fè nan kad travay yo. Yo sèlman la pou defann sekirite paske yo konnen si moun serye vle viv an pè ak sekirite nan yon peyi, yo dwe konsene pa fonksyonman lapolis. Sepa bagay w ka kite selman nan men politisyen ak otorite politik.

Imajine’w yon seri polisye ki pajanm tire yon katouch sou yon sib depi yo kite akademi. Pandan bandi ap tire chak sou sou sib kap bouje oubyen sou sib ki kanpe fiks. Nòmalman #PNH ta dwe gen sant pou polisye al tire nan chak depatman. Pwoblèm yo anpil e nou konsye de sa.

Men an Haiti, òganizasyon tankou RNDDH, Inisyativ Sosyete Sivil, Fondasyon Je Klere, moun sa yo pa janm di anyen pou polisye.

Lè konsa se politisyen, trafikan dwòg ak kriminèl kidnapè kap ankadre fòs polis #PNH la pou yo. Menm palmantè ki ansyen polisye pa di anyen sou move fonksyonman ak abi ki genyen andedan Lapolis.

Polisye kanpe yo sèl anfas lanmò, mizè, bandi, politisyen kap pwovoke yo, Palmantè kap imilye yo, machanm mikwo kap fè manti sou yo, elatriye.

Se yo sèl sosyete-a egzije pou respekte lalwa ak dwa moun. Tout lòt moun nan leta mèt vyole lalwa, tout moun dakò. Jij mèt lage bandi pou lajan anba tab, tout moun dakò, se sèl polisye tout moun estomake pou mande sanksyon kont yo.

Donk, li klè ke pozisyon Polisye Yanick Joseph ak kamarad li yo jis e lejitim. Men, paske Yanick Joseph di li etidye dwa, lap ka konprann epi dakò ak nou ke se yon lwa, yon reglèman ki pou chanje yon lòt regleman. Se sak fè yon nan etap ki pi enpòtan lè wap fè lobby se chanje lwa ak dekrè ki kont sa wap mande a, se dekwa pou’w pa ilegal.

Yon enstitisyon ki pote zam paka tolere rebelyon andedan’l.

Kòm moun ki etidye diplomasi ak dwa, Yanick Joseph ap dakò ke gen estrateji diplomasi ak sansibilizasyon ki pou fèt pou konsyantize sosyete sou nesesite pou #PNH la gen yon enstans pou reflechi epi rezoud revandikasyon polisye yo. Kapab men gen yon sendika jan sa egziste nan Polis peyi LaFrans. Men sa dwe fèt nan kad refòm lwa ak règleman sou fonksyonman #PNH.

Bon nou menm nan #LeReCit nou ale pi lwen. Nou toujou ap di ta dwe gen òganizasyon veteran #PNH ki se ansyen polisye ki kite enstitisyon an pou rezon pèsonèl, san move dosye. Moun sa yo kapab ede ranfòse sekirite nan bay konsèy, ede nan kolekte enfòmasyon, yo teka sèvi nan Sekretèri Deta Sekirite Piblik, ankouraje kamarad pwomosyon ki toujou ap evolye andedan enstitisyon an. Nou wè sa nan anpil lòt peyi tankou peyi Etazini kote gen òganizasyon veteran, lopital veteran, Club pou veteran, pwogram pou sipote pitit ak fanmi veteran ki se moun ki kite lame oubyen lapolis.

Ofisye Yanick Joseph ap dakò avè’m tou ke paka gen sendika san travayè. Kidonk, li paka di lap kanpe li sèl pou fè sendika.

Epi tou, menm lè ta va gen yon sendika, se vote pou manb yo vote ki sa yap fè. W gen dwa dirijan, si majorite polisye yo reyalize ke strateji a pap bon, se nòmal pou koube devan desizyon yo. W paka ap trete yo de machanm konsyans, kòmsi yo vann nanm yo.

Lè wap gade nan gwosè batay #PNH la ye la ak gang + kidnapè, nou kapab di : Polisye ki pa dakò ak Yanick Joseph gen rezon. Paske movman li an riske afebli #PNH nan yon konjonkti kote li angaje. Nan sans sa li frajilize polisye ki ap mennen operasyon plis ke li ede yo.

Epi tou, menm lè revandikasyon w bon, menm lè w gen rezon, si w mennen dosye-a mal, wap pedo pwosè.

Pa egzanp, yon moun ki rantre nan yon tribinal dwe respekte sa jij la di’l menm si li gen rezon. Apre sa lap sezi wè jij la mete’l nan prizon pou outraj. Rezon an paka bay w dwa pa respekte lalwa ni otorite. Lòt egzanp, mwen toujou konseye moun ki mache ansanm avè’m respekte tout sa yon polisye di’l fè. Menmsi nou gen kontak, nap rete dousman san nou pa derespekte polisye. Sèlman pran nòt tout abi li fè’w pou’w ka denonse sa, epi fè demach pou yo sanksyone’l apre. Paske nenpot rezistans w fè, pral jistifye move trètman li bay w.

Kidonk, se ak yon kanpay pou konsyantize piblik la sou enjistis andedan #PNH ak nesesite pou gen yon sendika batay la dwe komanse. Fanmi zanmi polisye ki viktim ak fanmi zanmi moun ki nan lapolis la se mwayen w genyen pou fè mouvman an avanse pandan wap tann lalwa ak regleman yo chanje.

W kapab soulve pwen sa nan eleksyon kap vini. Voye moun al poze kandida yo kesyon sou ki pozisyon yo fas a enjistis andedan #PNH. Epi tou gen 
- konvansyon entènasyonal sou dwa travayè ak dwa moun (Deklarasyon Inivèsèl Dwa moun),
- konvansyon entènasyonal sou dwa sosyal, ekonomik ak kiltirèl (ICESCR),
- konvansyon entènasyonal sou dwa sivil ak politik (ICCPR) gen ke #Haiti siyen, w kapab itilize pou plede kòz w. Men w dwe rete andedan kad enstitisyonèl la.

Franchman, mwen panse Yanick Joseph sensè, men li bezwen bon konsèy. Sa fè’m mal lè map tande deklarasyon li yo. W santi se yon moun kap pale ak tout kè li san ipokrizi. Men, mwen pata renmen yo revoke’l nan lopolis la. Paske bagay la riske fini konsa. Sa ap yon gwo pèt pou enstitisyon an pèdi yon polisye ki gen kouraj ak entegrite.

An konklizyon, map kontinye mande pou Kòmadman Lapolis la konprann ke revandikasyon yo jis, menmsi gen erè nan fason Yanick Joseph mennen mouvman an, yo pa dwe chita sou represyon ak sanksyon. Revandikasyon sa yo la depi sou Mario Andresol. Mwen sonje nan yon emisyon "libre Tribune” sou Radio Vision 2000 anpil polisye te rele eksplike pwoblèm yo. Men dirijan #PNH yo pa janm pote koreksyon. Si se mwen kite Chèf peyi sa mwen tap revoke yo tout. Paske se yo ki lakòz sa rive la.

#DGPNH la dwe bay enstriksyon pou chita diskite avèk polisye yo epi twouve yon kad enstitisyonèl pou regle pwoblèm yo.

Apre sa, kòmandman an menm kapab pwopoze palman ak #CSPN nan modifikasyon ki pou fèt nan règleman #PNH la pou pèmet polisye yo fè tande vwa yo.

- Kapab gen yon CSPN alaji ak reprezante polisye nan plizyè awondisman pou poze pwoblèm lan.

- CSPN nan kapab mete sou pye yon bwat anonim pou polisye depoze lèt revandikasyon yo.

- “Office Protection du Citoyen” kapab jwe wòl enstitisyon kap fè tande vwa ak revandikasyon polisye yo. Elatriye!

Sou pwen sa n'ap siyale echèk "Ministè Fanm” kite dwe yon enstitisyon leta ki nan kad travay transvèsal li ap voye je gade kondisyon medam yo andedan lapolis la. Men nou konnen, an #Haiti lòt bagay moun ap regle.

Pou fini, jan nou di sa Yanick Joseph pagen lòt altenativ ke sansibilize pou chanje regleman entèryè Polis la. Li teka rele Mouvman li an "Kanpay pou you Sendika Andedan #PNH”. Sa tap pèmèt mouvman li an kontinye egziste san li pa vyole ni rantre an rebelyon ak #PNH.

Apa sa yap revoke’l ak tout polisye rebèl yo, menm jan yo abitye fè sa. Epi lapè!

E depi w revoke, w pa polisye ankò. Sete yon konsèy e menm yon konsiltasyon gratis paske nou estime #Haiti nan sitiyasyon #Haiti ye la, nou pa bezwen plis zen ni plis spektak!

Li tap pi bon si nou konsatre eneji nou sou epidemi CORONA VIRUS la kap touye moun, kòman sansibilize popilasyon an, chache konnen ki mezi otorite yo ap pran pou pwoteje peyi-a. Paske si bagay sa rantre #Haiti, nou mele.

Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
#LeReCit @reseaucitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr
12 fevrye 2020
Whatsapp: +509-3686-9669
www.rezositadel.com

Wap kap li yon lòt teks nou te ekri sou dosye sa nan adrès a :

- Sa kap pase nan lapolis @PNH_Officiel ak SENDIKA kap manifeste, komandeman kap bay presyon jiska odisyon reskonsab sendika polisye Yanick Joseph se konsekans lojik rèy ENJISTIS ak ABI otorite, kowipsyon andedan entitisyon sa depi twò lontan. #LeReCit

https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1225990910422458371?s=21

Oubyen

→ https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10156249085249478/10159543003284478/?type=3&theater


Aucun commentaire: