samedi 11 avril 2020

#Coronavis - #Haiti : Sante piblik dwe sispann strateji konplikasyon pou bloke empòtasyon hydroxy-chloroquine.-

«Baton’w gen se avè’l w pare kou»‬

‪#LeReCit ensiste pou Prezidan @MoiseJovenel fè #MSPP leve tout konplikasyon ke li mete pou bloke enpòtasyon hydroxy-chloroquine an Haiti, yon fason pou doktè aysyen yo ka gen plis manèv pou sove lavi pèp-la.‬

Dayè nan kad ijans #Coronavirus la, se leta kite dwe plase kòmand pou sove pèp-la.


Mòd desizyon sa yo ka genyen gwo konsekans politik.
Egzanp :
- Syklòn Azèl kapote pwojè politik Prezidan Paul Magloire;‬
‪- Tranbleman tè 12 janvye 2010, fenk sot kapote #INITE.‬
‪Atasyon konsekans politik yo! Piga nou di mwen pat pale nou!

Nou gen dwa fè gwo do pa okipe’m, men tout moun temwen ke mwen pale nou. Epi tou, se akote pouvwa mwen ye, se sèl pale mwen ka pale nan vid. Men omwens, mwen di sa’m panse pou tout moun tande.

Lage pye famasi yo, enpòtatè yo ak do doktè yo. Sispann enpoze restriksyon sou bagay ki ka ede sove lavi.

Cyrus Sibert, #LeReCit @reseaucitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr
WhatsApp : +509-3686-9669

Aucun commentaire: