Si limyè pa fèt sou asasina prezidan Jovenel, tout gwoup kriminèl Sendomeng ak lòt ti peyi amerik latin pral panse yap ka rantre Haiti pou asasinen polisye, jij, minis, komèsan, ak sitwayen ki menase enterè yo oubyen desizyon kont yo. DGPNH, Gouvènè Bank Santral, gwo biznisman kap konkiranse yo, tou dirijan aysyen pral gen menas asasina pandye sou tèt yo. San konte, tout prezidan kap vini, ap pè deside kont enterè peyi ak biznisman nan peyi latino-ameriken yo.
Paske, kriminèl entènasyonal yo pral konsidere ke si kolonbyen yo touye Jovenel san yo pa gen anyen, yo ka touye nenpot ki moun an Ayiti san anyen pa rive yo. Kidonk, pagen jwèt nan sa!
Foto sa nap gade la gen anpil enfòmasyon ki ta dwe enterese tout anketè ki pa nan operasyon kasefèy kouvri sa, sou asasina prezidan Jovenel.
Prezidan Jovenel rele Léon Charles a 1 è 15, li rele komandan Civil a 1 è 20. Léon Charles se yon ansyen Chèf BLTS, li konnen kòman DEA opere. Li paka di yo te manipile li. Reyaksyon #DGPNH la lè prezidan an di’l yap tire sou kay li, merite yon ankèt.
Tout moun konnen majorite responsab nan Leta se flatè boujwa salòp Haiti. Yo toujou pare pou jwe jwèt yo ak lespwa boujwa pwal fè yo favè.
Gen anpil moun san karaktè nan Leta sa, se yonn nan rezon ki lakòz peyi sa paka avanse. Paske, pagen anpil moun ki nan pozisyon Chèf ki ka fè kelkeswa moun konprann se reprezantan Leta Desalin nan yo ye. Yo prefere aji tankou domestik.
Léon Charles dwe konprann ke pèp aysyen an pa pare pou aksepte okenn lòt erè, ni echèk nan men li. Paske
1- Polisye Swat mouri sou kòmandman li, jis konnyea yo poko jwenn kadav yo;
2- Prizonye zove nan prizon;
3- Prezidan peyi-a mouri lakay li.
Nou pat vle di sa, men Léon Charles se yon militè ki fòme nan akademi lamarin Peyi Colombie. Kidonk, yo ta dwe kesyone’l tou.
Anplis, poko gen yon mwa li te vwayaje nan peyi Etazini. Kisa li t’al fè? Kimoun li te rankontre?
Pinga misye panse aysyen pral dakò rans li yo nan dosye sa ki depase rivalite poliitik ant PHTK ak Opozisyon.
Blan rantre nan peyi nou epi touye prezidan peyi a lakay li. Si nou pa trase yon egzanp okenn lòt aysyen pap ka dirije peyi sa libe libè san kè sote. Yo tout pral domestik tout peyi latino paske yo pral anba entimidasyon.
Ke Léon Charles pran men’l! Anpil moun w pata panse endiye pou sak pase a. Gen nan yo kè yo sere depi 7 jiyè 2021. Anpil moun al devan anbasad pou mande azil, yo tromatize. Asasina sa ataka fondman Leta Haiti menm.
Alòs, kite anketè yo fè travay yo. Misye refize bay pèp la tout enfòmasyon, pandan tan sa enfòmasyon ap sikile jis yon seri moun pwòch asasen yo ap pwofite kite peyi-a.
Yon banm nèg ki cho pou dirije enstitisyon an Haiti pagen dimansyon istorik pou yo konprann enpòtans yon seri dosye tankou asasina Prezidan Jovenel. Gen yon bann nan yo se ti bagay tè-a-tè yap regle.
Siveye nou mesye! Sa pap pase konsa!
Jiska prezan nou pa akize Léon Charles de anyen. Men mesaj sa se pou ede’l konprann ke nan lespri tout moun ki konn fè ankèt, li se yon moun ki ka ale nan prizon tou si li rantre nan konplo oubyen nan achte figi konplis asasen yo.
Zafè lapolis ap fè gagòt epi Léon Charles toujou pa reskonsab anyen sa nou pap pran’l nan men’l ankò. Misye gen enterè fè bagay yo dwat pou montre tout moun ke li pagen anyen pou wè nan dosye sa.
Si li kite konplis yo ale, se li menm kap rete sou ban akize a.
Blan rantre vin asasinen prezidan peyi d’Haiti lakay li, pagen pale tenten ni ranse betize.
Bagay demi mezi sa, se kòz prensipal lamò pi fò moun. W paka chita ap menase malandren boujwa salòp san'w pa pran dispozisyon mache sou yo depi yo fè sa’k pa sa.
Eksperyans demontre ke majorite moun ki viktim nan politik Haiti se nan demi mezi ak malandren, nan pran pòz yo entelijan yap ka negosye ak jere sasasin atoufè san konsyans.
Jean Dominique mouri konsa. Nan panse lap ka woule anba Artistide ak patizan lavalas li yo. Yo toujou panse yap ka jere yon bann kriminèl ki pa janm poze nan chache elimine yo tout fason.
Jounalis ameriken kap fè travay yo, ki pa chita tankou pil parese nan medya Haiti mennen gwo ankèt e rive dekouvri anpil bagay tankou mesye yo rele Sanon ke lapolis arete a, an pagen lajan. Miyse ap touche 60,000 dola pa an epi li dwe 400,000 dola ameriken. Kidonk, kote li jwenn lajan pou peye mesenè pil lajan pou vin touye prezidan Jovenel?
Lè wap gade byen, w gen enpresyon anketè kolonbyen ak jounalis ameriken, dekouvri plis enfòmasyon pase anketè Léon Charles yo. Si misye panse li pral tann tout bagay frèt pou komanse fè kòb ak konplis kolonbyen yo, li fè fot. Nou konnen kote li soti ak kote li pase. Nou wè tout vye bagay ki rive sou kòmandamn li. Nap swiv li! Nou pa egare!
2021 ap pase tankou 1806. #LeReCit
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire