dimanche 25 juillet 2021

Ankèt sou Léon Charles #3.- #LeReCit


Nan emisyon li fèt 8 fevriye 2021 sou Radio Kiskeya, jounalis Marvel Dandin te afirme ke Léon Charles te patisipe nan reyinion Petit bois (Ti Bwa) sou planifikasyon koudeta kont prazidan Jovenel Moise anfavè jij Badrezil.

Lè w konsidere

1- se menm fo manda 7 fevrye sa yo itilize kont Prezidan Jovenel pou asasinen’l;
2- Se jij Coq ke mesenè yo te pare pou al enstale nan Palè Nasyonal kòm prezidan,

W kapab di se konplo 7 fevrye-a kap kontinye.

Analiz ke nou fè sou enfòmasyon nou konnen ke #DGPNH Léon Charles genyen sou otè entelektyèl yo, epi malgré sa lap fè dilatwa avè yo, demontre aklè ke misye ap kache yon bagay.

Strateji kenbe enfòmasyon, refize di pèp la klèman ki moun ki otè entelektyèl zak sasinay Prezidan Jovenel la klè : Misye gen yon bagay li pè. Eske se pou yo pa denonse’l?

Polisye #PNH yo pa dwe kite tach sal sa rete sou do enstitisyon yo a. Paske depi apre okipasyon ameriken an 1915, Lame d’Haiti pa janm kite yo asasinen yon prezidan. Sepa #PNH ki pou pote chay sa.

Si Léon Charles paka koule kafe li klè, li dwe demisyone pou jenn ofisye pran tèt enstitisyon an, epi dirije’l kòm sa dwa.

Modòd la se : #PNHpapkonplis.

Epi tou, asasina polisye SWAT nan VilajDeDye,
asasina plisyè dizèn polisye nan peyi a,
zak kidnapin ak asasina tankou Mèt Dorval pou akize prezidan Jovenel,

tout bagay sa yo rantre nan kad menm konplo pou destabilize epi touye prezidan Jovenel.

Yo rele sa #armedpropaganda. Se yon teknik teroris. Nou ekri sou sa nan plizyè teks deja.

Jistis pou polisye operasyon VilajDeDye;
Jistis pou tout viktim ensekirite politik;
Jistis pou Prezidan Jovenel Moise.

Si Léon Charles kontinye ap fè manèv dilatwa pou ankèt la pa avanse sou otè entelektyèl yo, baz polis la dwe revolte kont li epi mande demisyon’l. Paske lwa #PNH la bay polisye yo dwa pou refize obeyi yon lòd ki ilegal.

Tach asasina prezidan sa pa dwe rete sou do Lapolis Haiti.

#LeReCit

Aucun commentaire: