mardi 31 juillet 2018

Pozisyon #LeReCit sou koze boujwa, milat, blan : Se pozisyon de klas ki detèmine klas sosyal, sepa orijin de klas.-

Gen yon seri piti sou rezo sosyo yo ki ap tante reponn nou ak yon bann eksplikasyon sou pwoblèm monopòl boujwa, privilèj milat, difikilte pou diaspora envesti...elatriye. Tout moun dakò ak yo sou pwen sa yo. Men yo kòmanse analyz yo a mal : Boujwa, blan.

Se toujou yon erè pou prezante boujwa, blan, kominote entènasyonal tankou yon gwoup uni, koyeran, omojèn. Sa pa egziste! Gen milat ak milat, gen blan ak blan. Al li liv Dr Sauveur-Pierre Etienne ki rele “Invasion des ONGs en Haiti”, nap konpran kòman distenge “ONG ak ONG”

Se là tout pwoblèm lan ye. Fòk w ka analyze konpòtman chak gwoup pou’w ka detèmine si yo pwogresis oubyen si yo reyaksyonè. Sepa Schiller Louidor, DonKato, Aristide, Privert ak Boujwa Blackout #GroupeBlackout ki pou deside ki boujwa, blan, milat, oubyen etranje ki pwogresis.

Paske, tout moun ki gen eksperyans konnen moun sa yo ap defann yon sektè ki tap fè gwo lajan sou #Aristide/Préval. Sektè sa touche 1.2 milya dola epi li vann leta blackout.

Pa pran pèp la pou enbesil! Mwen di nou sa deja : nou paka fè’m sot, ni mwen pap kite nou fè ti-pèp la sòt.

Lè nap pale de klas sosyal, al reli Marx ak Lenine. Se enterè ki detèmine pozisyon klas, sepa bagay folklorik, “naturaliste” tankou koulè po...se pa orijin de klas w dwe gade, men se pozisyon de klas.

Al fòme tèt nou avan nou vin kreye konfizyon nan tèt pèp la.

Pozisyon klas revolisyonè tankou Karl Marx, Lenine ak Fidel Castro te diferan de orijin klas yo. Yo tout soti nan klas mwayèn ki bay anpil ti boujwa, men sa pa’t anpeche yo defanm mas pòv.

Friedrich Engels ki te toujou ekri ak Karl Marx, sete yo boujwa ki gen izin.

Nan inivèsite, yo fè tout moun li teyori lit klas sosyal “Marx ak Lenine”; nan #INUJED yo te fè’m li lòt teyori tankou: kolaborasyon ant klas sosyal ke Saint-Simon ak Raymond Aron devlope. Pwoblèm yon bann politisyen aysyen, se sèl teyori Marxis-leninis la yo konnen, e yon konnen li mal. #LeReCit

https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1023968512874893312

Aucun commentaire: