jeudi 26 juillet 2018

Sispann anmède Boulos!!! Bann “NUL”!!!

Sispann anmède Boulos!!! Bann “NUL”!!!

Aktivite ekonomik Reginald Boulos yo kreye plizyè santèn travay nan peyi-a.

Boulos se yon milat ki te ale lekòl, ki gen yon doktora an medsin.

Gade nan peyi d’Haiti pou wè konbyen milat ki gen nivo sa.

Epi tou, medsin se pwofesyon klas mwayèn. Boujwa kap toupizi pèp pa voye pitit yo nan fakilte medsin. Yo selman achte revann.

Etid medsin sa pwouve ke Reginald Boulos se yon jenn arab ki tap chache wout li, menm jan ak tout jenn. Paran li rive nan yon peyi, li chache aprann medsin apre sa li rantre nan biznis tou. Sa pa listwa yon privilejye. Se istwa yon imigran tankou tout imigran Aysyen nan diaspora.

Sispann anmèd mesye-a.

Yon moun gen dwa pa dakò ak Boulos sou yon seri dosye. Mwen pat dakò ak li an 2014 lè li te sipòte politik fòse Laurent Lamothe demisyone.

Men an Haiti nou gen defo twòp.

Yon bann parazit ap anmède moun kap fè efò.

Tout moun kap pale “tintin” sou Boulos, nan peyi etranje kote yap viv, se ak moun ki gen lajan yap travay. Pòv pa konn envesti lajan.

Tout demagòg sa yo rete dousman ap chache lavi nan biznis boujwa blan. Se Haiti pou yap plede anmède moun ki gen lajan kap eseye envesti.

Aloske, Haiti pa yon peyi fasil pou envestisè. Tout jounen politisyen bèt ki pagen anyen pou di ap site non moun yo nan radyo yon fason pou fòse yo rele pote lajan bay yo. Nan peyi d’Haiti, yo pa respekte dwa ak byen moun, yo monte sou tè moun, lajistis pa garanti, ensekirite, kidnapping... san konte chaj sosyal enfòmèl ki vle di malere kap tcheke pou maladi, lantèman, lekòl....., pagen wout, pagen kouran, elatriye.

Se verite sa yo Boulos pa di nou ki fè nap plede anmède’l konsa.

Nou konnen @ReseauCitadelle pa pè chay. Nou komsidere tout moun tankou moun. Nou pa renmen yap fè moun abi. Sa nap fè Boulos la se abi.

Tout ti boujwa salòp kap anmède’l paske li gen kontra achte traktè pou karavann prezidan Jovenel la, yo tout tap fè lajan sou Aristide ak Préval.

Yo fè lajan nan vann blackout, elatriye.

Pandan tout lane ti boujwa salòp yo tap byen mennen ak Préval, tout demagòg kap anmède Boulos jodia te fèmen bouch yo, kite yo toupizi pèp la. Leta te konn peye yo pou kouwan, leta te konn peye yo pou blackout.

Sispann anmède Boulos!

Nou ta dwe salye kouraj ak siksè bann arab bwat nan do sa yo ki rive an Haiti nan kòmansman 19 syèk la epi ki fè siksè. Bravo pou yo!

Si tout elit peyi a, kite la depi lendepans te travay di tankou arab sa yo, olye se divizyon touye moun, pale mal, fè rizib, itilize fransè pou imilye moun, fè koudeta, enstabilite politik...Haiti tap lwen.

Nou pase 200 lane ap bwè diven sou do peyizan kap plante latè ak zong yo. Nou fè yo peye dèt lendepandans ak travay rekòt jaden yo. Nou mete kanpe yon kòd riral pou anpeche moun andeyò rantre lavil, meprize yo. Papa’m, grann mwen sibi esklavaj entènn sa, gwo jeneral mwa, politisyen ak milat desandan kolon kite konn vyole esklav, te mete andedan peyi-a. Tout bagay sa yo ak gwo benediksyon legliz katolik.

Sispann bay moun pote echèk nou. Nou pa janm fè entegrasyon pou devlope peyi-a. Depi Dessalines, chak dirijan pwogresis ki vle fè yon bagay, nou touye yo. Ki sa nou fè ak eritaj Christophe, Hyppolite, Philippe Guerrier, Estime...? Duvalier te oblije kase senti, touye nou, toupizi nou, jiskaske nou konprann nou paka jete’l se pou nou rete trankil.

Nou di anpil bagay sou diktati Duvalier a ke mwen kondane tou. Men nou pa janm di anyen sou konpòtman zannimo nou, ki fè’n refize konprann ke gen yon fason pou fè politik. 

Depi yon pouvwa monte, nou refize respekte’l epi nou gentan ap konplote pou jete’l. Duvalier te wè sa nou te fè Estime. Li te deside pase tankou mons nan listwa pou bay nou leson, demontre nou ke se pa tout moun nou ka jete. Men se pyan li te konn trete pou peyizan. Kòman yon moun ki te konn pase tout mizè sa yo pou pran swen moun, ka rive fè tout vyolans politik sa yo. Nap tann yon etid sou sa.

Nou pap janm di kòman nou te al detere kadav papa’l, trennen li nan lari, pase matyè fekal sou li, yon fason pou imilye’l pitit li kelke jou apre li fin pran pouvwa.

Tout konpòtman extremis sa yo lakòz enstabilite ak vyolans politik. Nou pran plezi twòp man imilye moun, anmède moun, fè moun mal.

Pran konsyans.

Kote mwen chita la Etazini, mwen wè arab, jwif, indien, blan, nwa. Yo tout ap travay ansanm. Mwen wè malere tankou boujwa. Yap travay ansanm. Moun respekte konesans, moun respekte experyans, moun respekte lajan. An Haiti, yon bann politisyen bèt pa vle tande moun ki ale lekòl ak moun ki gen experyans; yon bann politisyen pòv refize respekte siksè moun ki gen lajan. Kòman nap fè soti ak mantalite sa? Cuba ki se yo peyi kominis, ap chache moun ki gen kòb. Yo fenk mete sa nan konstitisyon yo.

Nap anpeche boujwa envesti nan peyi nou, epi nap pran avyon oubyen bato al travay ak boujwa lòt peyi. Eske nou FOU?

Sispann anmède Boulos bann egri.

Milat Kazal yo nou mete akote malgre zansèt yo te goumen ak nou kont lame fransè, se senbòl ke si yon moun reyisi an Haiti se paske li gen kouraj, paske li konn soufri, paske li entelijan. Men se pa paske nou konn fè moun kado. Nou pa wont sa nou fè desandan Polonè yo nan Kazal? Franchman, mwen wont dosye sa anpil. Paske mennjan nan peyi “Argentine” yo te mennen politik pou touye tout nwa, se konsa an Ayiti nou mennen politik piblik pou touye desandan polonè yo, pou yo pa pwogrese nan yon peyi kote zansèt yo te mouri pou lendepandans akote zansèt pa nou yo.

Lòt kote, lè map li sa nou menm aysyen te fè yon seri nwa ameriken kite eseye vini Haiti pou kouri anba segregasyon nan peyi etazini, se bagay ki lèd anpil.

Manyè konsyan de eta nou. Sispann rayi moun. Sispann detri moun pou sa li ye, pou orijin li, pou kote li soti. Nou menm aysyen sibi diskriminasyon twòp pou nap fè diskriminasyon ak lòt moun. Gen yon seri moun nan klas mwayèn peyi sa ki konn panse yo siperyè pase nwa kap viv nan lòt peyi. Bagay sa se maladi mantal. Nap mande lòt peyi pou trete diaspora aysyen byen tandiske nap pèsekite yon aysyen paske li desandan arab libanè.

Kite Boulos trankil, kite tout moun trankil. Nou gen dwa diskite dosye, men sispann atake moun yo pou orijin yo ak sa yo ye. Fè travay sitwayen nou pou peyi-a mache, pou gen estabilite, kreye kondisyon pou gen plis envestisman.

Vye politik anmède Boulos la se dekouraje lap dekouraje envestisman. Pagen moun kap vini mete biznis nan yon peyi kote yap maltrete moun ki deja gen biznis.

Bay peyi-a yon chans, bann “nul”.

Nou mèt di sa nou vle. Men tout moun konnen Cyrus papè chay. Do’m laj.

Teyori batay mwen se mete’m nan menm nivo ak lenmi an pou koresponn avèl, sou tout teren, nan tout fason li atake. Se sak fè nou wè’m jan mwen ye-a. Advèsè a pa dwe gen garanti ke nou pap desann nan yon nivo pou goumen ak li.

Tout pwoblèm peyi-a se koze moun serye pa vle desann nan nivo vakabon. Yon bann nèg gen byen nan peyi-a epi “ti krik” "ti krak" yo nan radyo ap menase byen moun. Tout sa : paske yo gen garanti yo pap viktim tou. Vakabon pa dwe gen garanti lapè nan peyi-a.

Sa mwen di la, se doktrin Petagon, Israel, Russie.... Si gen danje, danje-a dwe pou tout moun ki nan konfli-a.

Vakabon se vakabon. Yo boule biznis moun yo, lage yon banm malere nan chomaj, apre sa yo nan radyo ap mande pou yo bay yo pouvwa. Nan ki peyi ki vle pwogrè bagay sa posib?

Pou’m tounen sou Boulos,

Nou paka chita ap anmède yon moun konsa nan yon peyi, alòske nou pa itil peyi-a anyen. Bann parazit!

Chak senmen mwen ap goumen pou’m li yon liv paske mwen wè koman nivo konpetisyon an ap monte nan yon bann domèn. Ak pakèt revolisyon teknoloji kap fèt yo, jenn yo vin pi fò sou mache entènasyonal la. Map eseye mete’m a nivo. Pandan tan sa, yon bann san konsyans chita ap pale moun mal. Kòm kwa, sa pral fè yo reyisi.

Sispann anmède Boulos, al chache liv pou nou li, al plante, al fè elvaj, al ede yon moun ki gen pwoblèm, al bay timoun leson, fè komès, prepare nou pou’n ka fè yon pibon majistra, depite oubyen senatè. Pale moun mal pap regle anyen pou nou.

Deviz Peyi-a se “L’Union fait la Force”.

Bann NUL

Fòk gen yon moun pou pale ak nou, nan fason nou ka konprann. Se mwen se nou tou!

Cyrus Sibert
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr
www.rezositadel.com

Aucun commentaire: