mardi 24 novembre 2020

Pap janm gen sekirite an Haiti ak vye apwoch #socialopopuliste nan tèt Leta, nan misyon ONU ak dwa moun politize ki anpeche #PNH itilize lafòs.- #LeReCit


Haiti gen yon dezòd ladan ki lakòz enstabilite ak ensekirite ap vale teren : Otorite yo pè kanpe fèm dèyè lapolis @PNH_Officiel, yo pè bay fo òganizasyon dwa moun yo limit legal yo. Sa w tande a «inpection générale #PNH» oblije ap pran dikte nan men fo òganizasyon dwa moun politize. #LeReCit

Moun ki nan gouvènman #Tetkale yo pa konprann si chak pati politik an #Haiti gen oganizasyon dwa moun pa yo. Lontan yo te gen sendika, jodia yo gen radyo pa yo ak oganizasyon dwa moun pa yo pou kreye fo rapò, entimide otorite, pale anpil voye monte, epi pran pòz yap regle yon bagay serye. Men an reyalite se politik kap fèt. Yo pa « neutre », yo toujou fèmen zye sou abi opozisyon radikal ap fè, lè nèg ak zam opozisyon politik tap tire sou lapolis yo pa janm di anyen. Epi, kan #DGPNH Normil Rameau lanse operasyon kraze gang nan zòn non-dwa yo, bay inosan delè 48 è pou kite zòn an, fo oganizasyon dwa moun yo pwoteste. Objektif yo se pwoteje gwoup ame opozisyon radikal, gwoup teroris kap destabilize leta. 

Epi tou, nou dwe resikle tèt nou an #Haiti. An jeneral òganizasyon dwa moun yo gen oryantasyon ideyolik yo. Pagen yon sèl kategori militan dwa moun, gen plizyè. Pagen okenn moun konpetan nan okenn peyi ki okipe oganizasyon dwa moun ekstrèm goch anakopopilis ankò. 

Nan tout peyi, nan mond lan, depi atak 11 septanm ak lit kont teroris, se apwòch sekirite tout peyi ap swiv. Tout gouvènman nan mond lan kite òganizasyon dwa moun yo bat bouch yo, men pale anpil oubyen rapò yo pa anpeche yo kwape bandi. 

Menm lè otorite yo chita pale ak oganizasyon ki endepandan, yo pa janm sispann mete siwo kote gen akasan. Nou wè sa an Europe, Etats-Unis, nan tout demokrasi. Se sèl nan peyi d’#Haiti w wè piyay sa kote yon bann moun medyòk ki pa menm konn li ap koupe rache sou pretèks yo se òganizasyon dwa moun. 

Nou vrèman desann ba pou’n soti nan pwofesè Jean Claude Bajeux #CEDH epi tonbe nan sa mwen wè la yo. Yon bann moun limite ki paka ekri yon paj sou filozofi dwa ak sosyete sivil. Epi, pouvwa ki la tèlman gen yon bann enkonpetan kap konseye Prezidan ak Premye minis, kontinye kwè moun sa yo gen yon bagay yo ka fè.
Sepa militan dwa moun sa yo map gade la ki ka bay pouvwa pwoblèm; se politik refize fè bon rapò detaye ak prèv sou evènman ki pase yo. Nan ministè yo, nan Primati tankou nan Palè Nasyonal, nèg yo refize dokimante evènman yo, fè rapò epi piblye yo sou intènet, bay anbasad ak misyon intènasyonal ki akredite an Ayiti yon kopi, se dekwa pou yo ka dekouvri manti ki nan rapò fo oganizasyon dwa moun politize yo. Pierre Ésperance pa menm ka li byen, kote moun ki pou reprezante yon pwoblèm pou pouvwa paske li di li se militan dwa moun? Juste kite’l pale. Dwa moun se domèn moun ki byen fòme, ki konn pale. Tout lide ak filozofi dwa moun yo se bagay gwo entelektyèl tankou filozòf Voltaire, John Locke, Montesquieu
Bagen nivo la pou ebranle yon pouvwa ki fè travay li. 

Solisyon an se jis mande Unite #PNH yo mache ak camera pou konpile prèv, konstri data, chache jenn gason ki gen foug, ki konn pale byen nan plizyè lang, ki ka fè bon ankèt epi ekri bon rapò ak presizyon. Apre sa, se jis fè travay nou ki se mete lòd nan dezòd, mache pran bandi.
Nou chita ap bay piyay kite vakabon ak bandi ap kraze yon peyi. La akote nou an Repiblik Dominiken moun yo ap mete lòd nan peyi yo. Dyaspora aysyen yo oblije desann Repiblik Dominiken. Yo achte kay, fè biznis lòtbò-a jis paske yo vle pran retrèt yo akote peyi yo #Haiti

An 2018, mwen rankontre 2 aysyen ki sot nan diaspora. Yon fanm kite enfimyè New York ak yon mesye kite Canada. Yon deside viv ansanm, epi pran retrèt yo nan Caraibe la, kote gen soleil. Yo di’m yo renmen danse Tropicana. Men, telman gen vyolans politik ak ensekirite an Haiti, yo oblije rete Puerto Plata kote yo achte yon kay epi fè yon ti biznis. Yo di la yo akote #Haiti, yap ka al wè fanmi yo, danse yon ti bal tropicana, ale nan fèt champèt, lè bagay la cho Haiti yap fè fanmi yo vin pase 2 jou ak yo Sendomeng. Me nan ki sa yo peyi twouve’l. Tout kob sa yo teka envesti #Haiti, transfè lajan pansyon yo tap bon pou peyi-a. Yo tap kreye kèk ti job menajè. Anplis nou fin kraze inivèsite Leta pou voye etidyan nou yo Sendomeng, jodia se Diaspora Haiti a nou fè yo kado. Se plizyè milye aysyen nan diaspora ki gen nostalji Haiti, ki oblije ale Sendomeng pou vakans, fè fanmi vin wè yo, epi benyen nan plaj Caraibe la. 

Se bandi ak opozisyon radikal ki lakòz sa. Men tou, se lachte dirijan nou yo ki ezite mete siwo nan akasan, kwape bandi. Finalman, se dirijan yo ki reskonsab. Paske djòb w se fè peyi-a mache. Se sèl #Haiti dirijan panse yo ka konte sou bòn volonte bandi. Nan tout peyi, bandi se lè li wè prizon ak lanmò li deside chanje konpòtman. Se tout vye apwoch #socialopopiliste de ensekirite ki mete nou la. Tout misyon ONU ak kò diplomatik etranje an #Haiti chaje moun sa yo kap eksplike ensekirite kòm rezilta injistis sosyal epi fè sikile yon bann vye lide ki anpeche Leta itilize fòs ak mwayen lalwa pou kwape bandi. Aloske lè w gade byen, moun ki plis viktim ensekirite sa se pèp malerez nan bidonvil, nan katye popilè, kote yo paka planifye vi piti yo. Paske Chef bandi bezwen pitit ti fi yo pou fanm avan menm yo gentan aprann yon bagay lekol, epi pitit gason yo kòm solda pou gang. 

#Socialopopuliste yo demagòg anpil. Paske, kit se Cuba, kit se la Chine, Korée du Nord, Norvège, Danemark, tout peyi ki di yo se sistem sosyalis oubyen kominis yo, pagen yon nan yo bandi ka fè sa yo vle. Olye nou pran dispozisyon pou peyia mache, nou chita ap okipe yon bann moun medyòk kap fè ti biznis dwa moun yo. Dosye #Sogener, #EDH, Senatè ale, arestasyon Arnel Belizaire, DekrèLakoudekont, tout se prèv ke pèp la sipòte tout desizyon ki vize fè peyia mache. Fè travay nou! Nan tout peyi sou Latè, atravè listwa, lè fòs ak zam angaje, solda yo dwe konnen gen otorite politik ki kanpe deyè yo pou pwoteje yo. Se sèl an #Haiti pou’w wè yap konvoke, imilye, revoke polisye fasil konsa. Paske otorite politik yo se yon bann lach ki pè defann yo. Li enpòtan pou yon fòs pwoteje tèt li nan pa tonbe nan vyole dwa moun. Sou pou rezon sa li dwe dokimante operasyon’l ak video, foto, epi rapò. Menm lè gen « Bavures» dwe gen otorite sivil ki kanpe ak twoup yo, asire defans yo epi anpeche abi tankou detansyon pwovizwa. Yon peyi paka gen tout gang ak zam sa yo epi pou polisye ak solda pè reyaji paske yo pata renmen medyòk dwa moun leve kont yo. E moun kap viktim chak jou yo, ki moun ki pou defann dwa yo si sepa leta. Konstitisyon bay leta misyon pou fè sa ak mwayen lafòs piblik. #LeReCit

Cyrus Sibert,
#LeReCit @reseaucitadelle
24 Novembre 2020
Whatsapp: + 509-3686-9669

Aucun commentaire: