jeudi 16 septembre 2021

ANALYZ SOU BATAY #jistispoujovenel !!! Mobilizasyon an ap pote fwi!!! #LeReCit

Asasen ki bezwen enpinite paka pran risk oganize eleksyon lib.

Nan yon lojik koudeta, w ka prevwa tout sa nou wè kap pase la yo. Pasaj an fòs, revokasyon, entimidasyon, menas, represyon. Se konsa sa toujou ye. Lòt senmenn yo pral oblije mete eskadron lanmò pou entimide pèp, aysyen militan nan objektif kenbe pouvwa.

Men, pa kite asasen yo dekouraje nou. Se yo ki pedi. W pa wè Ariel Henry oblije fòje yon eksplikasyon pou piblye nan yon kominike apre li fin rankontre ak diplomat #Coregroup yo. Ebyen, se paske misye vin anbarasan ak akizasyon sa.

Jeneralman, mòd batay sa yo gen 2 faz : 1- POZISYONMAN ak 2- PWOGRESYON. Apre sa, politik se KONTRADIKSYON.

Senmenn ki sot pase la pat bon ditou pou asasen yo. Mobilizasyon pèpla ak nivo opinyon piblik nasyonal ( nan diaspora) ak rezistans yon seri sitwayen konsekan nan konsèy minis yo, e sitou kouraj Komisè BEDFORD CLAUDE kise komisè gouvènman Port-au-Prince ak Minis jistis Rockfeller Vincent, tout bagay sa yo fose asasen yo parèt tout kò yo.

Jodia, pèp la ap gade anba yo. Tout moun toutouni. Yo desann pantalon yo : “Le Roi est nu!”


Nan nivo POZISYONMAN

Gwoup moun kite rele tèt yo “Sektè Demokratik” la pozisyone yo klèman. Jodia André Michel, Nenel Cassy, Sorel Jacinthe ak tout lòt yo nan menm kan ak PHTK.
PHTK menm telman pozisyone’l nan kan asasen yo ke plizyè nan manb li ap demisyone yonn apre lòt.


PWOGRESYON

Desizyon komisè BEDFORD pou mande DIGICEL enfòmasyon sou nimewo telefon Premye Minis Ariel Henry pèmet tout moun konnen misye tap pale ak asasen prezidan Jovenel pandan menm yo tap asasinen li lakay li. Enfòmasyon sa yo nan rapò DCPJ.

Malgre konplisite jounalis etranje kowonpi ki tap eseye pa rapòte enfòmasyon sa kase fèy kouvri sa, nouvèl sa pran lari. Li nan tout jounal ak media etranje. Nan nivo sa, revoke yon komisè gouvènman oubyen yon minis jistis pa solisyon an. Okentrè se yon desizyon ki agrave akizasyon an. Li klè jodia, nan lide tout moun an Haiti tankou aletranje, ke Ariel Henry t'ap kowòdone asasina prezidan Jovenel nan telefòn.

Tout blan kap rankontre avèk Ariel Henry ap toujou mete nan tèt yo ke yap pale ak yon asasen. Misye vin anbarasan nan nivo entènasyonal. Epi tou, revoke Komisè gouvènman an vin jistifye demand pou yon Tribinal Penal International travay sou ankèt pou Jovenel jwenn jistis.

Se yon gwo pwogrè ki pra’l ede pèp aysyen an konprann ke tout moun kap defann Premye minis Ariel Henry kapab enplike nan asasina prezidan Jovenel. E nou mèt fè’m konfyans, se lè eleksyon rive yo pral wè konsekans pozisyon yap pran jodia.


KAKOUT PRAN BAL

Asasen yo tèlman pran kou, yo oblije vin pi aktif nan entimide moun. Yo entimide Depite Alfredo, yo entimide Reynald Luberice. Y'ap eseye entimide Laurent Lamothe nan piblye radòt fo nouvel, FAKE NEWS kont li. Y'ap entimide Stanley Lucas epi anpeche’l pale nan radyo ke yo kontwole. Depi w pa tande Stanley Lucas nan Radyo li abitye pale yo, konnen mèt radyo yo ap resevwa menas. Men pa okipe’w sa yo se bagay ki ap ranfòse Stanley Lucas ak batay nap mennen pou prezidan Jovenel jwenn jistis.
Lidè revolisyon Iran ke yo rele Komeni, te fè pwomosyon ideyoloji li a ak kasèt radyo ke li te konn anrejistre pandan li an egzil epi voye nan peyi li an Iran. Jodia ak rezo sosyo, kominikasyon pi fasil.


JOSEPH LAMBERT

Senatè Joseph Lambert sou wout pou’l tounen yon Alternativ Nasyonal. Paske pouvwa sa ki la, se gouvènman PHTK + opozisyon + Coregroup.

Nan sans sa, Senatè Lambert ki pako jwenn sipò paske anpil moun pat vle lide yon lòt prezidan pwovizwa, sanlè vin tounen yon PWOPOZISYON NASYONAL fas a kan asasen ak blan rasis ki vle enpoze Haiti asasen yon prezidan kòm prezidan. Paske li klè sepa tout moun ki nan opozisyon ki dakò zak sasinay prezidan Jovenel Moise.

Epi tou peyi bezwen yon prezidan ak yon gouvènman ki kapab aksepte eleksyon lib ak demokratik.

Sou pwen sa li klè ke asasen ki panike e ki bezwen enpinite pral fè tout sa yo kapab pou anpeche yon moun yo pagen kontwòl genyen eleksyon yo. Yo oblije vole eleksyon kap vini la yo pou sekirize tèt yo.

Yo paka pran risk kite moun ki pa konplis nan touye prezidan Jovenel pran pouvwa nan Palman ni nan Palè, nan eleksyon lib. Kidonk, yo pral kontinye touye moun, touye kandida, touye manb KEP, BED, BEK, touye jij, pou yo ka genyen garanti ke yo pap janm jije yo pou krim sa. Sèl kondisyon pou pa janm gen bonjan ankèt sou asasina prezidan Jovenel Moise, se pou yo toujou kontwole tout pouvwa politik peyi-a. Ki vle di : #DiktatiAsasen

Elekson lib, demokratik pa posib ak gouvènman asasen. Sa se nouvo kontradiksyon ki jwe an favè SENATÈ LAMBERT.


Lòt pwen enpòtan, reyaksyon G9 pou al bloke enstalasyon Senatè Lambert paske blan poke vle, demontre ki sektè ki deyè gang sa yo kap touye moun nan kapital la.

Nou konstate ke Jounal New York Times di ke diplomat ameriken pa dakò enstalasyon Lambert. Epi kòm pa aza, G9 an fanmi al kraze enstalasyon an. Eske se diplomat etranje ki deyè G9 oubyen eske se asasen yo? Ki oligak kowonpi kap telegide gwoup gang sa?

Poutan, laprès pase 4 lane ap akize prezidan Jovenel di se pou li G9 ap travay. Aloske li klè jodia, enstalasyon Lambert tap ede Jovenelis yo ki nan pouvwa a reprann fòs. Paske Lambert se yon politisyen ki konn negosye.


POLITIK SE KONTRADIKSYON

Manèv asasen yo pou pran kontwòl pouvwa a kreye yon lòt kontradiksyon. Sepa san rezon Pierre Esperance RNDDH gentan ap denonse akò opozisyon SEKTÈ DEMOKRATIK, INITE ak PHTK.

Pozisyon sa pral kreye yon nouvèl opozisyon ki pral gen tout militan ki pa jwenn anyen, anti-PHTK ki tap sipòte SEKTÈ DEMOKRATIK, tout moun ki kanpe an kwa di 1806 pa 2021. Jovenel pap mouri pou asasen li yo pa nan prizon.

Lè w mete tout kontradiksyon sa yo ak pwoblèm sosyal, politik, nèg ki grangou saf ki pral vole san pataje; pèpla ki pap jwen anyen; oligak ki pral rekipere pil milyon ak avantaj yo pedi sou prezidan Jovenel. Tout bagay sa yo pral kreye yon koktèl eksplozif pou lage peyi d’ #Haiti nan plis katchouboumbe ak yon mobilizasyon jeneral.

YO PANIKE!

Fason yap rayji pwouve ke yo panike! “Kakout pran bal”, asasen yo pran kou. N'ap pwogrese!

Jan de batay politik sa yo se : POZISYONMAN, PWOGRESYON, KONTRADIKSYON.

Pozisyonman yon seri sektè fè yo gentan pedi batay;

Pwogresyon :
- Asasen yo te panse pèp la pral pran lari lè yo fin touye Jovenel (O kontrè pèpla ede lapolis mare kolonbyen yo.)
- Asasen yo te panse toufe dosye a ( Bondye fè dosye-a gentan entènasyonalize. DCPJ fè yon bon ankèt sou eleman de baz yo, Ariel Henry demaske li gen pou’l di verite sou konvèsasyon li ak Badio Joseph)
- Mobilizasyon pepla non sèlman pèmet yo arete Colonbien yo, men, ak tout gen tranbleman tè #goudougoudou nan Sid peyi-a, li pa blye prezidan Jovenel ni sispann mande jistis pou li. )
- Batay pou jistis sa oblije asasen yo fè fòs. Sa pèmet Pèp-la wè anba yo. Yo pyeje tèt yo nan pote boure sou pouvwa.

Bò kote nou menm nan #LeReCit, nap travay sou NWARIS DEMOKRATIK pou konbat RACIST SYSTEMIC ki se konteks global tout sitiyasyon difisil nan viv nan peyi d’Haiti.
Kriz konjonktirèl sa chita sou yon strikti rasis ke klas dominan milat mete nan peyi-a pandan 50 lane pouvwa Petion ak Boyer. Politik se tankou yon tablo. Gen imaj wap kade a, men gen yon dekò ki akonpaye imaj la. Pa kite moun fè’w rete konsantre sou imaj pou’w pa wè dekò a. Pa kite moun fè wap diskite de yon pye bwa epi pou’l bliye forè-a. Konjonkti a se yon pye bwa, rasis sistemik la se forè-a.

E nou pa egare. Si prezidan Joe Biden ki se yo blan, ki gen yon madanm blan kapab denonse rasis sistemik, sepa yon aysyen ki gen yon madanm blan ki paka denonse rasis sistemik. Pa kite #LilianeMilat pran nou pou egare. 2021 pa 1990. Radyoman sa yo paka manipile nou ankò nan enterè boujwa salòp.

Epi tou, tout moun konnen lè yon milat rasis, li pi rasis pase blan. Poukisa? Paske lap sibi 2 konpleks yon konpleks siperyorite sou moun nwa, men tou li angwase paske blan yo gade’l tankou moun nwa. Sa bay yo yon konpleks enferyorite ki fè yo oblije ap anpil eksè zèl imilye moun nwa yon fason pou yo konvenk tèt yo ke yo pa nwa. 

Nèg yo touye Jovenel, torite’l avan yo krible’l ak bal, pou yo ka imilye nou tout ki sanble ak li. Yo fè sa pou foure nan tèt nou lide ke nou se esklav yo, nou enferyè a yo, e nap rete konsa. Seepa yon aza si SEKTE DEMOKRATIK André Michel oblije pozisyonel ak asasen yo : Se djòb politik klas dominant milat rasis yo li tap fè, li oblije egzekite lòd yo tankou timoun ki rete ak yo.

Jodia, solisyon an se kenbe flanbo mobilizasyon an byen wo. Aktyèlman, #Haiti sispann yon Repiblik. Li pa demokrasi non plis. Li tounen yon leta vwayou dirije pa yon “Diktati asasen”.  

Batay tout patriyòt ki vle goumen, ap chanje sa.

VIKTWA POU PEP LA!!! VIV HAITI!!!

Cyrus Sibert, #LeReCit @reseaucitadelle
16 septanm 2021
reseaucitadelle@yahoo.fr
WhatsApp : +509 3686 9669

Aucun commentaire: