vendredi 27 novembre 2026

Poukisa operasyon NEPAL an Haiti egal SIPÒTE GANG TERORIS? (Analiz jounalis Cyrus Sibert)


Yon operasyon soulèvman jeneral NEPAL an Haiti nan moman sa, se yon operasyon sovtaj pou gang VIV ANSANM yo.


Sòlda Salvador ak GSF yo pa gen misyon kenbe lòd. Se fòs spesyal yo ye. Yo pa antrene pou jere foul moun. Yo pa la pou jere manifestasyon, yo pa la pou fè fas ak foul moun nan lari.

Si gen yon soulèvman jeneral nan peyi a, y’ap oblije rantre nan baz yo, kite teren an vid pou Polisye UDMO yo fè travay yo.

Sa vle di tout operasyon k’ap mete presyon sou gang yo ap oblije kanpe. Tout avansman yo, tout presyon yo, tout pè gang yo kòmanse santi a, ap kanpe net.

Kidonk, operasyon NEPAL ap vin tounen yon poz pou gang yo respire, reòganize yo, reame yo, epi retounen pi fò.

Kote moun k’ap mande NEPAL yo te ye avan BUKELE ak GSF te kòmanse operasyon yo? Lè peyi a te anba men gang yo nèt, lè moun pa’t ka soti lakay yo, lè kidnaping, vyòl, boule kay te tounen reyalite chak jou, kote yo te ye?

Yo pa’t janm mande NEPAL lè sa a.

Eske yo pa wè kòman bandi VIV ANSANM te pwofite de manifestasyon 17 Novanm 2026 la pou tante atake Salvadorien yo nan stad Silvio Cator?

Nou pa wè bandi yo ap eseye fòse moun fè manifestasyon nan teritwa yo kontwole yo? Yo fòse moun yo soti nan lari, yo fòse yo rele viv Lamòsanjou, yo fòse yo fè dezòd, pou fè kwè se pèp la k’ap manifeste, pandan se gang k’ap dirije jwèt la dèyè.

Se prèv klè gang yo konprann sa manifestasyon vle di pou yo : yon chans pou kreye dezòd, pou fòse fòs etranje yo fè bak, pou repran teren yo te pèdi.

Pa kite yo manipile nou. Moun ki kont operasyon Bukele a vini sou tout fòm : yo ekri ONU, dwazimen, jodia se Nepal.

Aysyen dwe swiv estrateji BUKELE a : pran pouvwa apati yon kandida ki kapab konbat gang yo ak koripsyon an Haiti. Se pa nan lari ak dezòd n’ap libere Haiti, se ak yon lidè ki gen kouraj, ki gen vizyon, epi ki pare pou kraze sistèm gang ak koripsyon an nèt.

Pa kite NEPAL tounen sovtaj gang yo.


Cyrus Sibert, @reseaucitadelle
WhatsApp : +14075800662
Email : reseaucitadelle@yahoo.fr
www.rezositadel.com

Aucun commentaire: