jeudi 14 février 2019

Bon !!! Pagen lapryè ki pagen amen !!! Prezidan @MoiseJovenel dwe reprann kontwòl sityasyon an.- #LeReCit

Bon !!! Pagen lapryè ki pagen amen !!! Prezidan @MoiseJovenel dwe reprann kontwòl sityasyon an.- #LeReCit

1- CSPN lage sèl #PNH nan batay !!! Li lè pou chanje minis ki pa itil anyen nan CSPN nan. Nan jan de pwoblèm sa yo, se ministè enteryè ki reskonsab. Kidonk. si ministè sa pa fè anyen pou kalme lari-a, prezidan an dwe chanje’l.
Kòm se @DG_PNH ki ap degaje’l nan lari-a. Li merite plis konsiderasyon ak plis mwayen pou’l kontinye retabli lòd.
Se yon opòtinite pou tou 2 moun : Michel-Ange Gédéon ak prezidan an.

Rezistans pouvwa chita sou fòs sekirite. Se teyori klasik ki aplike Venezuela, Russie, elatrye. Bay fòs sekirite plis mwayen ak reskonsabilite, ranfòse konfyans epi fè yo plis angaje. Non sèlman anpil sivil ki akote prezidan an pa itil li anyen, konpòman yo nan sityasyon difisil sa demontre yon bann nan yo se trèt.


2- W gen enpresyon gen yon seri patizan @MichelJMartelly ki nan pouvwa sa ki lanse yon operasyon paka tann. Anba, anba, yap tann zen pou eleksyon antisipe. Prezidan Martelly dwe mande patizan sa yo kite Prezidan Jovenel dirije peyia.

Se yo ki mete Ceant, se yo ki mete tout minis CSPN yo, se yo ki mete tout moun nan leta…w menm ap mande si yo pa nan konfyolo ak Youri Latortue.

Kidonk, si CSPN pap travay pou retabli lòd, prezidan @MoiseJovenel dwe rekonèt ke li viktim trayizon. Li paka abandone pèp aysyen an ap sibi vyolans poutchis yo.


Nan sans sa, prezidan Jovenel dwe mobilize pèp la nan yon “OPERASYON DEBLOKE LARI”

Gen anpil moun ki vle ede!

Mwen tande senatè Wilot Joseph kap pale nan radyo, misye se yon moun ki vle ede prezidan an. Se mòd moun sa yo kite dwe gen plis pouvwa. Paske, depi w bay trèt ak lenmi anpil pouvwa ak lajan, se plis pwoblèm wap kreye pou tèt w.

Nap di prezidan Jovenel ke si li pa dirije, lap pèdi sipò entanasyonal ak sipò pèp la. Paske plan an pap chita kite refijye debake sou li, pèp aysyen an kap soufri lakay li pral revolte.


Cyrus Sibert, Journalis !
Cap-Haitien, Haiti
#LeReCit @ReseauCitadelle
WhatsApp : +509-3686-9669
reseaucitadelle@yahoo.fr
www.reseaucitadelle.blogspot.com
14 Février 2019

Aucun commentaire: