vendredi 22 février 2019

Ti konsèy pou nouvèl jenerasyon militan politik sa pa fini mal nan kite politisyen demagòg itilize yo !

Cyrus Sibert
Ti konsèy pou nouvèl jenerasyon militan politik sa pa fini mal nan kite politisyen demagòg itilize yo ! 

Sa fè’m mal anpil pou’m wè kòman yon seri politisyen chita ap gaspiye avni jenn gason ak jenn fanm nan peyi d’Ayiti. Sa rive posib paske jenn sa yo manke eksperyans. Gen anpil nan yo ki fenk rive nan politik, anpil lòt ki pase nan inivèsite konfonn diplòm (akademik) ak konesans (akademi+ kilti nan sans laj).

Se pou rezon sa #LeReCit deside piblye ti teks sa pou ede yo konprann konjonkti politik la.

1- Pa kite moun bay nou manti. #Haiti se yon ti peyi ki chaje pwoblèm. Yon peyi ki paka bay pèp li manje, sante, travay, edikasyon, se yon peyi pòv. Nou dwe rekonèt sa pou’n pran konsyans remanbre’l.
Pou rezon sa, #Haiti ke nou renmen an paka fè fas kare ak Etazini. Pa kite okenn moun bay w manti sa. Etazini se yon sipè pisans kap bay peyi tankou LaChin ak LaRisi presyon, kidonk se pa #Haiti li paka bay presyon; sitou lè nou toujou divize, lè nou toujou ap rele aba, mete dirijan nou yo nan sitiyasyon difisil kote yo pè pou pouvwa, sekirite, ak lavi yo…kidonk, yo oblije al chache backup ameriken.

2- Gen moun ki pral di’w : E peyi Kiba? Pa okipe yo! Paske Kiba te reyalize sa li te fè a nan fen lane 50 ki vle di nan yon moman kote te gen lagè frèt ant (URSS) Inyon Sovyetik ak Etznini. Lè sa sitiyasyon jeyopolitik yo te favorize yon ti ekilib kite pèmèt li pase nan mitan 2 gwo toro gwonde sa yo kitap goumen pou domine lemond.
Epi tou, nou dwe rekonèt sa : Fidel Castro sete yon lidè kite gen anpil kouraj. Li pat yon demagòg tankou nèg an #Haiti kap di yon bagay pandan anba anba yap fè menm sa yap denonse yo.

3- W paka fè politik nan okenn peyi san w pa gade sityasyon konjonktirèl ak jeyopolitik yo. W dwe konnen aktè yo ki anfas w tou, pou’w pa lakòz w viktim tankou kann.
Gen anpil moun ki di’w yo pral jete #Jovenel mennjan yo te jete #Aristide.
Moun sa yo pa evalye konjonkti aktyèl la, kondisyon jeyopolitik la ak kapasite lide ki sou teren an.

a) Nan lane 2000, premye bagay opozisyon politik la te fè, sete regwoupe tèt yo. Lidè kite la yo te entelijan anpil, yo te konprann ke yo paka batay nan divizyon. Si yo vle jete Aristide, w dwe ini yo. Se pou rezon sa, yo te kreye “Konvèjans demokratik”.

b) Konjonkti politik 2000 lan te chanje. Aristide pat konprann sa. Sa yo rele Miray Bèlin an te deja fin tonbe, tout ilizyon kè kontann echèk Inyon Sovyetik la te fini, epi tou lè’w byen gade, ozetazini, pitit prezidan Bush te sou pouvwa kote li tap aplike yon politik fini ak tout travay papa’l te kòmanse.
Aristid te tèlman kwè de li, misye blye si li te retounen an 1994 gras a batay politik andedan peyi Etazini kote li te pran pozisyon anfavè demokrat kont repibliken yo.
Si li te konprann sitiyasyon sa, li pa tap janm komèt erè al kreye gann, rekomanse ak vyolans boule kay pati politik, yon seri zak ki jistifye fokon repibliken li te imilye an 1994 yo, repran revanch sou li.
Epi tou, an 2000, vyolans lan te kote pouvwa prezidan Aristide ak gang dwòg ki tap sipòte’l.

c) Sa se erè anpil politisyen aysyen ap fè :
Yo tèlman ap bay manti nan Radyo, yo panse yo ka bay blan yo manti tou. Ebyen, mwen menm Cyrus Sibert, ki reskonsab #LeReCit ap di’w pagen anyen ki pase nan Potoprens pou yon seri gwo anbasad pa konnen’l.
Nou ka menm di, ki pase an #Haiti.
Kiyès ki pa konnen aysyen pale anpil? Se sèl moun fou ki pou chita ap planifye zak vyolans ak aysyen, pandan li pa vle etranje konnen.
Aysyen frè nou renmen pale anpil. Li menm pale pou anyen, jis pou’l fè moun wè li konnen sa kap pase, li enpòtan, li byen branche. Kidonk, se pèdi tan, lè nou tande yo seri moun ap bay manti sou radyo ap rakonte kilès moun ki boule drapo meriken, kimoun ki fè blan vini, kisa mèsenè te vin fè nan peyi-a…elatriye.

Map mete men mwen nan dife ke depi kote jenn gason saaa tap boule drapo meriken an, yo pran foto li, epi fè rechèch fasyal sou sistèm baz done enfòmatik yo genyen.
Eske nou konnen ki kote tout foto ak enfòmasyon nou bay lè nap fè paspò, kat elektoral, demand viza, patisipe nan pwojè….elatriye…yo ye? Tout bagay sa yo se ak lajan blan nou fè yo. Nou toujou panse se kado, otorite aysyen kontan resevwa gwo kòb…? Reflechi byen!
Si analiz anbasad la di se yon zak banal, yo ka banalize’l. Menm lè boule drapo yo peyi vle di w gen pwoblèm avè’l kidonk, la veye’w tou.
Paske le’w gade imaj video a, li reprezante yon miz an sèn. Li pa sanble ditou ak yon bagay enprovize ditou :
1- Gen yon moun ki vin bat bravo,
2- gen yon lòt ki vin eksplike senbolik la,
3- jenn ki tap boule drapo a gen yon bèg nan do’l.
Sepa sa nap di la yo, ni sa André Michel, Pierre Esperance ak Youri Latortue di nan Radyo ki pral fè blan meriken pa ankete sou sa. Okontrè chita bay manti sou sa ki pase a ka yon prèv konplisite. Paske tout operasyon klandestin toujou akonpaye de yon plan demanti ke yo rele “Démenti Plausible” nan lang franse.

4- Pa kite yo bay nou manti!
Jenerasyon pa’m lan ki fèt nan ane 70 yo te pran anpil manti nan men politisyen aysyen. Yo tout reyisi san pèp la!
Aristid te pwomèt 3 wòch dife : “Jistis, transparans, patisipasyon.”

Gwoup 184 ak boujwa yo te pwomèt : “Nouvo kontra sosyal.”

Nap marinad!

Nou pa di pou jenn yo pa oganize yo, mobilize sou yon seri pwoblèm politik ak sosyal. Men pa kite yo manipile nou! Gade konjonkti jeyopolitik la, gade moun ki anfas nou yo, epi tou gade karaktè ak konpetans lidè nap swiv yo.

5- Sityasyon jeyopolitik (Ki vle di : gwo lit enflyans kap fè ant peyi ki nan rejyon nou an.)

a) Atyèlman, nan rejyon karyaib la gen gwo batay jeyopolitik. Etazini ap eseye refoule Larisi ak Lachin kap anvayi zòn amerik la. Poutine bezwen mete baz stratejik ak bonbadye nikleyè sou yon zile nan teritwa Venezuela pou menase Etazini, menm jan peyi Etazini ap deplwaye solda ak misil akote fwontyè Larisi. Nan sans sa, peyi Etazini pran avantaj sou eleksyon konteste Maduro a pou pa rekonèt, mande lemond pa rekonèt li, ki vle di rann tout desizyon li ta kontinye anfavè Larisi ilegal ak san lejitimite.

b) #Haiti jwe yon wòl enpòtan nan strateji Etazini lè li vote kont Maduro. Mwen tande anpil nèg ap joure pou sa, men map di yo pagen okenn nan yo kitap sou pouvwa ki patap oblije vote kont Venezuela. Apre opozisyon sa ki nan laria tap benefisye èd etazini pou kapote gouvènman aysyen an. Pagen moun ki gen gentan blye kòman #Aristide ki te konn ap di enperalis se peche mòtel, te al mande menm enperyalis sa yo voye solde mennen’l tounen sou pouvwa.

c) Jou #Haiti bezwen gen pozisyon grandèt manjè sou sèn entènasyonal la, se pou nou tout aysyen sispann divize andedan peyi-a, mete ekonomi nou kanpe djanm, tankou ekonomi yon bann ti zile nan karayib la ki gen bonjan aktivite touris.

Kidonk, sou pwen sa, meriken yo pa nan griyen dan ak dosye Venezuela sa. Tout jenn gason ki kite lidè fou, ki pa konprann anyen nan anyen al fè yo fè vyolans pou Venezuela, ap peye sa trè chè.

d) Gade moun yo ki ap rantre nan pouvwa Ozetazini.
W gen John Bolton kise sekretè sekirite nasyonal, w gen Eliott Abraham, ak nouvo minis jistis Etazini William Barr… Moun sa yo se anti-sosyalis, anti-kominis, anti-Kiba, fokon zèl di ki pa nan demi mezi ak okenn moun kap pran pòz ektrèm goch.
Pa kite yon seri lidè fou ipoteke avni w kòm jenn lidè. Si wap plede afiche’w ak yo, w sanlè tounen yon kat make nan mond sa.

Entènasyonal la konnen ki moun Moise Jean-Charles, Nenel Cassy, Evalière Beauplan, Schiller Louidor, Antony Barbier ye. Yo konnen ki sa Lavalas konn fè tou. Yo konnen moun sa yo se yon bann anyen kominis, maxis demagòg, sosyalis demagòg, anakopopilis ke KGB te fòme pou fè vyolans politik. Yo konnen ki sa yo konn fè tou.
Kidonk tout nèg sa yo se lenmi fokon yo ki ap ranfòse tèt yo nan peyi Etazini e ki bezwen fini ak koze kominis ak sosyalis nan karyib la ak amerik latin nan.

Kidonk, si wap swiv moun sa yo san reflechi, wap fini pa reyalize ke avni w gache, w fini, paske wap tounen yo kat make.

Pa egzanp : Ki avni yon jenn kap mache dèyè Moise Jean-Charles genyen apre li fin al mande Maduro padon paske #Haiti vote kont li? Paske nou konnen Moise Jean-Charles se yon demagòg dwat e gòch, ann retire’l nan koze goch moun.
Ann gade avni lagoch kap bese nan zòn nan. W pa reyalize sa ka pran 20 lane avan li remonte. Dayè pagen moun kap panse pou li. Pi gwo defo moun sa yo, yo refize rekonèt enkonpetans ak erè dirijan ki gaspiye mouvman an. Nicolas Maduro ki se yon enkonpetan, Dilma Rousseff ki te refize tande. Yon tèlman fanatik, yo paka kritike’l pou yo remanbre’l.

Yon lòt egzanp : Ki avni yon jenn gason kap manche deyè Senatè Beauplan ki mande mete lwil nan lari, lakòz aksidan…Nou sanble blye si gen yon cha MINUJUSTH kite fè aksidan touye 6 moun sou wout Delmas, paske li te pran nan lwil Beauplan an? Daprè nou pagen yon rapò sou sa nan Nasyon Zini, New York oubyen Washington?
Bourdon kote yo te vide lwil la avan yè a, se devan pòt kay rezidans anbasè ameriken an wi…, yon senmenn apre drapo meriken fin boule.

Lòt bagay ke nou pa konnen : Ameriken ap swiv de trè prè yon seri gwoup mizilman ki nan peyi-a epi tou ya swiv enplikasyon yo nan aktivite anti-ameriken yo.

Nou pa menm bezwen pale de palmantè ak politisyen ki gen gwo dosye dwòg lakay blan; epi sèl fason pou’l fè blan kenbe dosye a nan tiwa toujou oubyen vinn chita pale ak li, se pou’l pran pòz li se yon gwo lidè tankou Aristide….

Nou paka ap fè politik pou nou pa gade bagay sa yo.

Apre sa lidè yo pral manipile nou! Pa kite demagòg pran woulib sou nouvèl jenerasyon w an pou regle zafè yo. Si blan deside mete lidè politik sa yo kap fè vyolans sou lis nwa, tout jenn gason ak jenn fanm ki nan òganizasyon ak yo sanlè sou lis nwa tou.

6- Tout pouvwa ki rive ozetazini pran 2 lane avan li pran kontwòl Depatman leta epi fè tout sistèm lan santi ideyoloji li. Apre 2 lane sou pouvwa, fokon iltra konsèvatè yo ki ansanm ak Prezidan Trump sipoze an pozisyon pou aplike vizyon politik yo nan nivo entènasyonal. Menm si w te genyen yon ti blan andedan anbasad kap bay w garanti pou’w fè dezòd, pa okipe’l. Li kapab yon patizan demokrat ansoudin kap sèvi avè’w pou bloke repibliken oubyen fè politik yo echwe. Jou fokon yo deside pase sou w, lap fè kòmsi li pat rekonèt w.

7- Kòman pou nou goumen?
Batay jenn yo dwe fèt dedan kad demokratik yo. Nan respè lalwa ak libète. Fokon yo dakò ak mobilizasyon anti-sistèm kap fèt anpil kote nan mond lan. Dayè yo prezante tèt yo tankou militan anti-sistèm tou. Kidonk, tout mobilizasyon ki chita sou revadikasyon anti-sistem ap byen akeyi nan nivo entènasyonal. Men sepa koze vyolans “Grenadye alaso”, “vide lwil sou asfalt”, “Viv Maduro ak Poutine”.

Sa se yon konsèy ke mwen menm Cyrus Sibert bay tout jenn kap fè politik. Nou ka pran’l, konsa tou w ka pa swiv li. Men, yon jou, wap di “ Cyrus Sibert te gen rezon”.

Mond lan se yon ti vilaj! Ak rezo sosyo yo tout sa w di #Haiti ap rive byen lwen. Foto, video, tout imaj kote wap fè vyolans ap rive nan memwa gwo odinatè kote w pata panse. Veye pou yon jou, bagay sa yo pa bloke avni w, paske w tap swiv lidè iresponsab.


Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
#LeReCit @ReseauCitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr
www.reseaucitadelle.blogspot.com
22 Février 2019

Aucun commentaire: