mercredi 29 août 2018

L’invitation de Dimitri Vorbe par le Sénat, une stratégie de récupération politique du mouvement #PetrocaribeChallenge.-

Yon jou apre @LatortueYouri anonse vyolans nan yon konferans ak @Dimitrivorbe, kote li di pèpla ap fè tèt li jistis, @TwitJAKO piblye foto yon jenn gason ak zam ki menase zak teroris an #Haiti sou preteks revandikaston #Petrocaribe. Eske piblikasyon sa senp? Nan ki enterè li fèt?

Pouki rezon @LatortueYouri ak @DimitriVorbe ap chache rekipere mobilizasyon #Petrocaribechallenge #KoteKobPetroCaribeA ak sinema envitasyon devan Sena pou yon koze yo di? Eske sepa paske yo santi yo pedi kontwòl bèl mouvman popilè sa sa jenn yo ap mennen? #NouPaEgare!
#LeReCit

Se kesyon sa yo tout sitwayen ki gen lespri ta dwe poze. Se ak refleksyon sa yo #LeReCit ap louvri zye pèp-la pou pa kite demagòg manipile’l.
Paske, yon vrè ankèt teknik san paspouki se sèl okazyon pou ansyen dirijan yo jwen dechaj epi ale nan eleksyon. #LeReCit

Nan sans sa nap salye tout jenn entelijan tankou VILAIRE kite ekri nou di: li konprann ke ak sit-in vandredi 24 la, ankèt Youri ak Beauplan yo tonbe. Paske sitwayen yo rekipere dosye a.
An bon entèlijan @LatortueYouri al chache rekire mouvman an Okap ak biwo kanpay @BastienKely.

Pèp Okap boude maskarad Youri a. Se 2 grann patizan @BastienKely kite nan lari. Menm Pitit Desalin pat patisipe.
Depi lè sa, maladi @LatortueYouri se rekipere mouvman an, pa pèdi dosye sa ke li konte sou li pou’l ka kandida pou prezidan.

Pi gwo lenmi mouvman #PetroCaribechallenge, se politisyen ak boujwa ki bezwen rekipere’l. Yap fè tout sak posib pou mouvman an gen mèt. Youri ak Dimitri pap kite li endepandan! Yap antann yo sou do nou : retire Sogener nan Petrocaribe, rebay Youri kontwòl dosye a. #LeReCit


https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1034564753006444544?s=21

Aucun commentaire: