dimanche 23 octobre 2022

Ensekirite Ayiti se yon kay 4 etaj. Poukisa rezolisyon 2653 Nasyonzini pa pale de gang Petion-ville yo? Tex ekri pa Anbasadè Stanley Lucas*

🔵🔴🔵*4 etaj kay ensekirite ayiti fas a rezolisyon 2653 nasyonzini pa Anbasadè Stanley Lucas*

Vandredi 21 Oktob 2022 konsèy sekirite nasyonzini adopté alinanimite rezolisyon 2653 pou sanksyone tout kalte kriminèl ki nan kore gang, ki nan gang, ki nan trafik moun, imigrasyon ilegal, violasyon dwa moun elatrye an ayiti. Ampil ayisien sispèk paske nan kè yo e nan tèt yo, yo kwè pandan blan yo kontribye a mete kawo e dife an ayiti ak alye politik e ekonomik lokal yo, se yo jodia kap pran pòz pompye. Lè ampil moun konsidere responsabite blan yo nan sakapase an ayiti e enplikasyon yon pati nan pèsonèl BINUH nan sak rive yo, ampil moun ap mande eske rezolisyon sa pa sanble ak wouj a lèv yap mete sou bouch yon kochon? Pou jan rezolisyon an ekri, eske blan yo ap esaye pwoteje oligak yo ak yon pati nan gang yo kap simaye ensekirite nan peyi dayiti? Eske ensekirite ak gang yo tounen yon zouti pou afebli leta dayiti? Se nan aplikasyon sanksyon rezolisyon 2653 ayisien ki se lè yap wè yap kwè tankou sen toma, pral dekouvri répons à kesyon sa yo. Lè radyografi ensekirite ayiti fèt ayisien dekouvri yon kay ki genyen 4 etaj. 


_Premye Etaj_

Premye etaj la se atè a nan katye popilè kote chèf gang yo ye. Se yon seri de jènn ki resevwa zam nan men oligak, lidè politik, ansyen palmantè pou kreye gang. Reyalite sa kòmanse an 1995 apre Aristide kraze ilegalman lame pou monte premye gang yo. Se konsa gang tankou lame wouj, lame rat, lame ti manchèt elatrye fòme. Gang sa yo te gen nan tèt yo chèf gang ki te gen 30-35 lane, jenn 18-24 lane te manm e yo te rekrite timoun ki te gen 8-16 lane kòm timoun solda. Videyo “les enfants soldats de Jean Bertrand Aristide” bay detay sou sa. Pi devan lè Aristide vinn gen problèm a popilasyon an ki fose l demisyone an 2004, oligak ak lidè politik pral rekipere gang yo e fè kèk chèf gang palmantè. Jodia gade foto kat jeyografik gang yo yo ki bay ki kote chak gang jodia ye ak detay sou pozisyonnman yo. Eske rezolisyon an pral sible tout oubyen pral gen kase fèy kouvri sa ak gouvènman Ariel e oligak yo ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse? Ampil woun wè madan Lalime ak yon pati nan amplwaye BINUH kòm yon blokaj a aplikasyon rezolisyon 2653.




_Dezyèm Etaj_

Dezyèm etaj ensekirite a gen 5 kategori moun. Se gwo ofisyèl ki nan gouvènman an ki nan gang e trafik zam, lidè politik ki nan gang, manm CSPJ ak Jij kap lage gang, ansyen palmantè ki nan gang epi manm legliz ki nan trafik zam. Eske yap sèvi a pati sa pou fasilite koudeta anfavè Fritz Jean, yon ansyen gouvènè kowonpi bank repiblik dayiti ki te volè 93% rezèv lò peyi a. Elit globalist kowonpi yo ap goumen depi 10 mwa pou fè koudeta pou li pou vinn volè richèss ki anba tè peyi dayiti.


_Twazyèm etaj_

Twazyèm etaj ensekirite a genyen 3 kategori de moun. Se ansyen prezidan peyi dayiti, oligak petyonvil ak diplomat kowonpi. Rezo sa nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Motif krim nan ekonomik. Yo bezwen kontinye piye leta nan gaz, nan kouran, nan wout, nan BMPAD, nan ONA, nan BRH, nan BNC, nan EDH elatrye. Yap piye tou nan lavichè. Yo pare pou fè nenpot ki dil ak blan an.


_Katryèm etaj ensekirite_

Katryèm etaj ensekirite a genyen 2 kalte blan, blan ki fè pati elit globalist kowonpi ak blan racist ki renmen eksplwatasyon. Yo konekte ak oligak petyonvil yo e diplomat kowonpi. Yo konekte tou ak prezidan e ultranasyonalis dominiken ki nan konplo kont ayiti.


4 etaj sa yo barou 16 kategori ke rezolisyon 2653 konsèy sekirite nasyonzini ta dwe sanksyone. Gade detay sou foto ki bay 16 kategori yo. Eske sa pral fèt kote tout atoufè sa yo pral tonbe anba sanksyon kote tout peyi manm nasyonzini pral sezi kont labank yo ak byen yo genyen nan mond lan? Repons lan se non paske gen twòp koneksyon, twòp koripsyon e twòp enterè. Blan yo pral sakrifye kèk bouk emisè pou la galeri epi problèm nan ap rete an antye. Se la bagay la pral gâté paske pèp ayisien an pap dakò. Lè sa rive mobilizasyon toutbon pral tounen yon soulèvman jeneral. Fwa sa pa gen anyen kap ka bloke revolisyon pou netwaye ayiti.

* Anbasadè Stanley Lucas te konseye spesyal Prezidan Jovenel Moise