dimanche 23 août 2009

Bilten Meteyo Dimanch 23 Dawou 09

 

                                 Pou rive jouk 25 Dawou 09

 

 

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA  AK SOU ATLANTIK LA

 

  • Mitan yon ond tropikal pral chita kò'l aswè a ak demen maten anfas rejyon Sid la. Kèk aktivite lapli ak kout loraj pasipala ap toujou kenbe nan basen Karayib Santral la sitou sou Ayiti aswè a.

  

PREVIZYON POU AYITI

 

- Tan an gen solèy maten an;

- Ap gen nyaj tanzantan  nan aprè midi ak nan kòmansman lannwit lan;

- Tanperati a ap yon ti jan bon  pandan lannwit lan; 

- Lapli fèb  ak kout loraj pasipala toujou posib aswè a sitou nan depatman Sant, Lwès, Sidès, Sid, Grandans ak Nip.

 

    PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO

 

-   Tan an gen solèy maten an;

-    Ap gen nyaj k'ap pase tanzantan nan fen jounen an ak nan kòmansman lannwit lan;

-    Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 34°C , pi ba l'ap desan'n se 24°C;

-          Gen chans pou gen lapli fèb ak kout loraj pasipala aswè a.       

 

Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

 

Jodia           23  Dawou             leve  :  05 è 33 mn                    kouche :06 è 11mn

Lendi          24  Dawou              leve :   05 è 33 mn                    kouche :06 è 10 mn

Madi          25  Dawou              leve :   05 è 33 mn                    kouche :06 è 09 mn

 

                                               

                                            Previzyon pou Lanmè a

Dimanch 23 Dawou  pou rive 24 Dawou 09

 

 Zòn kotyè Nò

 Dimanch & Lendi

 

v  Van an ap soufle nan sektè Lès- Sidès : 15 - 20 ne;

v   Vag yo ap monte 5 – 7 pye;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite;

  

Gòlf Lagonav

 Dimanch & Lendi

 

v  Van an ap soufle nan sektè  Lès: 15 - 20 ne;

v  Vag yo ap monte : 5 - 7 pye;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite;

 

Zòn kotyè Sid

Dimanch & Lendi

 

v  Van  an ap soufle nan sektè  Lès: 15 -20 ne;

v   Vag yo ap monte :  6 - 7 pye jodia, men y'ap monte 9 pyea swè a;

v  Lanmè a  yon ti jan ajite;


Aucun commentaire: