lundi 10 août 2009

Bilten Meteyo Lendi 10 Dawou 09.


Pou rive jouk 12 Dawou 09




SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA




  • Kondisyon yo toujou rete favorab pou devlòpman systèm siklonik lan, nan 48 tè ki pral vini yo. Zòn move tan an, kite tou piti zile Kap vèt pou'l chita sou Oseyan Atlantik lan maten an. Sant Nasyonal Meteyo ap swiv ak anpil atansyon evolisyon systèm sa, epi l'ap toujou enfòme popilasyon an. Rejyon Karayibeyèn nan domine ak plizyè ond tropikal ki mache yon'n dèyè lòt, sa ki pi enpòtan an trouve'l sou Ak ti Zanti yo. L'ap aji sou kèk ti Zile pandan l'ap bay lapli ak loraj.


PREVIZYON POU AYITI



- Tan an gen solèy ak kèk nyaj ;


- Ap gen nyaj nan aprè midi ak nan kòmansman lannwit lan;


- L'ap fè cho pandan jounen an, men l' ap miyò pandan lannwit lan;


- Gen chans pou gen lapli ak kèk kout loraj sou tèt mòn Nò, Sant, Sid ak rejyon nan Lwès.



PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO



- Tan an gen solèy ak kèk nyaj maten an;


- Ap gen nyaj nan aprè midi ak nan kòmansman lannwit lan;


- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 36°C , pi ba l'ap desan'n se 24°C;


- Gen chans pou gen lapli ak loraj sou basen Pòtoprens ak lòt zòn ki bò kote'l yo.



Kantite Lapli ki tonbe Dimanch swa



Ayopò: 17mm; Mon repo Kafou : 6mm; Kotplaj : 8mm; Leyogan : 60mm; Senlwidinò : 7mm; Lizon : 45mm; Delma 31 : 2mm; Montay Nwa : 11mm.



Leve ak kouche solèy la pou pòtoprens



Jodia 10 Dawou leve : 05 è 30 mn kouche :06 è 19 mn


Madi 11 Dawou leve : 05 è 30 mn kouche :06 è 19 mn


Mèkredi 12 Dawou leve : 05 è 30 mn kouche :06 è 18 mn




Previzyon pou Lanmè a


Lendi 10 Dawou pou rive 11 Dawou 09



Zòn kotyè Nò


Lendi & Madi



v Van an ap soufle nan sektè Lès: 15- 20 ne;


v Vag yo ap monte 2 – 4 pye ;


v Lanmè a ap ajite tou piti;




Gòlf Lagonav


Lendi & Madi



v Van an ap soufle nan sektè Lès : 15-20 ne;


v Vag yo ap monte : 5 - 7 pye;


v Lanmè a ap yon ti jan ajite;




Zòn kotyè Sid


Lendi & Madi



v Van an ap soufle nan sektè Lès : 15 -20 ne;


v Vag yo ap monte : 5 – 7 pye;


v Lanmè a ap yon ti jan ajite;


Aucun commentaire: