lundi 3 août 2009

Bilten Meteyo Lendi 03 Dawou 09


Pou rive jouk 05 Dawou 09

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA AK SOU ATLANTIK LA

  • Aks yon ond tropikal ap rive sou pwent Ès Sendomeng aprè midi a, l'ap trouve'l aswè a ak demen sou rès Lil la. Kèk ti nyaj ki ka bay lapli ap mache ak li , sitou sou kèk rejyon frontalyè peyi d'Ayiti jodia ak demen.

PREVIZYON POU AYITI

_ Tan an gen solèy tout kote maten an;

- Ap gen nyaj de tanzantan nan fen jounen an ak nan aswè, sitou sou penensil Sid, Sant ak Nòdès;

- L'ap fè cho pandan jounen an, men l' ap miyò nan lannwit ;

- Lapli ak loraj posib nan kèk zòn jodia ak demen sitou nan Nòdès, Sant, ak penensil Sid peyi d'Ayiti.

PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO

- Tan an gen solèy maten an;

- Ap gen nyaj de tanzantan nan fen jounen an ak nan kòmansman lannwit lan;

- Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 36°C , pi ba l'ap desan'n se 23°C ;

- Lapli ak loraj nan kèk zòn posib nan kòmansman lannwit lan.

Leve ak kouche solèy la pou pòtoprens

Jodia 03 Dawou leve : 05 è 28 mn kouche :06 è 23mn

Madi 04 Dawou leve : 05 è 28 mn kouche :06 è 22mn

Mèkredi 05 Dawou leve : 05 è 28 mn kouche :06 è 22mn

Previzyon pou Lanmè a

Lendi 03 Dawou pou rive 04 Dawou 09

Zòn kotyè Nò

Lendi & Madi

v Van an ap soufle nan sektè Ès : 15-20 ne;

v Vag yo ap monte 4 – 8 pye ;

v Lanmè a ap yon ti jan ajite

Gòlf Lagonav

Lendi & Madi

v Van an ap soufle nan sektè Ès : 15-20 ne;

v Vag yo ap monte : 6 - 9 pye;

v Lanmè a ap yon ti jan ajite;

Zòn kotyè Sid

Lendi & Madi

v Van an ap soufle nan sektè Ès: 15 - 20 ne;

v Vag yo ap monte: 6 – 9 pye sitou nan laj;

v Loraj posib sou litoral la ak nan laj

v Lanmè a ajite;

v N'ap mande kapitèn ti bato yo, pou yo pran prekosyon nan lanmè a.


Aucun commentaire: