vendredi 21 août 2009

Bilten Meteyo Vandredi 21 Dawou 09

                            Bilten Meteyo Vandredi 21 Dawou 09

Pou rive jouk 23 Dawou 09

 

 

SITIYASYON SINOPTIK NAN KARAYIB LA  AK SOU ATLANTIK LA

 

  • Ouwagan <<Bill>> ki nan kategori 3 nan nechèl 'Saffir-simpson nan, kontinye ap deplase  sou Atlantik Nò a, plis pase 1200 kilomèt Nòdès  Okap. Li pase lwen tout rejyon Karayibeyèn nan sitou  peyi d'Ayiti.
  • Yon ond tropikal ap avanse sou Ti Zanti yo maten an. Li kapab travèse peyi d'Ayiti dimanch nan aswè.

 

  

PREVIZYON POU AYITI

 

- Tan an gen solèy ak kèk nyaj  maten an;

- Ap gen nyaj k'ap pase nan syèl la tanzantan  nan aprè midi ak nan kòmansman lannwit lan;

- Tanperati a ap bon  pandan lannwit lan; 

- Lapli ak loraj toujou posib aswè a sitou nan depatman  Nòdès, Sant, Lwès, Sidès, Sid ak Nip.

 

 

   PREVIZYON POU PÒTOPRENS AK LÒT ZÒN KI BÒ KOTE'L YO

 

-   Tan an gen solèy ak kèk nyaj maten an;

-    Ap gen nyaj  tanzantan nan fen jounen an ak nan kòmansman lannwit lan;

-    Pi wo tanperati a ap rive pou jodia se 34°C , pi ba l'ap desan'n se 24°C;

-         Gen chans pou gen lapli ak loraj aswè a.       


Leve ak kouche solèy pou pòtoprens

 

Jodia           21  Dawou           leve  :  05 è 33 mn             kouche :06 è 12mn

Samdi         22  Dawou           leve :   05 è 33 mn             kouche :06 è 11 mn      Dimanch     23  Dawou           leve :   05 è 33 mn             kouche :06 è 10 mn

                   

                                    

Previzyon pou Lanmè a

Vandredi 21 Dawou  pou rive 22 Dawou 09

 

Zòn kotyè Nò

 Vandredi & Samdi

 

*     Van an ap soufle nan sektè Nòdès - Lès : 15 - 20 ne;

*      Vag yo ap monte 8 – 12  pye;

*     Mitan lanmè a ajite;

*     N'ap mande vwalye yo, pou yo pa rantre  nan mitan  lanmè a, jouk  rive samdi nan aswè.

 

Gòlf Lagonav

 Vandredi & Samdi


*     Van an ap soufle nan sektè  Lès - Sidès : 15 - 20 ne;

*     Vag yo ap monte : 6 pye;

*     Lanmè a  yon ti jan ajite;

 

Zòn kotyè Sid

Vandredi & Samdi


*    Van  an ap soufle nan sektè  Lès - Sidès  : 15 -20 ne;

*     Vag yo ap monte :  6 pye jodia, men y'ap ogmante 9 pye samdi;

*    Lanmè a  yon ti jan ajite;


Aucun commentaire: