dimanche 1 mai 2011

Combien y a t-il de Fanmi Lavalas après le retour de Jean-Bertrand Aristide? Ci-jointe une note de presse du parti qui cherche à politiser une affaire civile opposant les familles Bell et Péan.

Combien y a t-il de Fanmi Lavalas? : Lisez ici une note de presse qui cherche a politiser une affaire civile opposant les familles Bell et Péan --- Une perversion du Parti Fanmi Lavalas qu'on croyait unifier avec le retour de son Leader National Jean-Bertrand Aristide.

Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti

---------------
"Ne doutez jamais qu'un petit nombre de citoyens volontaires et réfléchis peut changer le monde. En fait, cela se passe toujours ainsi"
Margaret Mead (1901-1978)


From: <info@fanmilavalas.net>
Sender: tout-haiti@googlegroups.com
Date: Sun, 01 May 2011 12:25:43 -0700
To: <info@fanmilavalas.net>
ReplyTo: tout-haiti@googlegroups.com
Subject: [Tout-Haiti] MIZOPWEN AK YON NÒT POU LAPRÈS

 

dimanche 1 mai 2011

MIZOPWEN AK YON NÒT POU LAPRÈS

Prince Osias, se yon komisè gouvènman tèt chofe kap fè gagòt. Li an menm tan avoka nan yon dosye epi lap aji kòm komisè gouvènman nan yon dosye ki deja nan koudapèl.

Sepandan yo fe izaj fo dokiman yo kwè yo ka arete yo pou sa. Sepandan sa ki pi bèl se yon reyaksyon sanzatann popilasyon an bay, nan 15 minit dè milye de moun gen tan mobilize pou bloke tren entimidasyon an.
komisè Osias pa respekte desizyon lajistis, le 28 Avril li voye arete moun ki rete sou pwopriyete ya, jij la libere moun yo paske li di se yon dosye ki deja lajistis,

a//////b...

Militan Fanmi Lavalas nan kat kwen peyi Dayiti lonè, respè chapo ba pou nou tout. Yon militan Lavalas se yon patriyòt, yon bon Lavalas se yon bon Patriyòt. Nou gen Dis Lane nap goumen san rete kont zak abitrè, kont enjistis ak tout fòm eksklizyon.

Lè nou gade sa kap pase nan Lajistis Okap nou pa ka pa rele anmwe. Vil okap pa ka gen yon komisè gouvènman kap menase, kap mande arestasyon Batonnier de l'Ordre des Avocats, Kap voye UDMO fè zak entimidasyon, kraze brize, arete yon ansyen senatèd la repiblik, ak yon ansyen direktè jeneral

Nou pa konprann kouman yon komisè gouvènman fè an menm tan avoka nan yon dosye epi se li ankò kap itilize la fòs pou fè tèt li jistis.

Nou aprann nan Mòn Wouj peyizan yo viktim nan yon konfli tè kote Prince Cherimond Ozias aji an menm tan kòm avoka e kom komisè gouvenman pou mete peyizan deyò, kraze kay ak jaden yo pou bay pwòp tet li jistis.

Sa rele vyolasyon dwa moun, sa rele abi pouvwa. Nou konsidere sa ki pase vandredi 29 Avril la kòm yon zak entimidasyon pou fè militan Lavalas yo konprann ke fòs fè nwa yo pa demobilize yo la pou yo toujou fè represyon.

Sa se abitrè ak vagabondaj ke komisè Prince Osias voye UDMO sou yon pwopriyete ki posede depi 15 lane anviwon. Poukisa se pa tribinal ki rezoud kesyon an olye se zam fann fwa, sa vle di komisè sa a plis kwè zam ak entimidasyon se lajistis ak lalwa.

Poukisa Komisè prince pa aji selon bon sans ak la rezon olye se yon lwa makanda kap fè li arete moun san manda. ?

Nou goumen pou retou prezidan Aristid pandan 7 lane, nap kontinye goumen kont tout fòm enjistis.

Lè pèp la sanzatann, san preparasyon bay yon repons kòrèk pou bloke tren entimidasyon Prince la, sa montre ke flanm mobilizasyon an pa janm tenyen.

Nou bat bravo pou baz Lavalas yo ak tout lòt militan yo pou solidarite yo. Nou di yo mèsi anpil, lè youn blese se san nou tout ki koule, lè youn nan nou gen lafyèv se kò nou tout ki cho.

An nou soufle flanm mobilizasyon an pou nou bloke lòt konplo ki dèyè. Nou fin goumen pou retou, nap kontinye goumen pou solidarite youn ak lòt.

Konsa nou pwoteste ak tout fòs nou kont zak abitrè komisè Prince yo, e nou mande pou Gouvènman Preval Belrive la tou ale avèl.

Yon sèl nou fèb, ansanm nou fò, ansanm ansanm nou se Lavalas


Komite Fanmi Lavalas Odikap Komite Fanmi Lavalas Petitans
Komite Fanmi Lavalas Bandinò Fanmi Lavalas Pòmago
Fanmi Lavalas Plèndinò Fanmi Lavalas Piyon



 
YON SÈL NOU FÈB, ANSANM NOU FÒ, ANSANM, ANSANM NOU SE LAVALAS.
www.fanmilavalas.net 312-735-6297
PO BOX 2252 FORT PIERCE, FLORIDA 34954

Aucun commentaire: