mercredi 10 avril 2019

Petrocaribe - Haiti : Deux éléments dans l’ordonnance du juge Ramoncite ACCIME attirent l’attention du citoyen avisé :

Deux éléments dans l’ordonnance du juge Ramoncite ACCIME attirent l’attention du citoyen avisé :


1- La même erreur que les Sénateurs Youri/Beauplan, à savoir, inculper un mort… M. Lionel Granpierre;

2- Seules les compagnies de lampadaires sont visées, une étrange manoeuvre consistant à écarter les grosses compagnies et de cibler le président de la République Jovenel Moise. 


Bagay sa mande swiv de prè !!! Paske si yon pwofesè bay fè yon devwa, epi li wè menm fot yo nan kopi plizyè elèv, li ka fasilman panse ke yo kopye; gen yon ki dikte lòt ki sa pou yo ekri…


https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1110994221023051776
——————
Gen yon sitwayen di’m sepa yon sèl mò ki gen nan dosye jij la. Mesye Michel Content mouri mwa novanm 2018. Anpil moun ap poze tèt yo kesyon kòman Pakè-a fè transfere yon rekizitwa bay jij la ak non moun mouri ladan’l, san li pa verifye. Sitwayen sa yo sete kad tout moun konnen.

Malgre tou, #LeReCit trè konfòtab ak wout jij enstriksyon an ap pran la. UCREF, ULCC, se revandikasyon nou pou swiv wout lajan an pase epi evite yo bay lòt moun pote chay. Sèlman, nou vijilan. Yo pap bannou ankèt sèlman sou ti lampadè epi retire konpayi #REPSA 
@LatortueYouri 

Pou moun ki blye, nap fè sonje se #LeReCit kite piblye lis konpayi ki resevwa kòb #Petrocaribe ak lis kont labank konpayi sa yo. Ocnam Claméus pedi djòb li pou sa.
An bon lojik, desizyon jij Ramoncite ACCIME pou mande UCREF ak ULCC ankete sou wout kòb la, rantre nan apwòch nou.

Sèl yon bonjan ankèt sou wout kòb #Petrocaribea kap fini ak pil yo di, akizasyon manti, sispisyon sou moun serye, epi devwale chat mimi kap pran pòz yo ka veye bè. 
Men, nap rete vilijan! Ankèt ULCC UCREF dwe fèt sou tout moun, sou tout konpayi...pa sèlman sou ti konpayi lanpadè!

#LeReCit

https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1111054269577396224?s=21

Aucun commentaire: