mercredi 10 avril 2019

Refleksyon sou echèk “Lock peyi” 29 mas 2019 la.- #LeReCit

Mwen wè yon mesaj chaje dafè Haiti nan Washington kap demanti akizasyon vyolasyon dwa moun an #Haiti.

Bon! Si w gen yon gouvènman ki refize denonse konpòtman vyolans opozisyon kap itilize zam, planifye asasinen prezidan Jovenel, fè menas ak entimidasyon, se nòmal pou advèse pouvwa sa akize li. Se tankou yon match football, si w pa atake ekip ki anfas w, lap atake’w san rete jiskaske w pran gòl.

#LeReCit pap pale de bagay sa ankò, paske pouvwa #TetKale sa yo chaje moun 5e kolòn kap pran pòz konseye, tandiske vrè djòb yo se pyeje pouvwa nan enterè boujwa ipokrit kap pran pòz yo zanmi prezidan.

Bò kote pa nou..., nap toujou denonse jiskaske Washington manje extremis yo.

Paske 3/4 ti boujwa sa yo kap finanse vyolans ak koudeta konnen trè byen depi w kanpe anfas politik Etazini, sitou anfas konseye sekirite nasyonal ki nan Mezon Blanch lan, w ka chaje pwoblèm.

John Bolton ki se konseye prezidan Donald Trump paka defini yon politik epi pou ti boujwa salòp ak blakawout panse yo ka bloke li nan finanse extremis ak teroris an Haiti. Sa pa posib! Se paske Palè Nasyonal refize jwe ak posibilite diplomatik yo ki fè gen tout dilatwa sa yo.

Sa w dwe konnen, sèke Konseye Sekirite nan Mezon Blanch se reskonsab tout ògan politik etranjè espesyal oubyen sekrèt Etazini ki vle di, enstitisyon tankou CIA, Fòs espesyal, yo tout ap travay anba sipèvizyon li.

Se pou rezon sa, nan kominikasyon #LeReCit, nou toujou mande sanksyon kont tout moun kap finanse vyolans an #Haiti. Paske nou konnen Mezon Blanch ak John Bolton gen mwayen pou verifye sous vyolans epi pran sanksyon kont boujwa kriminèl kap chache simen latwoublay an Haiti.

Nou pa wè kòman nan dat 29 mas la, #LeReCit pat poste anyen! Se gabèl nou te ba yo pou yo te finanse vyolans an #Haiti, kanpe anfas Politik John Bolton, Mezon blanch epi pou yo manje yo.

Fòk nou di tou, anakopopilis pagen bagay lach konsa. Pou yo fè vyolans, fòk yo gen garanti Lapolis ap kite yo fè sa yo vle san reyaji… Ak nouvo Premye Minis a.i. sa ki la, non sèlman primati pap bay yo lajan pou lock peyi-a, men tou PNH pagen kouvèti lòd Chèf CSPN pou’l chita gade yo kap kraze brize.

Paske, li klè ke pèp la kapab gen revandikasyon li, kapab toujou gen revandikasyo popilè...lè sa pagen pwoblèm, gouvènman an dwe aji vit…. men lè w gen mouvman vyolans ke lajan ap finanse, sa se yon lòt koze. Depi manèv vyolans sa kont politik jeyopolitik Washington, lap manje yo tankou kann, sitou si li di’w non.

Al mande mesye FRAH yo ak ansyen militè FADH yo… ya di’w. Blan an te mèt konn itilize’w nan tan pase, depi politik li chanje, li di’w sispann, se sispann.

Dayè, tout boujwa sa yo ki cho devan bann nan, yo renmen vwayaje USA, fòk madanm yo ak pitit yo al shopping Miami lè week-end , yo chaje lajan nan bank USA, yo chaje byen nan peyi USA, yo gen anpil patnè USA, yo gen kat de kredi, yo fè tranzaksyon an dola US, yo paka viv san USA.

Fè yon ti vwayaje yon vandredi aprèmidi pou’w wè kantite moun sa yo kap voyaje pou al pase week-end Florida.

Epi tou, yon bann nan yo gen orijin ak koneksyon nan peyi Arab yo, nan yon moman kote sevis ransèyman Etazini ap veye epi denonse aktivite Hezbollah nan zòn nan… LaRisi trè aktif, Venezuela trè enflyan nan peyi Syri ak anpil koneksyon ak Siryen ki nan diaspora oubyen andedan peyi Syri.

Daprè sa mwen tande, gen zòt ki cho nan koze finanse mouvman vyolans nan peyi-a, se pwomotè komès ak “la Chine kominis” yo ye. Aloske Washington di li klèman : fòk li repouse enflyans Chinwa yo nan zòn nan. Konseye Sekirite nasyonal John Bolton trè enplike nan politik sa... Genyen tou Elliott Abrams ki se zèl di ke yo fenk nome nan Depatman Leta Ameriken ki pa konn jwe.

Al fè rechèch sou moun sa yo pou’w gen yon lide de ki sa yo te fè deja ak kisa yo konn fè. W paka ap fè politik san w pa konn moun.

Kidonk, si w wè nèg yo panse yo ka fè sa yo vle nan peyi-a, se paske yo gen moun nan pòs kle adedan Palè Nasyonal, Ministè lajistis oubyen nan Ministè Afè Etranjè pou paralize reyaksyon pouvwa a…
- anpeche rapò serye fèt sou zak vyolans yo,
- anpeche gouvènman an denonse konpòtman antidemokratik opozisyon an,
- anpeche gouvènman an mande UCREF fè rapò sou mouvman lajan chak fwa manifestasyon vyolans pral fèt,
- anpeche lajistis mande otopsi kadav ki pran bal pou detèmine endis ak prèv,
- anpeche pouvwa sa envite anketè ki nan Anbasad Meriken oubyen MINUJUSTH asiste ankèt sa yo, se dekwa pou yo ka mete’l nan rapò yap voye aletranje,
- epi, anpeche pouvwa sa soumèt rapò sa yo tout kote nan nivo nasyonal ak entènasyonal.

Apre sa, chak fwa reprezantan pouvwa sa ap pran lapawòl nan Tribin nasyonal ak entènasyonal yo ta dwe toujou raple egzistan rapò sa yo epi kondane konpòtman vyolans opozisyon radikal ki refize respekte jwèt demokrasi ak tout moun kap finanse vyolans kont popilasyon an.

Ak sa nou di la yo... lapè!

Ap toujou gen mouvman pèp ki chita sou revandikasyon lejitim sosyal ak ekonomik... Men zafè ti boujwa chita ap planifye vyolans lan, sa ap fini.

Kòm nou menm nan #LeReCit nou konsyan de wòl nou kòm jounalis lib, nan yon mond kote kominikasyon evolye tèlman ke li libere moun ki kapab eksprime yo, jiskaske tout gwo stratèj militè rekonèt ke se yon gwo zam “asymetrik” ki ka ede w genyen oubyen pedi yon batay….., pandan espyon yo ap pyeje prezidan an, oubyen pandan yon seri reskonsab nan leta ap ranse betize, nap kontinye pyeje advèsè yo jiskaske yo konprann ke se sèl respekte jwèt demokrasi ki yon garanti pou yo.

Gen yon konsansis nan nivo entènasyonal ak tout demokrat entènasyonal ki vle se nan eleksyon pou tout diskisyon politik tranche an #Haiti.

Pa pèdi tan nan pale anpil, mande dyalòg pou voye prezidan ale. Momenntòm lan se eleksyon nan fen ane 2019 la; …pawòl dyalòg se fè tan pase jiskaske eleksyon rive. Lè sa, na wè ki moun ki pral kapab bloke eleksyon sa.

Nou konstate ke anpil moun ap itilize sak te pase 2004 pou jistifye demand demisyon Prezidan Jovenel. Anpil moun kap fè politik pral di’w “yo te bloke eleksyon sou Martelly nan lane 2016”. Ebyen, politik pa fèt san analiz evolisyon sitiyasyon andedan tankou deyò peyi-a.

Nan lane 2004, pouvwa Aristide la te konteste nan nivo nasyonal tankou entènasyonal, anpil rapò te pale de frod elektoral..., Aristide te rive rete sou pouvwa gras ak yon akò ke peyi CARICOM yo te prezante bay OEA nan Somè kite fèt Canada an 2001. Lè sa George Bush te dakò si Aristide poze yon seri zak ouvèti ak apèzman.

- Ebyen, lè Aristide tounen sot Canada, nan ayewopò a, li di : “Zero + Zero = Zero bare” yon fason pou pase opozisyon an anba betiz.
Olye li aplike akò a, nan dat 17 desanm, li boule lokal Pati Politik Opozisyon ak kay dirijan Pati politik ak lidè politik,
- san konte asasina Jean Dominique, gang kap touye moun tout kote, politik dwòg..(12% tout dwòg kap rantre Etazini te pase pa Haiti)..., eskwokri kowoperativ pou vole lajan moun nan klas mwayèn... elatriye.
Nou oblije raple bagay sa yo pou jenn ki pat viv sitiyasyon politik sa yo…

Aktyèlman, manda prezidan Jovenel Moise pa konteste nan nivo entènasyonal; menm nan nivo nasyonal, rezilta tout verifikasyon yo te montre li genyen eleksyon yo, — sak pi grav la : depi premye tou…. Al gade rapò KEP, “OEA”, “Union Europeenne”, “MINUSTAH”, Anbasad Etazini, elatriye.

Jodia, fokon yo retounen nan karyaib la. Yo ap kite Irak, Afganistan ak peyi Siri. Se sak fè yo pi aktif nan karayib ak merik la. Nan sans sa, lejitimite elektoral se yon zam politik entènasyonal ke peyi Etazini ap itilize kont Maduro ak lòt lenmi ke li bezwen afebli.

Yo pap kite okenn moun nan peyi d’#Haiti vin bloke eleksyon 2019 yo. Si pouvwa sa byen jwe pou kontradiksyon entènasyonal ak jeyopolitik yo, pagen rezon pou’l pè. Na gen pou’n di Cyrus te di sa…

Konsèy #LeReCit ap bay tout jenn lidè nan kat kwen peyi-a : Prepare nou pou eleksyon. Nou di jenn lidè, paske ansyen lidè yo pap viv nan sikonskripsyon ankò…yo chita kapital nan reyinyon ap bwase milyon, fè kòb nan bloke peyi, nan lock peyi… Kite mele yo si komin kote wap viv la gen pwoblèm dlo, manje, sekirite, jistis, sante, transpò, elatriye?
Anpil nan ansyen politisyen yo te nan pouvwa deja, yo gen anpil rezèv…oubyen yap fè lajan nan opozisyon, yo gen dwa pa sou ale nan eleksyon. Kòm ansyen lidè, bilan anpil nan yo pa bon tou…pagen mwayen pou moun sa yo parèt devan pèp la….

Kidonk, se jenn lidè yo ki dwe asire relèv la. Eleksyon yo ap fèt !!! Si w koute ansyen lidè yo w pap prepare….w riske rete nan opozisyon radote nan radyo jiskobou, menmjan ak yo !


Cyrus Sinert
#LeReCit @reseaucitadelle
reseaucitadelle@yahoo.fr

https://www.facebook.com/LeRecitHaiti/photos/a.10153417078189478/10158496806274478/

Aucun commentaire: