samedi 17 juillet 2021

Ankèt sou Léon Charles #2.- #LeReCit ap #VeyeLeon !

Badio tap travay ak Eucher Joseph nan aewopò Port-au-Prince. Eucher, kiyes ki mete’l direkteur Jeneral aewopò? Se Beauplan.

Badio sete Chofè Anacasis. Badio te vole 300,000 goud Anacasis pou rezon sa ANA kanpe Badio depi 1 an. Donk, Anacasis te fache ak Badio. Badio pase tout tan li ak Paul Denis. J3 (John Joel Joseph) se Badio kite responsab kanpay li ak Dimitri. Badio te nan kabinè Paul Denis. Se la lite kolabore ak Léon Charles ki tap travay nan intelijans pou ministè lajistis sou Paul Denis. Se Badio ki fè lwe machin pou mesenè yo depi 21 jen 2021 epi voye al pran yo. Se 2 machin sa yo ki boule lè pèp la tap kouri deyè mesenè yo. Badio se INITE. John Joel Joseph se INITE Paul Denis se INITE Ariel Henry se INITE Konseye Ariel se senatè INITE Saurel Yacinthe Badio te lwe yon kay anfas kay prezidan Jovenel. Kidonk se nan kay sa misye fè tout misyon rekonesans pou konnen kilè Jovenel la, konbyen polisye ki la, elatriye. Leon Charles konnen Badio trè byen. Lite kolabore avè’l nan Kabinè Paul Denis nan Ministè lajistis. Jacky Nau ki se tet kale woz, Gilbert Dragon kise tèt kale woz, gen yon konpayi sekirite ak Covington (Papa). Alòs gen 2 branch konpayi Covington. Yonn pou pitit, lòt la pou papa-a. Jacky Nau ak Gilbert Dragon se ansyen komisè polis ki fòme nan peyi Equateur. Sou pwen sa, tout ofisye polis ak lame ki fòme an amerik Latin gen gwo malè pandye sou karyè yo an Haiti. Paske yo enplike nan twòp scandal kowipsyon, dwòg, asasina e jodia se asasina prezidan. Nap retounen sou sa. Yo jwenn gwo zam kay Gilbert Dragon : M4, grenad. men yo pa twouve misye. Gilbert Dragon se zanmi Dimitri Herard nan Petion-ville. Dòdòf Gaar se frè Raphael Gaar ki se yon komèsan kap achte revann poul. Yo te arete Dòdòf pou dwòg, misye pagen lajan, se frè li Raphael Gaar ki pèmet li viv. Kidonk, pou mennen gwo operasyon sa fòk Dòdòf jwenn milyon yon kote. Frè misye kapab ede’l manje men sa pa vle di lap finanse gwosè operasyon sa. Dòdòf se patnè gwo baron Tetkale nan Petion-ville. Toutan yo ansanm ap fimen gwo siga. Fòk nou veye branch INITE/Preval ak TET KALE. Sitou konpòtman Pati PHTK ak deklarasyon ti granmoun yo rele Liné Blatazar a. Sa mande yon ankèt apwofondi sou branch TETKALE. Aktyèlman gen yon panik nan 2 kan sa yo. Tet nèg Préval yo cho. Fòk pèp la veye Léon Charles kise yon ansyen manb OPL ki trè pwòch de Paul Denis kise dirijan INITE. Depi yon bagay gen John Joel Joseph landan’l, René Momplaisir, Don Kato ak Dimitri pa lwen. Jodi-a sèvo Doktè Ariel Henry se Paul Denis (INITE), Senatè Saurel Yacinthe (INITE). Joseph Lambert se ansyen kowodonatè (INITE). Kidonk, bagay yo pagen pale anpil fransè. Prezidan Jovenel paka mouri pou ryen. Remet pouvwa bay INITE se ede nèg yo bloke ankèt la. Menm lè yon moun ka gen respè pou Senatè Lambert, li klè ke li menm se ansyen kowodonatè INITE. Kidonk, menm si politikman li te kite INITE, anpil moun ki enplike nan asassina prezidan Jovenel se kontak sosyal Lambert. Se pa nan mitan ankèt la pou nou chanje gouvènman. Tout pwoblèm nèg yo ak Claude Joseph, se paske li kouri mande ankèt entènasyonal ki mennen FBI ak Homeland Security nan dosye a. Paske, espwa yo sete kache fèy kouri sa ak yon ti ankèt lokal. Apre sa nou konnen koman bagay yo fèt an Haiti, w tap tande yo kase Pakè, yo vole prèv yo, prizon kase prizonye ale. Apre sa Léon Charles tap vin di’w li mete AVIS DE RECHERCHE, mete polisye an izolman. Pran tout moun pou egare. Nap veye Léon Charles! E sou pwen sa nap di : Chanjman ki fèt nan USGPN sans CSPN pa okouwan sanble yon “mise en place” pou fasilite denye faz koudeta a, ki vle di pèmèt enstalasyon nan Palè? PM Claude Joseph an danje nan mitan moun sa yo. Misye dwe pran dispozisyon pou fè eleksyon rapid ak moun ki vle, ak kandida ki vle. Nou pa dwe kite “ti granmoun” yo ak dilè dwòg yo bloke jenn kandida, jenn lidè ki vle ale nan eleksyon. Nap di PM Claude ke demi mezi se kòz lanmò yon bann moun an Haiti. Pagen demi mezi. Sa kap pase la se yon trajedi istorik ki depase fanmi Jovenel, ki depase Madanm Jovenel. Nou nan yon etap istorik avan Haiti rantre nan modènite ak stabilite. Kouraj nou ap fè diferans lan. Fòk Haiti Librere! #LeReCit ap #veyeLeon https://twitter.com/reseaucitadelle/status/1415395520185569290?s=20

Aucun commentaire: