vendredi 3 février 2012

DOSYE DUVALIER ak DESTITISYON DU PREZIDAN MARTELLY --- Yon refleksyon sou konjonkti a, nan lang kreyol (Texte de Cyrus Sibert)

A la pay! Palman ayisyen an obsede pa yon keksyon DESTITISYON. Ti krik ti krak yap pale de mezi extrèm. Yo fè kòmsi se yo kite bay prezidan an pouvwa.

Gen nèg manda yo fini kap anonse yo pral jete Garry Conille, yo pral rive Premye Minis, epi yo pral jete Prezidan Martelly pou yo vini prezidan. Se sa ki fè y'ap mande pibliye Amandman malatchyonn konstitisyon 1987 la. Y'ap chache mete yon rejim politik pou yo ka rive Prezidan san vòt popilè (Suffrage Universel)

Menm jan militè Dayiti pa t'ka prevwa danje demobilizasyon lame nan zafe jete Prezidan Aristide, lajan sal, koripsyon ak dwòg fè palmantè yo paka wè ke, foli sa ka mete peyi a tèt anba. Yo ka mete tèt yo nan ensekirite.

Yon bann ti pedan kap chèche relasyon, entelektyèl ògèye, egoyis, ap kore pwojè Destitisyon san gade avni peyi a.

Zòt pran pòz se paske yo "anti-Duvalieriste" ki fè y'ap kore pwojè koudeta enstabilite a. Yap fè je chèch pou yo pa rekonèt fòt yo, paske pandan 25 lane yo pase sou pouvwa, paguen refòm la jistis, yo pa modènize kòd penal epi retire preskripsyon pou krim kont limanite. Menm lè nou respekte tout moun ki viktim, paske se sèl yon viktim kap toujou konnen sal te sibi, mwen panse ke pèsonn paka bay Prezidan Michel Martelly responsab. Paka guen jijman politik nan yon demokrasi. Yo paka mande Palè nasyonal dikte sa ki pou fèt nan dosye lajistis.

Menm jan nasyonzini respekte jistis Etazini, jistis La Chine ak Iran, kote yo aplike pènn lanmò, fòk yo respekte desizyon jij ayisyen tou. Si gen pwoblèm se yon lòt tribinal ki pou kase desizyon an, swivan sa la lwa peyi dayiti di. Deklarasyon injerans pap ranfòse lajitis ni Eta de dwa.

Nèg ka pale DESTITISYON yo panse pèp la pap reyaji, yap chache gè sivil.

Yo tèlman pale destitisyon, si Prezidan ta fè yon aksidan, tout moun ap akize yo, epi peyi a ap tèt anba. Yo ka pa menm ka kite potoprens.

Pouki sa yo pa gade enterè peyi, la pè ak mizè pèp la?

Nap raple se yon aksidan kite deklanche vyolans nan peyi Rwanda.

Cyrus Sibert, Cap-Haitien, Haiti
Envoyé par mon BlackBerry
---------------
"Ne doutez jamais qu'un petit nombre de citoyens volontaires et réfléchis peut changer le monde. En fait, cela se passe toujours ainsi" Margaret Mead (1901-1978)

Aucun commentaire: